Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 119          Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Ala bon sa bon pou moun k’ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k’ap mache dapre lalwa Seyè a!
Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k’ap chache obeyi l’ ak tout kè yo!
Moun konsa p’ap fè mal, y’ap mache nan chemen li mete devan yo.
 Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.
Jan m’ ta renmen kenbe fèm pou m’ toujou fè sa ou mande!
Konsa, mwen p’ap janm wont lè m’ap kalkile kòmandman ou yo.
 M’a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m’ aprann tou sa ou deside nan jistis ou.
8  Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m’.
 Kisa yon jenn gason dwe fè pou l’ mennen bak li dwat? Se pou l’ toujou mache jan ou di l’ mache a.
10  Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m’ dezobeyi kòmandman ou yo.
11  Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m’ pa fè peche kont ou.
12  Mèsi, Bondye. Moutre m’ tou sa ou vle m’ fè.
13  M’ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.
14  Mwen pran plezi m’ pou m’ mache dapre prensip ou yo, tankou si m’ te gen tout richès sou latè.
15  M’ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M’ap egzaminen chemen ou mete devan nou.
16  Mwen pran tout plezi m’ nan fè sa ou mande. Mwen p’ap bliye pawòl ou yo.
17  Aji byen avè m’, mwen menm k’ap sèvi ou la, pou m’ ka viv, pou m’ ka fè tou sa ou di m’ fè.
18  Louvri je m’ pou m’ ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.
19  Se pase m’ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m’ konnen kòmandman ou yo.
20  Se tout tan kè m’ ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.
21  Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k’ap dezobeyi kòmandman ou yo.
22  Pa kite yo joure m’, pa kite yo meprize m’, paske mwen te kenbe prensip ou yo.
23  Menm si chèf yo chita pou pale m’ mal, mwen menm k’ap sèvi ou la, m’ap kalkile sou sa ou vle m’ fè a.
24  Prensip ou yo fè kè m’ kontan. Se yo ki ban m’ konsèy sa pou m’ fè.
25  Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m’ lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
26  Mwen di ou tou sa m’ te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m’ tou sa ou vle m’ fè.
27  Fè m’ konprann ki jan pou m’ swiv lòd ou ban mwen yo. M’a kalkile bèl bagay ou fè yo.
28  Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m’. Mete m’ sou de pye m’ ankò, jan ou te pwomèt la.
29  Pa kite m’ lage kò m’ nan bay manti. Fè m’ favè sa a, moutre mwen lalwa ou.
30  Mwen pran desizyon pou m’ swiv verite a. M’ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.
31 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m’ pran wont.
32  M’ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.
33  Seyè, moutre m’ jan pou m’ swiv lòd ou yo, pou m’ obeyi yo jouk sa kaba.
34  Ban m’ lespri pou m’ ka obeyi lalwa ou, pou m’ fè sa l’ mande a ak tout kè mwen.
35  Fè m’ viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m’.
36  Fè m’ pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m’ anvi gen lajan.
37  Pa kite m’ kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m’ swiv chemen ou mete devan m’ lan.
38  Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.
39  Pa kite yo joure m’, mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!
40  Ou wè jan m’ anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m’ lavi ankò!
41  Fè m’ wè jan ou renmen m’, Seyè! vin delivre m’, jan ou te pwomèt la.
42  Lè sa a, m’a gen repons pou m’ bay moun k’ap joure m’ yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.
43  Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
44  M’ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.
45  M’a mache alèz san anyen pa jennen m’, paske m’ap toujou chache swiv lòd ou yo.
46  M’a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p’ap wont fè sa.
47  Mwen pran tout plezi m’ nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.
48  M’ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M’ap kalkile sou sa ou vle m’ fè a.
49  Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m’ espwa.
50  Nan mizè mwen, tout konsolasyon m’, se pwomès ou fè m’ lan. Se sa ki fè m’ viv.
51  Yon bann awogan ap pase m’ nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.
52  Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m’ kouraj.
53  Sa mete m’ ankòlè, lè m’ wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.
54  Mwen fè chante ak sa ou mande m’ fè, nan kay ki pa lakay mwen.
55  Lannwit se ou m’ap chonje, Seyè. M’ap fè tou sa lalwa ou la mande m’ fè.
56  Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m’ap swiv tout lòd ou yo.
57  Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m’ap kenbe pawòl ou yo.
58  M’ap mande ou favè sa a ak tout kè m’: Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l’ la.
59  Mwen egzaminen jan m’ap viv la. Mwen chanje pou m’ ka mache dapre prensip ou yo.
60  Mwen prese, mwen pa pran reta pou m’ obeyi kòmandman ou yo.
61  Mechan yo sènen m’ toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.
62  Nan mitan lannwit mwen leve pou m’ di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.
63  Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k’ap swiv lòd ou yo.
64  Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m’ tou sa ou vle m’ fè.
65  Ou te aji byen avè m’, sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.
66  Moutre m’ sa ki byen, louvri lespri m’, ban m’ konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
67  Anvan ou te pini m’ lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m’ap fè tou sa ou di m’ fè.
68  Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m’ sa ou vle m’ fè.
69  Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m’ap swiv lòd ou yo ak tout kè m’.
70  Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m’ nan lalwa ou la.
71  Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m’ konnen sa ou vle m’ fè.
72  Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.
73  Se ou ki te kreye m’, se ou ki te fè m’ ak men ou. Ban m’ lespri pou m’ ka aprann kòmandman ou yo.
74  Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y’a wè m’, paske mwen te mete tout espwa m’ nan pawòl ou.
75  Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m’ paske ou toujou kenbe pawòl ou.
76  Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m’, paske ou renmen m’.
77  Gen pitye pou mwen pou m’ ka viv, paske mwen pran tout plezi m’ nan lalwa ou.
78  Bann awogan sa yo k’ap fini avè m’ san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m’ap kalkile lòd ou ban mwen yo.
79   Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.
80  Se pou m’ fè tou sa ou vle m’ fè, san manke yonn, pou m’ pa janm wont.
81  Seyè, kè m’ fè m’ mal tèlman m’ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.
82   Je m’ yo fè m’ mal tèlman m’ap veye sa ou te pwomèt la. M’ap mande: -Kilè w’a vin konsole m’?
83  Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m’ fè.
84  Konbe jou sèvitè ou la rete pou l’ viv ankò? Kilè w’a pini moun k’ap pèsekite m’ yo?
85  Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p’ap fè sa ou mande nan lalwa a.
86   Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y’ap pèsekite m’ san rezon. vin pote m’ sekou!
87  Ti moso yo touye m’. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.
88  Paske ou renmen m’, ban m’ lavi ankò pou m’ ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.
89  Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y’ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.
90  Tout tan tout tan, w’ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l’ap rete fèm.
91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l’ la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.
92  Si mwen pa t’ pran plezi m’ nan fè sa ou mande m’ fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.
93  Mwen p’ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m’ lavi ankò.
94  Se moun ou mwen ye. Sove m’ non! M’ap toujou swiv lòd ou yo.
95  Yon bann mechan ap veye pou yo touye m’. Men mwen menm, m’ap veye pou m’ mache dapre prensip ou yo.
96  Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.
97  Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m’ap kalkile sou li.
98  Kòmandman ou yo fè m’ gen plis konprann pase lènmi m’ yo. Kòmandman ou yo nan kè m’ tout tan.
99  Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m’ yo, paske m’ap kalkile sou prensip ou yo.
100  Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.
101  Mwen veye pou m’ pa mete pye m’ nan move chemen, pou m’ ka fè tou sa ou di m’ fè.
102  Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.
103  Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.
104  Lòd ou yo fè m’ konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m’ bay manti.
105  Pawòl ou se yon chandèl ki fè m’ wè kote m’ap mete pye m’, se yon limyè k’ap klere chemen mwen.
106  Mwen fè sèman, epi m’ap kenbe sèman an: M’ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.
107  Seyè, m’ap soufri anpil anpil. Ban m’ lavi ankò jan ou te pwomèt la.
108  Seyè, koute lè m’ap lapriyè pou m’ di ou mèsi. Fè m’ konnen tou sa ou deside.
109  Se tout tan lavi m’ an danje. Men, mwen p’ap janm bliye lalwa ou.
110  Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t’ dezobeyi lòd ou yo.
111  Prensip ou yo se byen m’ pou tout tan, se yo ki fè kè m’ kontan.
112  Mwen pran desizyon pou m’ fè tou sa ou vle m’ fè, tout tan jouk mwen mouri.
113  Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.
114  Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m’ nan pawòl ou.
115  Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m’ ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.
116  Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m’ ka viv. Pa kite m’ pran wont pou m’ pa jwenn sa m’ap tann lan.
117  Kenbe m’ pou m’ ka delivre. M’ap toujou veye pou m’ pa janm bliye sa ou vle m’ fè.
118  Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y’ap fè yo p’ap sèvi yo anyen.
119  Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.
120  M’ap tranble nan tout kò m’ sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
121  Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m’ nan men lènmi m’ yo.
122  Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.
123  Je m’ yo fè m’ mal tèlman m’ap tann ou vin sove m’, jan ou te pwomèt fè m’ jistis la.
124  Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m’ sa ou vle m’ fè a.
125  Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m’, pou m’ ka konnen prensip ou yo.
126  Seyè, li lè pou ou fè sa w’ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.
127  Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.
128  Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m’ bay manti.
129  Prensip ou yo se mèvèy. M’ap swiv yo ak tout kè m’.
130  Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
131  Mwen rete ak bouch mwen louvri, m’ap tann, tèlman m’ anvi konnen kòmandman ou yo.
132  Vire gade m’ non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l’ pou moun ki renmen ou yo!
133  Soutni m’ avèk pawòl ou pou m’ pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.
134  Delivre m’ anba men moun k’ap peze m’ yo pou m’ ka mache dapre lòd ou yo.
135  Se sèvi m’ap sèvi ou. Tanpri, fè m’ santi ou la avè m’. Moutre m’ sa ou vle m’ fè.
136  Dlo ap kouri nan je m’ tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
137  Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.
138  Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
139  Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k’ap boule tout anndan mwen, lè m’ wè jan moun ki pa vle wè m’ yo bliye pawòl ou yo.
140  Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.
141  Mwen pa anyen, y’ap meprize m’. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
142  Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.
143  Mwen nan tray, kè m’ ap kase. Men, mwen pran tout plezi m’ nan fè sa ou mande m’ fè.
144  Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m’ bon konprann pou m’ ka viv.
145  M’ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m’ ka toujou fè sa ou vle m’ fè.
146  M’ap rele ou, sove m’ non, pou m’ ka mache dapre prensip ou yo!
147  Solèy poko leve, m’ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
148  Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m’ kalkile pawòl ou yo.
149  Seyè, koute sa m’ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m’ lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
150  Moun ki soti pou touye m’ yo pwoche bò kote m’. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
151 Men, ou toupre m’, Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
152  Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.
153  Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m’ non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!
154  Defann kòz mwen, delivre m’. Ban m’ lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
155  Mechan yo p’ap janm sove, paske yo p’ap chache konnen sa ou vle yo fè.
156  Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m’ lavi ankò, jan ou te deside l’ la.
157  Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m’. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.
158  Lè m’ap gade bann trèt sa yo, sa ban m’ degoutans, paske se pa moun k’ap obeyi pawòl ou.
159  Gade jan m’ renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m’ lavi ankò, paske ou renmen m’.
160  Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
161  Yon bann chèf ap pèsekite m’ san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.
162  Pawòl ou fè kè m’ kontan. Se tankou si m’ te jwenn yon gwo richès.
163  Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.
164  Sèt fwa chak jou m’ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.
165  Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.
166  M’ap tann ou vin delivre m’, Seyè. M’ap fè tou sa ou kòmande m’ fè.
167  M’ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.
168  M’ap swiv lòd ou yo, m’ap fè tou sa ou vle m’ fè, paske ou konnen tout vire tounen m’.
169  Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m’ bon konprann.
170  Se pou lapriyè m’ rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m’.
171  Se pou m’ louvri bouch mwen pou m’ fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m’ sa ou vle m’ fè.
172  Se pou m’ chante pou m’ fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.
173  Se pou ou vin ede m’ ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m’ swiv lòd ou yo!
174  Ou wè jan m’ap tann ou vin sove m’! Mwen jwenn tout plezi m’ nan lalwa ou.
175  Ban m’ lavi pou m’ fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m’, jan ou te deside l’ la.
176  Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m’, paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}