Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 69  

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. Delivre m’ non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.
 M’ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.
 Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m’ yo ap boule m’ sitèlman m’ap veye tann sekou Bondye mwen an.
 Gen yon bann moun ki rayi m’ san m’ pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m’ lènmi, yo pi fò pase m’, y’ap chache touye mwen. Yo fè m’ renmèt sa m’ pa pran.
 Bondye, mwen pa kapab kache peche m’ yo devan ou. Ou konnen jan m’ te aji tankou moun fou.
 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m’ tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m’ fè moun k’ap sèvi ou yo wont.
 Se poutèt ou y’ap joure m’ konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m’ kache figi m’.
 Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m’ yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m’ yo.
 Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m’ santi se tankou yon dife k’ap boule tout anndan mwen. Tout joure y’ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t’ap joure.
10  Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y’ap joure m’ konsa.
11  Si m’ mete yon rad sak sou mwen pou m’ mande ou padon, y’ap pase m’ nan rizib.
12  Yo chita bò pòtay lavil la, y’ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
13  Men mwen menm, se ou menm m’ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w’a wè l’ nesesè, paske ou gen bon kè, paske w’ap toujou pote m’ sekou.
14  Wete m’ nan ma labou sa a. Pa kite m’ desann pi fon ladan li. Delivre m’ anba lènmi m’ yo. Wete m’ nan gwo basen byen fon an.
15  Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m’ neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.
16  Reponn mwen, Seyè, paske ou p’ap janm sispann renmen m’. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
17  Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.
18  vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m’ nan men lènmi mwen yo.
19  Ou konnen jan y’ap joure mwen, jan y’ap fè m’ wont, jan y’ap trennen m’ nan labou. Ou wè tout moun k’ap pèsekite m’ yo.
20  Yo di m’ gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m’ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m’, pesonn pa parèt.
21  Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m’ mande dlo pou m’ bwè, se vinèg yo ban mwen.
22   Se pou resepsyon y’ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
23  Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
24  Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
25  Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
26  Paske yo te pèsekite moun ou t’ap pini an. Y’ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
27  Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.
28  Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k’ap sèvi ou yo.
29  Mwen nan gwo lapenn, m’ap soufri. Bondye, pote m’ sekou. Mete m’ sou de pye m’ ankò.
30   M’a chante pou Bondye, m’a fè lwanj li. M’a di l’ mèsi, m’a fè konnen jan li gen pouvwa.
31  Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m’ ta ofri l’ yon bèf, pase si m’ ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.
32  Lè malere yo va wè sa, y’a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k’ap sèvi Bondye yo.
33  Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l’. Li pa bliye moun pa l’ yo lè yo nan prizon.
34  Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.
35  L’a delivre peyi Siyon. L’a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y’a pran tè a pou yo.
36  Pitit pitit sèvitè l’ yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l’ yo va viv.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 69

1 Au chef des chantres. Sur les lis. De David. Sauve-moi, ô Dieu! Car les eaux menacent ma vie.
 J’enfonce dans la boue, sans pouvoir me tenir; Je suis tombé dans un gouffre, et les eaux m’inondent.
 Je m’épuise à crier, mon gosier se dessèche, Mes yeux se consument, tandis que je regarde vers mon Dieu.
 Ils sont plus nombreux que les cheveux de ma tête, Ceux qui me haïssent sans cause; Ils sont puissants, ceux qui veulent me perdre, Qui sont à tort mes ennemis. Ce que je n’ai pas dérobé, il faut que je le restitue.
 O Dieu! tu connais ma folie, Et mes fautes ne te sont point cachées.
 Que ceux qui espèrent en toi ne soient pas confus à cause de moi, Seigneur, Éternel des armées! Que ceux qui te cherchent ne soient pas dans la honte à cause de moi, Dieu d’Israël!
 Car c’est pour toi que je porte l’opprobre, Que la honte couvre mon visage;
 Je suis devenu un étranger pour mes frères, Un inconnu pour les fils de ma mère.
 Car le zèle de ta maison me dévore, Et les outrages de ceux qui t’insultent tombent sur moi.
10  Je verse des larmes et je jeûne, Et c’est ce qui m’attire l’opprobre;
11  Je prends un sac pour vêtement, Et je suis l’objet de leurs sarcasmes.
12  Ceux qui sont assis à la porte parlent de moi, Et les buveurs de liqueurs fortes me mettent en chansons.
13  Mais je t’adresse ma prière, ô Éternel! Que ce soit le temps favorable, ô Dieu, par ta grande bonté! Réponds-moi, en m’assurant ton secours!
14  Retire-moi de la boue, et que je n’enfonce plus! Que je sois délivré de mes ennemis et du gouffre!
15  Que les flots ne m’inondent plus, Que l’abîme ne m’engloutisse pas, Et que la fosse ne se ferme pas sur moi!
16  Exauce-moi, Éternel! car ta bonté est immense. Dans tes grandes compassions, tourne vers moi les regards,
17  Et ne cache pas ta face à ton serviteur! Puisque je suis dans la détresse, hâte-toi de m’exaucer!
18  Approche-toi de mon âme, délivre-la! Sauve-moi, à cause de mes ennemis!
19  Tu connais mon opprobre, ma honte, mon ignominie; Tous mes adversaires sont devant toi.
20  L’opprobre me brise le coeur, et je suis malade; J’attends de la pitié, mais en vain, Des consolateurs, et je n’en trouve aucun.
21  Ils mettent du fiel dans ma nourriture, Et, pour apaiser ma soif, ils m’abreuvent de vinaigre.
22  Que leur table soit pour eux un piège, Et un filet au sein de leur sécurité!
23  Que leurs yeux s’obscurcissent et ne voient plus, Et fais continuellement chanceler leurs reins!
24  Répands sur eux ta colère, Et que ton ardente fureur les atteigne!
25  Que leur demeure soit dévastée, Qu’il n’y ait plus d’habitants dans leurs tentes!
26  Car ils persécutent celui que tu frappes, Ils racontent les souffrances de ceux que tu blesses.
27  Ajoute des iniquités à leurs iniquités, Et qu’ils n’aient point part à ta miséricorde!
28  Qu’ils soient effacés du livre de vie, Et qu’ils ne soient point inscrits avec les justes!
29  Moi, je suis malheureux et souffrant: O Dieu, que ton secours me relève!
30  Je célébrerai le nom de Dieu par des cantiques, Je l’exalterai par des louanges.
31  Cela est agréable à l’Éternel, plus qu’un taureau Avec des cornes et des sabots.
32  Les malheureux le voient et se réjouissent; Vous qui cherchez Dieu, que votre coeur vive!
33  Car l’Éternel écoute les pauvres, Et il ne méprise point ses captifs.
34  Que les cieux et la terre le célèbrent, Les mers et tout ce qui s’y meut!
35  Car Dieu sauvera Sion, et bâtira les villes de Juda; On s’y établira, et l’on en prendra possession;
36  La postérité de ses serviteurs en fera son héritage, Et ceux qui aiment son nom y auront leur demeure.
Louis Segond {LSG}

Psalm 69 

1 Save me, O God; for the waters are come in unto my soul.
I sink in deep mire, where there is no standing: I am come into deep waters, where the floods overflow me.
I am weary of my crying: my throat is dried: mine eyes fail while I wait for my God.
They that hate me without a cause are more than the hairs of mine head: they that would destroy me, being mine enemies wrongfully, are mighty: then I restored that which I took not away.
O God, thou knowest my foolishness; and my sins are not hid from thee.
Let not them that wait on thee, O Lord God of hosts, be ashamed for my sake: let not those that seek thee be confounded for my sake, O God of Israel.
Because for thy sake I have borne reproach; shame hath covered my face.
I am become a stranger unto my brethren, and an alien unto my mother’s children.
For the zeal of thine house hath eaten me up; and the reproaches of them that reproached thee are fallen upon me.
10 When I wept, and chastened my soul with fasting, that was to my reproach.
11 I made sackcloth also my garment; and I became a proverb to them.
12 They that sit in the gate speak against me; and I was the song of the drunkards.
13 But as for me, my prayer is unto thee, O Lord, in an acceptable time: O God, in the multitude of thy mercy hear me, in the truth of thy salvation.
14 Deliver me out of the mire, and let me not sink: let me be delivered from them that hate me, and out of the deep waters.
15 Let not the waterflood overflow me, neither let the deep swallow me up, and let not the pit shut her mouth upon me.
16 Hear me, O Lord; for thy lovingkindness is good: turn unto me according to the multitude of thy tender mercies.
17 And hide not thy face from thy servant; for I am in trouble: hear me speedily.
18 Draw nigh unto my soul, and redeem it: deliver me because of mine enemies.
19 Thou hast known my reproach, and my shame, and my dishonour: mine adversaries are all before thee.
20 Reproach hath broken my heart; and I am full of heaviness: and I looked for some to take pity, but there was none; and for comforters, but I found none.
21 They gave me also gall for my meat; and in my thirst they gave me vinegar to drink.
22 Let their table become a snare before them: and that which should have been for their welfare, let it become a trap.
23 Let their eyes be darkened, that they see not; and make their loins continually to shake.
24 Pour out thine indignation upon them, and let thy wrathful anger take hold of them.
25 Let their habitation be desolate; and let none dwell in their tents.
26 For they persecute him whom thou hast smitten; and they talk to the grief of those whom thou hast wounded.
27 Add iniquity unto their iniquity: and let them not come into thy righteousness.
28 Let them be blotted out of the book of the living, and not be written with the righteous.
29 But I am poor and sorrowful: let thy salvation, O God, set me up on high.
30 I will praise the name of God with a song, and will magnify him with thanksgiving.
31 This also shall please the Lord better than an ox or bullock that hath horns and hoofs.
32 The humble shall see this, and be glad: and your heart shall live that seek God.
33 For the Lord heareth the poor, and despiseth not his prisoners.
34 Let the heaven and earth praise him, the seas, and every thing that moveth therein.
35 For God will save Zion, and will build the cities of Judah: that they may dwell there, and have it in possession.
36 The seed also of his servants shall inherit it: and they that love his name shall dwell therein.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}