Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 18   

1 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l’ konsa:
-Leve non! Desann kay bòs k’ap fè krich yo. Rive la, m’a ba ou yon mesaj.
Mwen desann vre kay bòs k’ap fè krich yo. Mwen wè msye t’ap bay yon krich fòm nan tou a.
Depi krich li t’ap fè a pa t’ soti byen, li kraze l’, li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l’ jan li te vle fè l’ la.
Lè sa a, Seyè a di m’ konsa:
-Nou menm pèp Izrayèl, èske mwen pa gen dwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k’ap fè krich la, tande!
Yon lè mwen pran desizyon pou m’ derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou m’ kraze l’, pou m’ detwi l’.
Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m’ap chanje lide, m’ p’ap fè l’ sa m’ te fè lide fè l’ la.
Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m’ leve yon nasyon osinon pou m’ fè gouvènman yon wa kanpe.
10 Men, si nasyon an fè sa ki pa fè m’ plezi, si li pa koute m’, mwen p’ap fè tout byen mwen te fè lide fè pou li a.
11  Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M’ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n’ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.
12 Y’ap reponn ou: Se tan ou w’ap pèdi! N’ap toujou kenbe tèt ak Bondye. N’ap toujou fè tout vye lide ki nan tèt nou.
13 Lè sa a, Seyè a di ankò: -Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade!
14 Eske ou janm wè pa gen lanèj sou wòch nan tèt mòn peyi Liban yo? Eske ou janm wè ti sous dlo fre k’ap desann soti nan mòn yo cheche?
15 Men, pèp mwen an bliye m’. Y’ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t’ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.
16 Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k’ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.
17 Se konsa mwen pral gaye yo devan lènmi yo, menm jan van lès gaye pousyè. M’ap vire do ba yo lè malè va tonbe sou yo. M’ p’ap okipe yo menm.
18  Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N’a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l’ anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l’ap di nou la a.
19 Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -O Seyè! Tande sa m’ap di ou. Koute sa moun ki pa vle wè m’ yo ap di sou mwen.
20 Lè yon moun fè ou byen, èske se mal pou ou fè li? Yo fouye yon twou pou fè m’ tonbe ladan l’. Chonje jan m’ te kanpe devan ou pou m’ te pale pou yo, pou m’ te mande ou pa fè kòlè sou yo.
21 Koulye a, Seyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè.
22 Y’ap rete konsa, w’ap voye yon bann piyajè sou yo. Lè sa a se va rèl nan tout kay yo. Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m’ tonbe ladan l’. Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen.
23 Men ou menm, Seyè, ou konnen tout konplo y’ap fè pou touye m’. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè la devan je ou. Lè ou an kòlè, regle yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 18

1 La parole qui fut adressée à Jérémie de la part de l’Éternel, en ces mots:
Lève-toi, et descends dans la maison du potier; Là, je te ferai entendre mes paroles.
Je descendis dans la maison du potier, Et voici, il travaillait sur un tour.
Le vase qu’il faisait ne réussit pas, Comme il arrive à l’argile dans la main du potier; Il en refit un autre vase, Tel qu’il trouva bon de le faire.
Et la parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Ne puis-je pas agir envers vous comme ce potier, maison d’Israël? Dit l’Éternel. Voici, comme l’argile est dans la main du potier, Ainsi vous êtes dans ma main, maison d’Israël!
Soudain je parle, sur une nation, sur un royaume, D’arracher, d’abattre et de détruire;
Mais si cette nation, sur laquelle j’ai parlé, revient de sa méchanceté, Je me repens du mal que j’avais pensé lui faire.
Et soudain je parle, sur une nation, sur un royaume, De bâtir et de planter;
10 Mais si cette nation fait ce qui est mal à mes yeux, Et n’écoute pas ma voix, Je me repens du bien que j’avais eu l’intention de lui faire.
11 Parle maintenant aux hommes de Juda et aux habitants de Jérusalem, et dis: Ainsi parle l’Éternel: Voici, je prépare contre vous un malheur, Je médite un projet contre vous. Revenez chacun de votre mauvaise voie, Réformez vos voies et vos oeuvres!
12 Mais ils disent: C’est en vain! Car nous suivrons nos pensées, Nous agirons chacun selon les penchants de notre mauvais coeur.
13 C’est pourquoi ainsi parle l’Éternel: Interrogez les nations! Qui a jamais entendu pareilles choses? La vierge d’Israël a commis d’horribles excès.
14 La neige du Liban abandonne-t-elle le rocher des champs? Ou voit-on tarir les eaux qui viennent de loin, fraîches et courantes?
15 Cependant mon peuple m’a oublié, il offre de l’encens à des idoles; Il a été conduit à chanceler dans ses voies, à quitter les anciens sentiers, Pour suivre des sentiers, des chemins non frayés.
16 Ils ont fait de leur pays, un objet de désolation, d’éternelle moquerie; Tous ceux qui y passent sont stupéfaits et secouent la tête.
17 Pareil au vent d’orient, je les disperserai devant l’ennemi; Je leur tournerai le dos, je ne les regarderai pas au jour de leur détresse.
18 Et ils ont dit: Venez, complotons contre Jérémie! Car la loi ne périra pas faute de sacrificateurs, Ni le conseil faute de sages, ni la parole faute de prophètes. Venez, tuons-le avec la langue; Ne prenons pas garde à tous ses discours!
19 Écoute-moi, Éternel! Et entends la voix de mes adversaires!
20 Le mal sera-t-il rendu pour le bien? Car ils ont creusé une fosse pour m’ôter la vie. Souviens-t’en, je me suis tenu devant toi, Afin de parler en leur faveur, Et de détourner d’eux ta colère.
21 C’est pourquoi livre leurs enfants à la famine, Précipite-les par le glaive; Que leurs femmes soient privées d’enfants et deviennent veuves, Et que leurs maris soient enlevés par la peste; Que leurs jeunes gens soient frappés par l’épée dans le combat!
22 Qu’on entende des cris sortir de leurs maisons, Quand soudain tu feras fondre sur eux des bandes armées! Car ils ont creusé une fosse pour me prendre, Ils ont tendu des filets sous mes pieds.
23 Et toi, Éternel, tu connais tous leurs complots pour me faire mourir; Ne pardonne pas leur iniquité, N’efface pas leur péché de devant toi! Qu’ils soient renversés en ta présence! Agis contre eux au temps de ta colère!

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 18 

1 The word which came to Jeremiah from the Lord, saying,
Arise, and go down to the potter’s house, and there I will cause thee to hear my words.
Then I went down to the potter’s house, and, behold, he wrought a work on the wheels.
And the vessel that he made of clay was marred in the hand of the potter: so he made it again another vessel, as seemed good to the potter to make it.
Then the word of the Lord came to me, saying,
O house of Israel, cannot I do with you as this potter? saith the Lord. Behold, as the clay is in the potter’s hand, so are ye in mine hand, O house of Israel.
At what instant I shall speak concerning a nation, and concerning a kingdom, to pluck up, and to pull down, and to destroy it;
If that nation, against whom I have pronounced, turn from their evil, I will repent of the evil that I thought to do unto them.
And at what instant I shall speak concerning a nation, and concerning a kingdom, to build and to plant it;
10 If it do evil in my sight, that it obey not my voice, then I will repent of the good, wherewith I said I would benefit them.
11 Now therefore go to, speak to the men of Judah, and to the inhabitants of Jerusalem, saying, Thus saith the Lord; Behold, I frame evil against you, and devise a device against you: return ye now every one from his evil way, and make your ways and your doings good.
12 And they said, There is no hope: but we will walk after our own devices, and we will every one do the imagination of his evil heart.
13 Therefore thus saith the Lord; Ask ye now among the heathen, who hath heard such things: the virgin of Israel hath done a very horrible thing.
14 Will a man leave the snow of Lebanon which cometh from the rock of the field? or shall the cold flowing waters that come from another place be forsaken?
15 Because my people hath forgotten me, they have burned incense to vanity, and they have caused them to stumble in their ways from the ancient paths, to walk in paths, in a way not cast up;
16 To make their land desolate, and a perpetual hissing; every one that passeth thereby shall be astonished, and wag his head.
17 I will scatter them as with an east wind before the enemy; I will shew them the back, and not the face, in the day of their calamity.
18 Then said they, Come and let us devise devices against Jeremiah; for the law shall not perish from the priest, nor counsel from the wise, nor the word from the prophet. Come, and let us smite him with the tongue, and let us not give heed to any of his words.
19 Give heed to me, O Lord, and hearken to the voice of them that contend with me.
20 Shall evil be recompensed for good? for they have digged a pit for my soul. Remember that I stood before thee to speak good for them, and to turn away thy wrath from them.
21 Therefore deliver up their children to the famine, and pour out their blood by the force of the sword; and let their wives be bereaved of their children, and be widows; and let their men be put to death; let their young men be slain by the sword in battle.
22 Let a cry be heard from their houses, when thou shalt bring a troop suddenly upon them: for they have digged a pit to take me, and hid snares for my feet.
23 Yet, Lord, thou knowest all their counsel against me to slay me: forgive not their iniquity, neither blot out their sin from thy sight, but let them be overthrown before thee; deal thus with them in the time of thine anger.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}