Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 8   

1 Men sa Seyè a di ankò: -Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo.
Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t’ap sèvi, se sa yo t’ap swiv. Se sa yo t’ al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t’ap fè sèvis. Pesonn p’ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y’a tounen fimye atè a.
Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y’a règrèt yo pa t’ mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
 W’a di yo pou mwen men pawòl ki soti nan bouch Seyè a: Lè yon moun tonbe, èske li pa leve ankò? Lè yon moun pèdi chemen l’, èske li pa tounen kote l’ soti a?
Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
M’ pare zòrèy mwen pou m’ tande tout sa n’ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n’ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m’ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k’ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.
Ata zwezo yo rele sigòy yo konnen lè pou yo tounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv yo.
Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Seyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l’ di sa li pa di.
Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a?
10 Se poutèt sa m’ap pran madanm yo bay lòt moun. M’ap pran jaden yo bay moun k’ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
11 Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y’ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p’ap mache.
12 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m’a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa.
13  Mwen te soti pou m’ te ranmase pèp mwen an tankou moun k’ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l’, tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l’. Se poutèt sa m’ kite etranje pran peyi a nan men yo.
14 Pèp la menm ap di: -Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Seyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n’ mouri. Li ban nou pwazon pou n’ bwè, paske nou antò devan li.
15 Nou t’ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t’ap tann li vin geri nou, men se pè l’ap fè nou pè.
16 Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l’ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l’. L’ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo.
17 Seyè a di ankò: -Men m’ap lage sèpan dèyè nou, move sèpan nou p’ap ka chame. Y’ap mòde nou.
18 Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m’ ap fann!
19 Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m’ fache konsa? N’ap sèvi zidòl, n’ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.
20 Pèp la ap rele: -Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk koulye a!
21 Kè m’ ap fann lè m’ wè jan y’ap kraze pèp mwen an. M’ pa wè sa pou m’ fè ankò! M’ dekouraje nèt.
22 Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 8

1 En ce temps-là, dit l’Éternel, on tirera de leurs sépulcres les os des rois de Juda, les os de ses chefs, les os des sacrificateurs, les os des prophètes, et les os des habitants de Jérusalem.
On les étendra devant le soleil, devant la lune, et devant toute l’armée des cieux, qu’ils ont aimés, qu’ils ont servis, qu’ils ont suivis, qu’ils ont recherchés, et devant lesquels ils se sont prosternés; on ne les recueillera point, on ne les enterrera point, et ils seront comme du fumier sur la terre.
La mort sera préférable à la vie pour tous ceux qui resteront de cette race méchante, dans tous les lieux où je les aurai chassés, dit l’Éternel des armées.
Dis-leur: Ainsi parle l’Éternel: Est-ce que l’on tombe sans se relever? Ou se détourne-t-on sans revenir?
Pourquoi donc ce peuple de Jérusalem s’abandonne-t-il A de perpétuels égarements? Ils persistent dans la tromperie, Ils refusent de se convertir.
Je suis attentif, et j’écoute: Ils ne parlent pas comme ils devraient; Aucun ne se repent de sa méchanceté, Et ne dit: Qu’ai-je fait? Tous reprennent leur course, Comme un cheval qui s’élance au combat.
Même la cigogne connaît dans les cieux sa saison; La tourterelle, l’hirondelle et la grue Observent le temps de leur arrivée; Mais mon peuple ne connaît pas la loi de l’Éternel.
Comment pouvez-vous dire: Nous sommes sages, La loi de l’Éternel est avec nous? C’est bien en vain que s’est mise à l’oeuvre La plume mensongère des scribes.
Les sages sont confondus, Ils sont consternés, ils sont pris; Voici, ils ont méprisé la parole de l’Éternel, Et quelle sagesse ont-ils?
10 C’est pourquoi je donnerai leurs femmes à d’autres, Et leurs champs à ceux qui les déposséderont. Car depuis le plus petit jusqu’au plus grand, Tous sont avides de gain; Depuis le prophète jusqu’au sacrificateur, Tous usent de tromperie.
11 Ils pansent à la légère la plaie de la fille de mon peuple: Paix! paix! disent-ils. Et il n’y a point de paix.
12 Ils seront confus, car ils commettent des abominations; Ils ne rougissent pas, ils ne connaissent pas la honte; C’est pourquoi ils tomberont avec ceux qui tombent, Ils seront renversés quand je les châtierai, Dit l’Éternel.
13 Je veux en finir avec eux, dit l’Éternel; Il n’y aura plus de raisins à la vigne, Plus de figues au figuier, Et les feuilles se flétriront; Ce que je leur avais donné leur échappera. –
14 Pourquoi restons-nous assis? Rassemblez-vous, et allons dans les villes fortes, Pour y périr! Car l’Éternel, notre Dieu, nous destine à la mort, Il nous fait boire des eaux empoisonnées, Parce que nous avons péché contre l’Éternel.
15 Nous espérions la paix, et il n’arrive rien d’heureux; Un temps de guérison, et voici la terreur! –
16 Le hennissement de ses chevaux se fait entendre du côté de Dan, Et au bruit de leur hennissement toute la terre tremble; Ils viennent, ils dévorent le pays et ce qu’il renferme, La ville et ceux qui l’habitent.
17 Car j’envoie parmi vous des serpents, des basilics, Contre lesquels il n’y a point d’enchantement; Ils vous mordront, dit l’Éternel.
18 Je voudrais soulager ma douleur; Mon coeur souffre au dedans de moi.
19 Voici les cris de la fille de mon peuple Retentissent sur la terre lointaine: L’Éternel n’est-il plus à Sion? N’a-t-elle plus son roi au milieu d’elle? -Pourquoi m’ont-ils irrité par leurs images taillées, Par des idoles étrangères? –
20 La moisson est passée, l’été est fini, Et nous ne sommes pas sauvés!
21 Je suis brisé par la douleur de la fille de mon peuple, Je suis dans la tristesse, l’épouvante me saisit.
22 N’y a-t-il point de baume en Galaad

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 8 

At that time, saith the Lord, they shall bring out the bones of the kings of Judah, and the bones of his princes, and the bones of the priests, and the bones of the prophets, and the bones of the inhabitants of Jerusalem, out of their graves:
And they shall spread them before the sun, and the moon, and all the host of heaven, whom they have loved, and whom they have served, and after whom they have walked, and whom they have sought, and whom they have worshipped: they shall not be gathered, nor be buried; they shall be for dung upon the face of the earth.
And death shall be chosen rather than life by all the residue of them that remain of this evil family, which remain in all the places whither I have driven them, saith the Lord of hosts.
Moreover thou shalt say unto them, Thus saith the Lord; Shall they fall, and not arise? shall he turn away, and not return?
Why then is this people of Jerusalem slidden back by a perpetual backsliding? they hold fast deceit, they refuse to return.
I hearkened and heard, but they spake not aright: no man repented him of his wickedness, saying, What have I done? every one turned to his course, as the horse rusheth into the battle.
Yea, the stork in the heaven knoweth her appointed times; and the turtle and the crane and the swallow observe the time of their coming; but my people know not the judgment of the Lord.
How do ye say, We are wise, and the law of the Lord is with us? Lo, certainly in vain made he it; the pen of the scribes is in vain.
The wise men are ashamed, they are dismayed and taken: lo, they have rejected the word of the Lord; and what wisdom is in them?
10 Therefore will I give their wives unto others, and their fields to them that shall inherit them: for every one from the least even unto the greatest is given to covetousness, from the prophet even unto the priest every one dealeth falsely.
11 For they have healed the hurt of the daughter of my people slightly, saying, Peace, peace; when there is no peace.
12 Were they ashamed when they had committed abomination? nay, they were not at all ashamed, neither could they blush: therefore shall they fall among them that fall: in the time of their visitation they shall be cast down, saith the Lord.
13 I will surely consume them, saith the Lord: there shall be no grapes on the vine, nor figs on the fig tree, and the leaf shall fade; and the things that I have given them shall pass away from them.
14 Why do we sit still? assemble yourselves, and let us enter into the defenced cities, and let us be silent there: for the Lord our God hath put us to silence, and given us water of gall to drink, because we have sinned against the Lord.
15 We looked for peace, but no good came; and for a time of health, and behold trouble!
16 The snorting of his horses was heard from Dan: the whole land trembled at the sound of the neighing of his strong ones; for they are come, and have devoured the land, and all that is in it; the city, and those that dwell therein.
17 For, behold, I will send serpents, cockatrices, among you, which will not be charmed, and they shall bite you, saith the Lord.
18 When I would comfort myself against sorrow, my heart is faint in me.
19 Behold the voice of the cry of the daughter of my people because of them that dwell in a far country: Is not the Lord in Zion? is not her king in her? Why have they provoked me to anger with their graven images, and with strange vanities?
20 The harvest is past, the summer is ended, and we are not saved.
21 For the hurt of the daughter of my people am I hurt; I am black; astonishment hath taken hold on me.
22 Is there no balm in Gilead; is there no physician there? why then is not the health of the daughter of my people recovered?     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}