Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 56  

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat.  Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k’ap pousib mwen. Tout lajounen y’ap fè m’ lagè, y’ap toumante mwen.
 Tout lajounen lènmi m’ yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k’ap fè m’ lagè yo.
 Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
 Mwen gen konfyans nan Bondye. M’ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m’?
 Tout lajounen y’ap manke m’ dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
 Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y’ap veye tout vire tounen mwen. Y’ap tann okazyon konsa pou yo touye m’.
 Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.
  Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m’. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
 Se poutèt sa lènmi m’ yo gen pou kouri ale lè m’ rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
10  M’ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m’ap fè lwanj pawòl Seyè a.
11  Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?
12  O Bondye, m’ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m’ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m’ di ou mèsi.
13  Paske ou pa kite m’ mouri, ou pa kite m’ bite, pou m’ kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k’ap klere moun k’ap viv pou ou yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 56

1 Au chef des chantres. Sur «Colombe des térébinthes lointains». Hymne de David. Lorsque les Philistins le saisirent à Gath.  Aie pitié de moi, ô Dieu! car des hommes me harcèlent; Tout le jour ils me font la guerre, ils me tourmentent.
 Tout le jour mes adversaires me harcèlent; Ils sont nombreux, ils me font la guerre comme des hautains.
 Quand je suis dans la crainte, En toi je me confie.
 Je me glorifierai en Dieu, en sa parole; Je me confie en Dieu, je ne crains rien: Que peuvent me faire des hommes?
 Sans cesse ils portent atteinte à mes droits, Ils n’ont à mon égard que de mauvaises pensées.
 Ils complotent, ils épient, ils observent mes traces, Parce qu’ils en veulent à ma vie.
 C’est par l’iniquité qu’ils espèrent échapper: Dans ta colère, ô Dieu, précipite les peuples!
 Tu comptes les pas de ma vie errante; Recueille mes larmes dans ton outre: Ne sont-elles pas inscrites dans ton livre?
 Mes ennemis reculent, au jour où je crie; Je sais que Dieu est pour moi.
10  Je me glorifierai en Dieu, en sa parole; Je me glorifierai en l’Éternel, en sa parole;
11  Je me confie en Dieu, je ne crains rien: Que peuvent me faire des hommes?
12  O Dieu! je dois accomplir les voeux que je t’ai faits; Je t’offrirai des actions de grâces.
13  Car tu as délivré mon âme de la mort, Tu as garanti mes pieds de la chute, Afin que je marche devant Dieu, à la lumière des vivants.
Louis Segond {LSG}

Psalm 56 

1 Be merciful unto me, O God: for man would swallow me up; he fighting daily oppresseth me.
Mine enemies would daily swallow me up: for they be many that fight against me, O thou most High.
What time I am afraid, I will trust in thee.
In God I will praise his word, in God I have put my trust; I will not fear what flesh can do unto me.
Every day they wrest my words: all their thoughts are against me for evil.
They gather themselves together, they hide themselves, they mark my steps, when they wait for my soul.
Shall they escape by iniquity? in thine anger cast down the people, O God.
Thou tellest my wanderings: put thou my tears into thy bottle: are they not in thy book?
When I cry unto thee, then shall mine enemies turn back: this I know; for God is for me.
10 In God will I praise his word: in the Lord will I praise his word.
11 In God have I put my trust: I will not be afraid what man can do unto me.
12 Thy vows are upon me, O God: I will render praises unto thee.
13 For thou hast delivered my soul from death: wilt not thou deliver my feet from falling, that I may walk before God in the light of the living?
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}