Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 63  

1 Kilès sa a k’ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L’ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L’ap mache tèt li byen wo, l’ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k’ap pale sou koze delivrans lan.
Poukisa rad sou ou yo wouj konsa, tankou rad moun k’ap kraze rezen anba pye yo pou fè diven nan basen?
Seyè a reponn: -Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m’, tankou rezen nan basen. Pa t’ gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m’. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m’ pilonnen yo anba pye m’ sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache.
Mwen te chwazi nan kè m’ jou pou m’ te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m’ te pini lènmi l’ yo te rive.
Lè m’ gade, mwen te sezi. Pa t’ gen yon moun pou ban m’ yon koutmen. Pa t’ gen pesonn pou ban m’ konkou. Men, mwen te sitèlman an kòlè, mwen jwenn kont fòs nan ponyèt mwen, mwen kenbe jouk mwen fin delivre yo.
Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo.
 M’a chante pou m’ fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M’a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.
Seyè a te di se pèp mwen yo ye, m’ sèten yo p’ap fè m’ wont. Se konsa, li delivre yo
nan tout tèt chaje yo. Se pa t’ yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l’ sitèlman fè l’ mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
10 Men, yo te fè wòklò avè l’, yo te fè l’ lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.
11 Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l’ yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a?
12 Kote Bondye ki te kanpe sou bò dwat Moyiz la pou fè gwo mèvèy ak fòs ponyèt li, lè li te fann dlo a devan yo pou tout moun te ka toujou chonje sa l’ te fè a?
13 Lè Bondye te fè yo mache nan fon lanmè a tankou chwal nan sab dezè, san yo pa janm bite,
14 tankou bèf k’ap desann nan plenn pou y’ al manje, lespri Seyè a te mennen yo kote pou yo poze. Wi, se konsa Seyè a te mache devan pèp li a, pou tout moun te ka toujou nonmen non l’ pou jan li gen pouvwa.
15  Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou!
16 Se ou menm ki papa nou. Abraram pa konnen nou. Izrayèl pa rekonèt nou! Se ou menm, Seyè, ki papa nou. Se ou menm ki toujou delivre nou!
17 Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k’ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!
18 Nou poko chita, lènmi nou yo te gen tan pran peyi a nan men nou, yo derespekte tanp ou a.
19 Depi kèk tan ou sèvi ak nou tankou si se pa ou ki chèf nou ankò, tankou si nou pa pèp ou a ankò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 63

1 Qui est celui-ci qui vient d’Édom, De Botsra, en vêtements rouges, En habits éclatants, Et se redressant avec fierté dans la plénitude de sa force? -C’est moi qui ai promis le salut, Qui ai le pouvoir de délivrer. –
Pourquoi tes habits sont-ils rouges, Et tes vêtements comme les vêtements de celui qui foule dans la cuve? –
J’ai été seul à fouler au pressoir, Et nul homme d’entre les peuples n’était avec moi; Je les ai foulés dans ma colère, Je les ai écrasés dans ma fureur; Leur sang a jailli sur mes vêtements, Et j’ai souillé tous mes habits.
Car un jour de vengeance était dans mon coeur, Et l’année de mes rachetés est venue.
Je regardais, et personne pour m’aider; J’étais étonné, et personne pour me soutenir; Alors mon bras m’a été en aide, Et ma fureur m’a servi d’appui.
J’ai foulé des peuples dans ma colère, Je les ai rendus ivres dans ma fureur, Et j’ai répandu leur sang sur la terre.
Je publierai les grâces de l’Éternel, les louanges de l’Éternel, D’après tout ce que l’Éternel a fait pour nous; Je dirai sa grande bonté envers la maison d’Israël, Qu’il a traitée selon ses compassions et la richesse de son amour.
Il avait dit: Certainement ils sont mon peuple, Des enfants qui ne seront pas infidèles! Et il a été pour eux un sauveur.
Dans toutes leurs détresses ils n’ont pas été sans secours, Et l’ange qui est devant sa face les a sauvés; Il les a lui-même rachetés, dans son amour et sa miséricorde, Et constamment il les a soutenus et portés, aux anciens jours.
10 Mais ils ont été rebelles, ils ont attristé son esprit saint; Et il est devenu leur ennemi, il a combattu contre eux.
11 Alors son peuple se souvint des anciens jours de Moïse: Où est celui qui les fit monter de la mer, Avec le berger de son troupeau? Où est celui qui mettait au milieu d’eux son esprit saint;
12 Qui dirigea la droite de Moïse, Par son bras glorieux; Qui fendit les eaux devant eux, Pour se faire un nom éternel;
13 Qui les dirigea au travers des flots, Comme un coursier dans le désert, Sans qu’ils bronchassent?
14 Comme la bête qui descend dans la vallée, L’esprit de l’Éternel les a menés au repos. C’est ainsi que tu as conduit ton peuple, Pour te faire un nom glorieux.
15 Regarde du ciel, et vois, De ta demeure sainte et glorieuse: Où sont ton zèle et ta puissance? Le frémissement de tes entrailles et tes compassions Ne se font plus sentir envers moi.
16 Tu es cependant notre père, Car Abraham ne nous connaît pas, Et Israël ignore qui nous sommes; C’est toi, Éternel, qui es notre père, Qui, dès l’éternité, t’appelles notre sauveur.
17 Pourquoi, ô Éternel, nous fais-tu errer loin de tes voies, Et endurcis-tu notre coeur contre ta crainte? Reviens, pour l’amour de tes serviteurs, Des tribus de ton héritage!
18 Ton peuple saint n’a possédé le pays que peu de temps; Nos ennemis ont foulé ton sanctuaire.
19 Nous sommes depuis longtemps comme un peuple que tu ne gouvernes pas, Et qui n’est point appelé de ton nom…

Louis Segond {LSG}

Isaiah 63 

1 Who is this that cometh from Edom, with dyed garments from Bozrah? this that is glorious in his apparel, travelling in the greatness of his strength? I that speak in righteousness, mighty to save.
Wherefore art thou red in thine apparel, and thy garments like him that treadeth in the winefat?
I have trodden the winepress alone; and of the people there was none with me: for I will tread them in mine anger, and trample them in my fury; and their blood shall be sprinkled upon my garments, and I will stain all my raiment.
For the day of vengeance is in mine heart, and the year of my redeemed is come.
And I looked, and there was none to help; and I wondered that there was none to uphold: therefore mine own arm brought salvation unto me; and my fury, it upheld me.
And I will tread down the people in mine anger, and make them drunk in my fury, and I will bring down their strength to the earth.
I will mention the lovingkindnesses of the Lord, and the praises of the Lord, according to all that the Lord hath bestowed on us, and the great goodness toward the house of Israel, which he hath bestowed on them according to his mercies, and according to the multitude of his lovingkindnesses.
For he said, Surely they are my people, children that will not lie: so he was their Saviour.
In all their affliction he was afflicted, and the angel of his presence saved them: in his love and in his pity he redeemed them; and he bare them, and carried them all the days of old.
10 But they rebelled, and vexed his holy Spirit: therefore he was turned to be their enemy, and he fought against them.
11 Then he remembered the days of old, Moses, and his people, saying, Where is he that brought them up out of the sea with the shepherd of his flock? where is he that put his holy Spirit within him?
12 That led them by the right hand of Moses with his glorious arm, dividing the water before them, to make himself an everlasting name?
13 That led them through the deep, as an horse in the wilderness, that they should not stumble?
14 As a beast goeth down into the valley, the Spirit of the Lord caused him to rest: so didst thou lead thy people, to make thyself a glorious name.
15 Look down from heaven, and behold from the habitation of thy holiness and of thy glory: where is thy zeal and thy strength, the sounding of thy bowels and of thy mercies toward me? are they restrained?
16 Doubtless thou art our father, though Abraham be ignorant of us, and Israel acknowledge us not: thou, O Lord, art our father, our redeemer; thy name is from everlasting.
17 Lord, why hast thou made us to err from thy ways, and hardened our heart from thy fear? Return for thy servants’ sake, the tribes of thine inheritance.
18 The people of thy holiness have possessed it but a little while: our adversaries have trodden down thy sanctuary.
19 We are thine: thou never barest rule over them; they were not called by thy name.  King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}