Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 106  

1 Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p’ap janm sispann renmen nou.
Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li?
Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l’ fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!
Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m’. Pa bliye m’, lè w’ap vin delivre yo.
Konsa, m’a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M’a fè kè m’ kontan ansanm ak pèp ou a. M’a pran plezi m’ ansanm ak moun ki pou ou yo.
 Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.
Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t’ konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.
Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l’ moutre jan li gen pouvwa.
Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè.
10 Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo.
11 Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape.
12 Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l’ te di a, yo chante pou fè lwanj li.
13  Men, lamenm, yo bliye sa l’ te fè pou yo. Yo pa t’ tann li fin fè pou yo sa l’ te gen nan lide l’.
14 Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t’ap gade ki bò Bondye ye ak yo.
15 Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l’ la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo.
16 Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a.
17 Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo.
18 Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo.
19 Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a.
20 Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb.
21 Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip,
22 mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la.
23 Se konsa Bondye di l’ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l’ pou l’ pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
24 Yo pa t’ vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t’ kwè pawòl Bondye.
25 Yo rete anba tant yo, y’ap bougonnen. Yo pa t’ vle koute Seyè a.
26 Lè sa a, Seyè a leve men l’, li sèmante l’ap fè yo peri nan dezè a.
27 L’ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l’ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.
28 Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y’ al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.
29 Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t’ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo.
30 Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri.
31 Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.
32 Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.
33 Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t’ gen dwa fè.
34  Yo pa t’ detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a.
35 Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.
36 Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo.
37 Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.
38 Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.
39 Avèk sa yo t’ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.
40 Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.
41 Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.
42 Lènmi yo t’ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo.
43 Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche.
44 Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y’ap rele.
45 Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.
46 Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.
47 Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n’ap fè lwanj ou.
48 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 106

1 Louez l’Éternel! Louez l’Éternel, car il est bon, Car sa miséricorde dure à toujours!
Qui dira les hauts faits de l’Éternel? Qui publiera toute sa louange?
Heureux ceux qui observent la loi, Qui pratiquent la justice en tout temps!
Éternel, souviens-toi de moi dans ta bienveillance pour ton peuple! Souviens-toi de moi en lui accordant ton secours,
Afin que je voie le bonheur de tes élus, Que je me réjouisse de la joie de ton peuple, Et que je me glorifie avec ton héritage!
Nous avons péché comme nos pères, Nous avons commis l’iniquité, nous avons fait le mal.
Nos pères en Égypte ne furent pas attentifs à tes miracles, Ils ne se rappelèrent pas la multitude de tes grâces, Ils furent rebelles près de la mer, près de la mer Rouge.
Mais il les sauva à cause de son nom, Pour manifester sa puissance.
Il menaça la mer Rouge, et elle se dessécha; Et il les fit marcher à travers les abîmes comme dans un désert.
10 Il les sauva de la main de celui qui les haïssait, Il les délivra de la main de l’ennemi.
11 Les eaux couvrirent leurs adversaires: Il n’en resta pas un seul.
12 Et ils crurent à ses paroles, Ils chantèrent ses louanges.
13 Mais ils oublièrent bientôt ses oeuvres, Ils n’attendirent pas l’exécution de ses desseins.
14 Ils furent saisis de convoitise dans le désert, Et ils tentèrent Dieu dans la solitude.
15 Il leur accorda ce qu’ils demandaient; Puis il envoya le dépérissement dans leur corps.
16 Ils se montrèrent, dans le camp, jaloux contre Moïse, Contre Aaron, le saint de l’Éternel.
17 La terre s’ouvrit et engloutit Dathan, Et elle se referma sur la troupe d’Abiram;
18 Le feu embrasa leur troupe, La flamme consuma les méchants.
19 Ils firent un veau en Horeb, Ils se prosternèrent devant une image de fonte,
20 Ils échangèrent leur gloire Contre la figure d’un boeuf qui mange l’herbe.
21 Ils oublièrent Dieu, leur sauveur, Qui avait fait de grandes choses en Égypte,
22 Des miracles dans le pays de Cham, Des prodiges sur la mer Rouge.
23 Et il parla de les exterminer; Mais Moïse, son élu, se tint à la brèche devant lui, Pour détourner sa fureur et l’empêcher de les détruire.
24 Ils méprisèrent le pays des délices; Ils ne crurent pas à la parole de l’Éternel,
25 Ils murmurèrent dans leurs tentes, Ils n’obéirent point à sa voix.
26 Et il leva la main pour jurer De les faire tomber dans le désert,
27 De faire tomber leur postérité parmi les nations, Et de les disperser au milieu des pays.
28 Ils s’attachèrent à Baal Peor, Et mangèrent des victimes sacrifiées aux morts.
29 Ils irritèrent l’Éternel par leurs actions, Et une plaie fit irruption parmi eux.
30 Phinées se leva pour intervenir, Et la plaie s’arrêta;
31 Cela lui fut imputé à justice, De génération en génération pour toujours.
32 Ils irritèrent l’Éternel près des eaux de Meriba; Et Moïse fut puni à cause d’eux,
33 Car ils aigrirent son esprit, Et il s’exprima légèrement des lèvres.
34 Ils ne détruisirent point les peuples Que l’Éternel leur avait ordonné de détruire.
35 Ils se mêlèrent avec les nations, Et ils apprirent leurs oeuvres.
36 Ils servirent leurs idoles, Qui furent pour eux un piège;
37 Ils sacrifièrent leurs fils Et leurs filles aux idoles,
38 Ils répandirent le sang innocent, Le sang de leurs fils et de leurs filles, Qu’ils sacrifièrent aux idoles de Canaan, Et le pays fut profané par des meurtres.
39 Ils se souillèrent par leurs oeuvres, Ils se prostituèrent par leurs actions.
40 La colère de l’Éternel s’enflamma contre son peuple, Et il prit en horreur son héritage.
41 Il les livra entre les mains des nations; Ceux qui les haïssaient dominèrent sur eux;
42 Leurs ennemis les opprimèrent, Et ils furent humiliés sous leur puissance.
43 Plusieurs fois il les délivra; Mais ils se montrèrent rebelles dans leurs desseins, Et ils devinrent malheureux par leur iniquité.
44 Il vit leur détresse, Lorsqu’il entendit leurs supplications.
45 Il se souvint en leur faveur de son alliance;
46 Il eut pitié selon sa grande bonté, Et il excita pour eux la compassion De tous ceux qui les retenaient captifs.
47 Sauve-nous, Éternel, notre Dieu! Et rassemble-nous du milieu des nations, Afin que nous célébrions ton saint nom, Et que nous mettions notre gloire à te louer!
48 Béni soit l’Éternel, le Dieu d’Israël, d’éternité en éternité! Et que tout le peuple dise: Amen! Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 106 

1 Praise ye the Lord. O give thanks unto the Lord; for he is good: for his mercy endureth for ever.
Who can utter the mighty acts of the Lord? who can shew forth all his praise?
Blessed are they that keep judgment, and he that doeth righteousness at all times.
Remember me, O Lord, with the favour that thou bearest unto thy people: O visit me with thy salvation;
That I may see the good of thy chosen, that I may rejoice in the gladness of thy nation, that I may glory with thine inheritance.
We have sinned with our fathers, we have committed iniquity, we have done wickedly.
Our fathers understood not thy wonders in Egypt; they remembered not the multitude of thy mercies; but provoked him at the sea, even at the Red sea.
Nevertheless he saved them for his name’s sake, that he might make his mighty power to be known.
He rebuked the Red sea also, and it was dried up: so he led them through the depths, as through the wilderness.
10 And he saved them from the hand of him that hated them, and redeemed them from the hand of the enemy.
11 And the waters covered their enemies: there was not one of them left.
12 Then believed they his words; they sang his praise.
13 They soon forgat his works; they waited not for his counsel:
14 But lusted exceedingly in the wilderness, and tempted God in the desert.
15 And he gave them their request; but sent leanness into their soul.
16 They envied Moses also in the camp, and Aaron the saint of the Lord.
17 The earth opened and swallowed up Dathan and covered the company of Abiram.
18 And a fire was kindled in their company; the flame burned up the wicked.
19 They made a calf in Horeb, and worshipped the molten image.
20 Thus they changed their glory into the similitude of an ox that eateth grass.
21 They forgat God their saviour, which had done great things in Egypt;
22 Wondrous works in the land of Ham, and terrible things by the Red sea.
23 Therefore he said that he would destroy them, had not Moses his chosen stood before him in the breach, to turn away his wrath, lest he should destroy them.
24 Yea, they despised the pleasant land, they believed not his word:
25 But murmured in their tents, and hearkened not unto the voice of the Lord.
26 Therefore he lifted up his hand against them, to overthrow them in the wilderness:
27 To overthrow their seed also among the nations, and to scatter them in the lands.
28 They joined themselves also unto Baalpeor, and ate the sacrifices of the dead.
29 Thus they provoked him to anger with their inventions: and the plague brake in upon them.
30 Then stood up Phinehas, and executed judgment: and so the plague was stayed.
31 And that was counted unto him for righteousness unto all generations for evermore.
32 They angered him also at the waters of strife, so that it went ill with Moses for their sakes:
33 Because they provoked his spirit, so that he spake unadvisedly with his lips.
34 They did not destroy the nations, concerning whom the Lord commanded them:
35 But were mingled among the heathen, and learned their works.
36 And they served their idols: which were a snare unto them.
37 Yea, they sacrificed their sons and their daughters unto devils,
38 And shed innocent blood, even the blood of their sons and of their daughters, whom they sacrificed unto the idols of Canaan: and the land was polluted with blood.
39 Thus were they defiled with their own works, and went a whoring with their own inventions.
40 Therefore was the wrath of the Lord kindled against his people, insomuch that he abhorred his own inheritance.
41 And he gave them into the hand of the heathen; and they that hated them ruled over them.
42 Their enemies also oppressed them, and they were brought into subjection under their hand.
43 Many times did he deliver them; but they provoked him with their counsel, and were brought low for their iniquity.
44 Nevertheless he regarded their affliction, when he heard their cry:
45 And he remembered for them his covenant, and repented according to the multitude of his mercies.
46 He made them also to be pitied of all those that carried them captives.
47 Save us, O Lord our God, and gather us from among the heathen, to give thanks unto thy holy name, and to triumph in thy praise.
48 Blessed be the Lord God of Israel from everlasting to everlasting: and let all the people say, Amen. Praise ye the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}