Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 62            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. 
1 Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
2  Se li menm ase k’ap pwoteje m’, k’ap delivre m’. Se li ki tout defans mwen. Li p’ap janm kite anyen rive m’.
 Kilè n’a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n’ chache lage l’ atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k’ap tonbe?
 Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l’ pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y’ap bay.
 Wi, se sou Bondye ase pou m’ konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
 Se li menm sèlman k’ap pwoteje m’, k’ap delivre m’. Se li ki tout defans mwen, li p’ap janm kite anyen rive m’.
 Se Bondye k’ap delivre m’. Se li menm k’ap fè yo respekte m’. Se li menm ki tout fòs mwen, l’ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
 Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
 Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k’ap soufle a.
10  Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n’ap fè lajan, pa kite l’ pran nanm nou.
11  An de fwa, men sa m’ tande Bondye di: -Se nan men m’ pouvwa rete.
12  Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w’ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}