Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 13  

1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
-Mete yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y’ al atake pòtay lavil grannèg yo!
Se mwen menm, Seyè a, k’ap bay sèvitè m’ yo lòd! M’ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m’ yo ki gen kè kontan, k’ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k’ap fè m’ fè kòlè yo.
Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k’ap sanble. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k’ap fè enspeksyon lame li a anvan y’ al goumen.
Seyè a move, l’ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y’ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.
 Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l’ devaste tè a.
Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouraj, kè yo kase!
Y’ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y’ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y’a wont.
Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l’ap fè gwo kòlè, l’ap move anpil. L’ap fè tè a tounen yon dezè, l’ap disparèt dènye moun k’ap fè sa ki mal!
10 Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p’ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p’ap klere ankò.
11 Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y’ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k’ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k’ap peze moun anba pye yo.
12 Moun k’ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi.
13 Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m’a fè move san an, jou m’a fè gwo kòlè mwen an, m’ap fè syèl la tranble, m’ap fè tè a kite plas kote li ye a.
14 Lè sa a, moun lòt nasyon k’ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k’ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann.
15 Y’ap touye tout moun peyi a y’a kontre sou wout yo, y’ap kraze tout moun peyi a y’a bare sou chemen yo.
16 Y’ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y’ap piye kay yo, y’ap fè kadejak sou madanm yo.
17 Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo.
18 Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y’ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p’ap fè yo mal pou timoun piti.
19  Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y’ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m’ap kraze l’ tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.
20 Moun p’ap janm al rete la ankò. L’ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k’ap mache nan dezè yo p’ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p’ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
21 Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la otrich pral fè kay yo. Se la kabrit mawon pral danse kalenda.
22 Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l’ prèt pou bout.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 13

1 Oracle sur Babylone, révélé à Ésaïe, fils d’Amots.
Sur une montagne nue dressez une bannière, Élevez la voix vers eux, Faites des signes avec la main, Et qu’ils franchissent les portes des tyrans!
J’ai donné des ordres à ma sainte milice, J’ai appelé les héros de ma colère, Ceux qui se réjouissent de ma grandeur.
On entend une rumeur sur les montagnes, Comme celle d’un peuple nombreux; On entend un tumulte de royaumes, de nations rassemblées: L’Éternel des armées passe en revue l’armée qui va combattre.
Ils viennent d’un pays lointain, De l’extrémité des cieux: L’Éternel et les instruments de sa colère Vont détruire toute la contrée.
Gémissez, car le jour de l’Éternel est proche: Il vient comme un ravage du Tout Puissant.
C’est pourquoi toutes les mains s’affaiblissent, Et tout coeur d’homme est abattu.
Ils sont frappés d’épouvante; Les spasmes et les douleurs les saisissent; Ils se tordent comme une femme en travail; Ils se regardent les uns les autres avec stupeur; Leurs visages sont enflammés.
Voici, le jour de l’Éternel arrive, Jour cruel, jour de colère et d’ardente fureur, Qui réduira la terre en solitude, Et en exterminera les pécheurs.
10 Car les étoiles des cieux et leurs astres Ne feront plus briller leur lumière, Le soleil s’obscurcira dès son lever, Et la lune ne fera plus luire sa clarté.
11 Je punirai le monde pour sa malice, Et les méchants pour leurs iniquités; Je ferai cesser l’orgueil des hautains, Et j’abattrai l’arrogance des tyrans.
12 Je rendrai les hommes plus rares que l’or fin, Je les rendrai plus rares que l’or d’Ophir.
13 C’est pourquoi j’ébranlerai les cieux, Et la terre sera secouée sur sa base, Par la colère de l’Éternel des armées, Au jour de son ardente fureur.
14 Alors, comme une gazelle effarouchée, Comme un troupeau sans berger, Chacun se tournera vers son peuple, Chacun fuira vers son pays;
15 Tous ceux qu’on trouvera seront percés, Et tous ceux qu’on saisira tomberont par l’épée.
16 Leurs enfants seront écrasés sous leurs yeux, Leurs maisons seront pillées, et leurs femmes violées.
17 Voici, j’excite contre eux les Mèdes, Qui ne font point cas de l’argent, Et qui ne convoitent point l’or.
18 De leurs arcs ils abattront les jeunes gens, Et ils seront sans pitié pour le fruit des entrailles: Leur oeil n’épargnera point les enfants.
19 Et Babylone, l’ornement des royaumes, La fière parure des Chaldéens, Sera comme Sodome et Gomorrhe, que Dieu détruisit.
20 Elle ne sera plus jamais habitée, Elle ne sera plus jamais peuplée; L’Arabe n’y dressera point sa tente, Et les bergers n’y parqueront point leurs troupeaux.
21 Les animaux du désert y prendront leur gîte, Les hiboux rempliront ses maisons, Les autruches en feront leur demeure Et les boucs y sauteront.
22 Les chacals hurleront dans ses palais, Et les chiens sauvages dans ses maisons de plaisance. Son temps est près d’arriver, Et ses jours ne se prolongeront pas.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 13 

1 The burden of Babylon, which Isaiah the son of Amoz did see.
Lift ye up a banner upon the high mountain, exalt the voice unto them, shake the hand, that they may go into the gates of the nobles.
I have commanded my sanctified ones, I have also called my mighty ones for mine anger, even them that rejoice in my highness.
The noise of a multitude in the mountains, like as of a great people; a tumultuous noise of the kingdoms of nations gathered together: the Lord of hosts mustereth the host of the battle.
They come from a far country, from the end of heaven, even the Lord, and the weapons of his indignation, to destroy the whole land.
Howl ye; for the day of the Lord is at hand; it shall come as a destruction from the Almighty.
Therefore shall all hands be faint, and every man’s heart shall melt:
And they shall be afraid: pangs and sorrows shall take hold of them; they shall be in pain as a woman that travaileth: they shall be amazed one at another; their faces shall be as flames.
Behold, the day of the Lord cometh, cruel both with wrath and fierce anger, to lay the land desolate: and he shall destroy the sinners thereof out of it.
10 For the stars of heaven and the constellations thereof shall not give their light: the sun shall be darkened in his going forth, and the moon shall not cause her light to shine.
11 And I will punish the world for their evil, and the wicked for their iniquity; and I will cause the arrogancy of the proud to cease, and will lay low the haughtiness of the terrible.
12 I will make a man more precious than fine gold; even a man than the golden wedge of Ophir.
13 Therefore I will shake the heavens, and the earth shall remove out of her place, in the wrath of the Lord of hosts, and in the day of his fierce anger.
14 And it shall be as the chased roe, and as a sheep that no man taketh up: they shall every man turn to his own people, and flee every one into his own land.
15 Every one that is found shall be thrust through; and every one that is joined unto them shall fall by the sword.
16 Their children also shall be dashed to pieces before their eyes; their houses shall be spoiled, and their wives ravished.
17 Behold, I will stir up the Medes against them, which shall not regard silver; and as for gold, they shall not delight in it.
18 Their bows also shall dash the young men to pieces; and they shall have no pity on the fruit of the womb; their eyes shall not spare children.
19 And Babylon, the glory of kingdoms, the beauty of the Chaldees’ excellency, shall be as when God overthrew Sodom and Gomorrah.
20 It shall never be inhabited, neither shall it be dwelt in from generation to generation: neither shall the Arabian pitch tent there; neither shall the shepherds make their fold there.
21 But wild beasts of the desert shall lie there; and their houses shall be full of doleful creatures; and owls shall dwell there, and satyrs shall dance there.
22 And the wild beasts of the islands shall cry in their desolate houses, and dragons in their pleasant palaces: and her time is near to come, and her days shall not be prolonged.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}