Liv Neyemi / Nehémie / Nehemia

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Neyemi 12

1 Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras,
Amarya, Malouk, Atouch,
Chekanya, Reyoum, Meremòt,
Ido, Ginetoyi, Abija,
Mijamen, Maadya, Bilga,
Chemaja, Jojarib, Jedaja,
Salou, Amòk, Ilkija ak Jedaja. Mesye sa yo te chèf prèt yo nan tan Jozye. Ni yo ni prèt yo te soti nan yon sèl fanmi.
Men non moun Levi yo: Te gen yon premye gwoup ki te reskonsab chante kantik pou di Bondye mèsi. Se te Jozye, Bennwi, Kadmyèl, Cherebya, Jeouda ak Natanya.
Te gen yon lòt gwoup ki te kanpe anfas yo pou reponn yo lè y’ap chante. Se te Bakboukya, Ouni ak lòt moun Levi menm fanmi ak yo.
10 Jozye te papa Jojakim, Jojakim te papa Elyachib, Elyachib te papa Jojada,
11 Jojada te papa Jonatan, Jonatan te papa Jadwa.
12 Lè Jojakim te granprèt, men moun ki te chèf branch fanmi prèt yo: Meraja, chèf branch fanmi Seraja a, Ananya, chèf branch fanmi Jirimeja a,
13 Mechoulam, chèf branch fanmi Esdras la, Jokanan, chèf branch fanmi Amarya a,
14 Jonatan, chèf branch fanmi Melikou a, Jozèf, chèf branch fanmi Chebanya a,
15 Adna, chèf branch fanmi Arim lan, Elkayi, chèf branch fanmi Merayòt la,
16 Zekarya, chèf branch fanmi Ido a, Mechoulam, chèf branch fanmi Gineton an,
17 Zikri, chèf branch fanmi Abija a, …chèf branch fanmi Minyamen, Piltayi, chèf branch fanmi Moadya a,
18 Chamwa, chèf branch fanmi Bilga a, Jonatan, chèf branch fanmi Chemaja a,
19 Matenayi, chèf branch fanmi Jojarib la, Ouzi, chèf branch fanmi Jedaja a,
20 Kalayi, chèf branch fanmi Salou a, Ebè, chèf branch fanmi Amòk la,
21 Achabya, chèf branch fanmi Ilkija a, Netaneèl, chèf branch fanmi Jedaja a.
22 Pandan tout tan Elyachib, Jodaja, Jokanan ak Jadwa te pase granprèt, yonn apre lòt, yo te enskri non chèf tout fanmi prèt yo ak non moun Levi yo nan gwo rejis ofisyèl tanp lan. Yo te kenbe rejis sa a jouk sou rèy wa Dariyis ki t’ap gouvènen peyi Pès la.
23 Pou branch fanmi Levi yo, yo te enskri nou chèf fanmi yo tou nan gwo rejis ofisyèl la, men lè yo rive sou tan Jokanan, pitit pitit Elyachib la, yo sispann fè sa.
24 Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Seyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.
25 Men non moun ki t’ap sèvi tankou gad pòtay tanp lan: Se te Matanya, Bakboukya, Obadya, Mechoulam, Talmon ak Akoub. Yo te reskonsab veye depo magazen ki te bò pòtay tanp lan.
26 Moun sa yo t’ap viv nan tan Jojakim, pitit Jozye, pitit pitit Josadak la, te granprèt la, nan tan Neemi t’ap gouvènen an ak nan tan Esdras, prèt ki te direktè lalwa a, tou.
27  Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t’ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.
28 Se konsa mizisyen sanba yo, moun branch nan fanmi Levi yo, soti nan tout zòn ki bò lavil Jerizalèm, nan ti bouk ki bò Netofa yo, yo sanble.
29 Genyen tou ki te soti lavil Betgilgal ak andeyò Geba ak Azmavèt. Lè sa a, mizisyen yo te rete nan anpil ti bouk yo te bati nan tout zòn bò lavil Jerizalèm lan.
30 Prèt yo ak moun Levi yo fè sèvis pou mete tèt yo, pèp la, pòtay yo ak miray ranpa a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
31 Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y’ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.
32 Ozaya t’ap mache dèyè yo ak mwatye nan chèf peyi Jida yo.
33 Dèyè yo t’ap mache Azarya, Esdras, Mechoulam,
34 Jeouda, Benjamen, Chemaja ak Jirimeja.
35 Mesye sa yo se prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt yo. Dèyè yo t’ap mache Zekarya, pitit Jonatan. Jonatan sa a te pitit Chemaja, Chemaja te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika, Mika te pitit Zakou, Zakou te pitit Asaf.
36 Zekarya t’ap mache avèk lòt moun menm fanmi avè l’ yo. Se te Chemaja, Azareèl, Milalayi, Gilalayi, Maayi, Netaneèl, Jeouda ak Anani. Yo tout yo te gen nan men yo tout kalite enstriman mizik wa David, sèvitè Bondye a, te konn jwe. Se Esdras, direktè lalwa a, ki t’ap mache devan premye gwoup sa a.
37 Lè yo rive Pòtay Fontenn dlo a, yo moute dwat devan yo, yo pran macheskalye ki mennen nan lavil wa David la, yo pase sou kote palè David la, yo moute sou tèt miray la ankò jouk yo rive Pòtay Dlo yo bò solèy leve.
38 Lòt gwoup la menm al sou bò gòch, sou tèt miray la: Mwen t’ap mache dèyè yo ansanm ak lòt mwatye moun yo. Nou pase bò gwo Fò Fou yo jouk nou rive sou gwo miray laj la.
39 Apre sa, nou pase anwo pòtay Efrayim lan, anwo vye Pòtay la, anwo Pòtay Pwason yo, sou kote Fò Ananeèl ak Fò Meya a jouk nou rive bò Pòtay Mouton yo. Nou rete bò Pòtay Gad Tanp lan.
40 Se konsa, de gwoup moun yo ki t’ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo,
41 ansanm ak prèt ki t’ap kònen twonpèt yo: Elyakim, Maaseja, Menjamen, Mika, Elioenayi, Zekarya, Ananya, avèk twonpèt yo nan men yo,
42 ansanm avèk moun k’ap chante yo: Maseja, Chemaja, Eleaza, Ouzi, Jokanan, Malkija, Elam ak Azè. Se Jizraja ki t’ap mennen chante a.
43 Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t’ap fè fèt paske Seyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t’ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t’ap fete nan lavil Jerizalèm lan.
44  Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t’ap yo fè.
45 Paske, yo t’ap fè sèvis Bondye yo san mank. Yo t’ap fè sèvis pou mete tout moun ak tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo tou, tout moun t’ap fè travay yo dapre regleman wa David ak pitit li, wa Salomon, te bay.
46 Depi lontan, sou rèy David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l’ mèsi.
47 Se konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 
Nehémie 12
1 Voici les sacrificateurs et les Lévites qui revinrent avec Zorobabel, fils de Schealthiel, et avec Josué: Seraja, Jérémie, Esdras,
Amaria, Malluc, Hattusch,
Schecania, Rehum, Merémoth,
Iddo, Guinnethoï, Abija,
Mijamin, Maadia, Bilga,
Schemaeja, Jojarib, Jedaeja,
Sallu, Amok, Hilkija, Jedaeja. Ce furent là les chefs des sacrificateurs et de leurs frères, au temps de Josué. –
Lévites: Josué, Binnuï, Kadmiel, Schérébia, Juda, Matthania, qui dirigeait avec ses frères le chant des louanges;
Bakbukia et Unni, qui remplissaient leurs fonctions auprès de leurs frères.
10 Josué engendra Jojakim, Jojakim engendra Éliaschib, Éliaschib engendra Jojada,
11 Jojada engendra Jonathan, et Jonathan engendra Jaddua.
12 Voici, au temps de Jojakim, quels étaient les sacrificateurs, chefs de famille: pour Seraja, Meraja; pour Jérémie, Hanania;
13 pour Esdras, Meschullam; pour Amaria, Jochanan;
14 pour Meluki, Jonathan; pour Schebania, Joseph;
15 pour Harim, Adna; pour Merajoth, Helkaï;
16 pour Iddo, Zacharie; pour Guinnethon, Meschullam;
17 pour Abija, Zicri; pour Minjamin et Moadia, Pilthaï;
18 pour Bilga, Schammua; pour Schemaeja, Jonathan;
19 pour Jojarib, Matthnaï; pour Jedaeja, Uzzi;
20 pour Sallaï, Kallaï; pour Amok, Éber;
21 pour Hilkija, Haschabia; pour Jedaeja, Nethaneel.
22 Au temps d’Éliaschib, de Jojada, de Jochanan et de Jaddua, les Lévites, chefs de familles, et les sacrificateurs, furent inscrits, sous le règne de Darius, le Perse.
23 Les fils de Lévi, chefs de familles, furent inscrits dans le livre des Chroniques jusqu’au temps de Jochanan, fils d’Éliaschib.
24 Les chefs des Lévites, Haschabia, Schérébia, et Josué, fils de Kadmiel, et leurs frères avec eux, les uns vis-à-vis des autres, étaient chargés de célébrer et de louer l’Éternel, selon l’ordre de David, homme de Dieu.
25 Matthania, Bakbukia, Abdias, Meschullam, Thalmon et Akkub, portiers, faisaient la garde aux seuils des portes.
26 Ils vivaient au temps de Jojakim, fils de Josué, fils de Jotsadak, et au temps de Néhémie, le gouverneur, et d’Esdras, le sacrificateur et le scribe.
27 Lors de la dédicace des murailles de Jérusalem, on appela les Lévites de tous les lieux qu’ils habitaient et on les fit venir à Jérusalem, afin de célébrer la dédicace et la fête par des louanges et par des chants, au son des cymbales, des luths et des harpes.
28 Les fils des chantres se rassemblèrent des environs de Jérusalem, des villages des Nethophatiens,
29 de Beth Guilgal, et du territoire de Guéba et d’Azmaveth; car les chantres s’étaient bâti des villages aux alentours de Jérusalem.
30 Les sacrificateurs et les Lévites se purifièrent, et ils purifièrent le peuple, les portes et la muraille.
31 Je fis monter sur la muraille les chefs de Juda, et je formai deux grands choeurs. Le premier se mit en marche du côté droit sur la muraille, vers la porte du fumier.
32 Derrière ce choeur marchaient Hosée et la moitié des chefs de Juda,
33 Azaria, Esdras, Meschullam,
34 Juda, Benjamin, Schemaeja et Jérémie,
35 des fils de sacrificateurs avec des trompettes, Zacharie, fils de Jonathan, fils de Schemaeja, fils de Matthania, fils de Michée, fils de Zaccur, fils d’Asaph,
36 et ses frères, Schemaeja, Azareel, Milalaï, Guilalaï, Maaï, Nethaneel, Juda et Hanani, avec les instruments de musique de David, homme de Dieu. Esdras, le scribe, était à leur tête.
37 A la porte de la source, ils montèrent vis-à-vis d’eux les degrés de la cité de David par la montée de la muraille, au-dessus de la maison de David, jusqu’à la porte des eaux, vers l’orient.
38 Le second choeur se mit en marche à l’opposite. J’étais derrière lui avec l’autre moitié du peuple, sur la muraille. Passant au-dessus de la tour des fours, on alla jusqu’à la muraille large;
39 puis au-dessus de la porte d’Éphraïm, de la vieille porte, de la porte des poissons, de la tour de Hananeel et de la tour de Méa, jusqu’à la porte des brebis. Et l’on s’arrêta à la porte de la prison.
40 Les deux choeurs s’arrêtèrent dans la maison de Dieu; et nous fîmes de même, moi et les magistrats qui étaient avec moi,
41 et les sacrificateurs Éliakim, Maaséja, Minjamin, Michée, Eljoénaï, Zacharie, Hanania, avec des trompettes,
42 et Maaséja, Schemaeja, Éléazar, Uzzi, Jochanan, Malkija, Élam et Ézer. Les chantres se firent entendre, dirigés par Jizrachja.
43 On offrit ce jour-là de nombreux sacrifices, et on se livra aux réjouissances, car Dieu avait donné au peuple un grand sujet de joie. Les femmes et les enfants se réjouirent aussi, et les cris de joie de Jérusalem furent entendus au loin.
44 En ce jour, on établit des hommes ayant la surveillance des chambres qui servaient de magasins pour les offrandes, les prémices et les dîmes, et on les chargea d’y recueillir du territoire des villes les portions assignées par la loi aux sacrificateurs et aux Lévites. Car Juda se réjouissait de ce que les sacrificateurs et les Lévites étaient à leur poste,
45 observant tout ce qui concernait le service de Dieu et des purifications. Les chantres et les portiers remplissaient aussi leurs fonctions, selon l’ordre de David et de Salomon, son fils;
46 car autrefois, du temps de David et d’Asaph, il y avait des chefs de chantres et des chants de louanges et d’actions de grâces en l’honneur de Dieu.
47 Tout Israël, au temps de Zorobabel et de Néhémie, donna les portions des chantres et des portiers, jour par jour; on donna aux Lévites les choses consacrées, et les Lévites donnèrent aux fils d’Aaron les choses consacrées. 
Louis Segond {LSG}

Nehemiah 12  

1 Now these are the priests and the Levites that went up with Zerubbabel the son of Shealtiel, and Jeshua: Seraiah, Jeremiah, Ezra,
Amariah, Malluch, Hattush,
Shechaniah, Rehum, Meremoth,
Iddo, Ginnetho, Abijah,
Miamin, Maadiah, Bilgah,
Shemaiah, and Joiarib, Jedaiah,
Sallu, Amok, Hilkiah, Jedaiah. These were the chief of the priests and of their brethren in the days of Jeshua.
Moreover the Levites: Jeshua, Binnui, Kadmiel, Sherebiah, Judah, and Mattaniah, which was over the thanksgiving, he and his brethren.
Also Bakbukiah and Unni, their brethren, were over against them in the watches.
10 And Jeshua begat Joiakim, Joiakim also begat Eliashib, and Eliashib begat Joiada,
11 And Joiada begat Jonathan, and Jonathan begat Jaddua.
12 And in the days of Joiakim were priests, the chief of the fathers: of Seraiah, Meraiah; of Jeremiah, Hananiah;
13 Of Ezra, Meshullam; of Amariah, Jehohanan;
14 Of Melicu, Jonathan; of Shebaniah, Joseph;
15 Of Harim, Adna; of Meraioth, Helkai;
16 Of Iddo, Zechariah; of Ginnethon, Meshullam;
17 Of Abijah, Zichri; of Miniamin, of Moadiah, Piltai:
18 Of Bilgah, Shammua; of Shemaiah, Jehonathan;
19 And of Joiarib, Mattenai; of Jedaiah, Uzzi;
20 Of Sallai, Kallai; of Amok, Eber;
21 Of Hilkiah, Hashabiah; of Jedaiah, Nethaneel.
22 The Levites in the days of Eliashib, Joiada, and Johanan, and Jaddua, were recorded chief of the fathers: also the priests, to the reign of Darius the Persian.
23 The sons of Levi, the chief of the fathers, were written in the book of the chronicles, even until the days of Johanan the son of Eliashib.
24 And the chief of the Levites: Hashabiah, Sherebiah, and Jeshua the son of Kadmiel, with their brethren over against them, to praise and to give thanks, according to the commandment of David the man of God, ward over against ward.
25 Mattaniah, and Bakbukiah, Obadiah, Meshullam, Talmon, Akkub, were porters keeping the ward at the thresholds of the gates.
26 These were in the days of Joiakim the son of Jeshua, the son of Jozadak, and in the days of Nehemiah the governor, and of Ezra the priest, the scribe.
27 And at the dedication of the wall of Jerusalem they sought the Levites out of all their places, to bring them to Jerusalem, to keep the dedication with gladness, both with thanksgivings, and with singing, with cymbals, psalteries, and with harps.
28 And the sons of the singers gathered themselves together, both out of the plain country round about Jerusalem, and from the villages of Netophathi;
29 Also from the house of Gilgal, and out of the fields of Geba and Azmaveth: for the singers had builded them villages round about Jerusalem.
30 And the priests and the Levites purified themselves, and purified the people, and the gates, and the wall.
31 Then I brought up the princes of Judah upon the wall, and appointed two great companies of them that gave thanks, whereof one went on the right hand upon the wall toward the dung gate:
32 And after them went Hoshaiah, and half of the princes of Judah,
33 And Azariah, Ezra, and Meshullam,
34 Judah, and Benjamin, and Shemaiah, and Jeremiah,
35 And certain of the priests’ sons with trumpets; namely, Zechariah the son of Jonathan, the son of Shemaiah, the son of Mattaniah, the son of Michaiah, the son of Zaccur, the son of Asaph:
36 And his brethren, Shemaiah, and Azarael, Milalai, Gilalai, Maai, Nethaneel, and Judah, Hanani, with the musical instruments of David the man of God, and Ezra the scribe before them.
37 And at the fountain gate, which was over against them, they went up by the stairs of the city of David, at the going up of the wall, above the house of David, even unto the water gate eastward.
38 And the other company of them that gave thanks went over against them, and I after them, and the half of the people upon the wall, from beyond the tower of the furnaces even unto the broad wall;
39 And from above the gate of Ephraim, and above the old gate, and above the fish gate, and the tower of Hananeel, and the tower of Meah, even unto the sheep gate: and they stood still in the prison gate.
40 So stood the two companies of them that gave thanks in the house of God, and I, and the half of the rulers with me:
41 And the priests; Eliakim, Maaseiah, Miniamin, Michaiah, Elioenai, Zechariah, and Hananiah, with trumpets;
42 And Maaseiah, and Shemaiah, and Eleazar, and Uzzi, and Jehohanan, and Malchijah, and Elam, and Ezer. And the singers sang loud, with Jezrahiah their overseer.
43 Also that day they offered great sacrifices, and rejoiced: for God had made them rejoice with great joy: the wives also and the children rejoiced: so that the joy of Jerusalem was heard even afar off.
44 And at that time were some appointed over the chambers for the treasures, for the offerings, for the firstfruits, and for the tithes, to gather into them out of the fields of the cities the portions of the law for the priests and Levites: for Judah rejoiced for the priests and for the Levites that waited.
45 And both the singers and the porters kept the ward of their God, and the ward of the purification, according to the commandment of David, and of Solomon his son.
46 For in the days of David and Asaph of old there were chief of the singers, and songs of praise and thanksgiving unto God.
47 And all Israel in the days of Zerubbabel, and in the days of Nehemiah, gave the portions of the singers and the porters, every day his portion: and they sanctified holy things unto the Levites; and the Levites sanctified them unto the children of Aaron.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}