Liv 1 Wa / 1 Rois / 1Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Wa 13

1 Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan.
Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y’ap rele l’ Jozyas. L’ap vini, l’ap pran tout prèt k’ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k’ap boule lansan sou ou yo, l’ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y’a boule zosman moun.
Menm jou sa a pwofèt la bay yon siy, li di konsa: -Lotèl sa a pral fann de bò. Sann dife ki sou li a pral gaye tout atè a. Lè n’a wè sa, n’a konnen se Seyè a menm ki pale nan bouch mwen.
Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l’ anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t’ ka fè yon mouvman avè l’ ankò.
Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a.
wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l’ pou l’ geri men m’. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.
Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m’. W’a manje. Lèfini, m’a fè ou kado kichòy.
Pwofèt la reponn: -Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p’ap mete pwent pye m’ lakay ou. Mwen p’ap manje pen, ni mwen p’ap bwè dlo isit la.
Paske, Seyè a te ban mwen lòd pou m’ pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m’ pa pran menm chemen mwen te vini an pou m’ tounen lakay mwen.
10 Se konsa li pran yon lòt wout pou l’ tounen lakay li, li pa pran menm chemen li te pran lè li t’ap vini lavil Betèl la.
11  Nan tan sa a, te gen yon pwofèt ki te rete lavil Betèl. Li te granmoun anpil. Pitit gason l’ yo vin rakonte l’ tou sa pwofèt Bondye a te fè jou sa a lavil Betèl, ak tou sa li te di wa Jewoboram.
12 Pwofèt la mande yo ki wout yo wè l’ pran. Pitit gason l’ yo moutre l’ chemen pwofèt Bondye ki te soti peyi Jida a te pran.
13 Li di pitit gason l’ yo sele bourik li pou li. Yo sele bourik li a, li moute sou li,
14 li pati dèyè pwofèt Bondye a. Li jwenn li chita anba yon pye chenn. Li mande l’: -Se ou menm pwofèt Bondye ki soti peyi Jida a? Nonm lan reponn: -Se mwen wi!
15 Li di l’ konsa: -Ann al lakay avè m’. W’a manje kichòy!
16 Men pwofèt peyi Jida a di l’: -Non, m’ pa ka tounen avè ou, ni m’ pa ka al lakay ou. Lèfini, m’ p’ap manje, m’ p’ap bwè anyen avè ou isit la.
17 Paske Seyè a te ban m’ lòd pou m’ pa t’ ni manje ni bwè anyen avè ou isit la, lèfini pou m’ pa pran menm chemen mwen te pase pou m’ vini an pou m’ tounen.
18 Lè sa a pwofèt lavil Betèl la di l’: -Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Seyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m’ pou m’ fè ou tounen lakay ansanm avè m’, lèfini pou m’ ba ou manje, pou m’ ba ou bwè! Men se manti pwofèt lavil Betèl la t’ap ba li.
19 Se konsa pwofèt peyi Jida a tounen lakay pwofèt Betèl la, li manje, li bwè avè l’.
20 Yo te chita bò tab la toujou lè Seyè a pale ak pwofèt Betèl la
21 ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l’ byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a.
22 Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w’ap mouri, lèfini, ou p’ap antere nan kavo fanmi ou.
23  Lè yo fin manje, pwofèt lavil Betèl la sele bourik pwofèt peyi Jida a pou li.
24 Pwofèt peyi Jida a pati. Li kontre ak yon lyon sou chemen li, lyon an touye l’. Kadav li te blayi atè a nan mitan chimen an. Bourik la ak lyon an te rete la bò kote l’.
25 Moun ki t’ap pase bò la wè kadav la atè nan chimen an ansanm ak lyon an bò kote l’. Yo antre lavil Betèl kote pwofèt granmoun lan te rete a, yo rakonte sa yo wè.
26 Lè pwofèt la tande sa, li di: -Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Seyè a te ba li a. Konsa, Seyè a voye yon lyon atake l’. Lyon an kraze l’, li touye l’ jan Seyè a te di l’ l’ap fè l’ la.
27 Li di pitit gason l’ yo. -Sele bourik la pou mwen! Yo sele bourik msye.
28 Msye pati, li jwenn kadav pwofèt peyi Jida a lonje atè a nan chimen an, bourik la ak lyon an kanpe bò kote l’ toujou. Lyon an pa t’ manje kadav la, ni li pa t’ fè bourik la anyen.
29 Pwofèt lavil Betèl l’a ranmase kadav l’a, li mete l’ sou bourik la, li pote l’ tounen lavil Betèl. Li pran lapenn pou li. Lèfini, li antere l’.
30 Li mete kadav la nan kavo pwòp fanmi l’. Li menm ansanm ak pitit gason li yo kriye pou li, yo t’ap di: -Woy, frè mwen! Ou al kite m’ vre?
31 Apre lantèman an, pwofèt la pale ak pitit gason l’ yo. Li di yo: -Lè m’a mouri, n’a antere m’ nan kavo sa a, n’a mete kadav mwen kole kole ak kadav pa l’ la.
32 Pawòl Seyè a te ba li lòd di sou lotèl lavil Betèl la ak sou lòt kote y’ap fè sèvis nan lavil Samari yo gen pou rive vre.
33 Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t’ap fè yo. Li t’ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l’ pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo.
34 Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Rois 13 

1 Voici, un homme de Dieu arriva de Juda à Béthel, par la parole de l’Éternel, pendant que Jéroboam se tenait à l’autel pour brûler des parfums.
Il cria contre l’autel, par la parole de l’Éternel, et il dit: Autel! autel! ainsi parle l’Éternel: Voici, il naîtra un fils à la maison de David; son nom sera Josias; il immolera sur toi les prêtres des hauts lieux qui brûlent sur toi des parfums, et l’on brûlera sur toi des ossements d’hommes!
Et le même jour il donna un signe, en disant: C’est ici le signe que l’Éternel a parlé: Voici, l’autel se fendra, et la cendre qui est dessus sera répandue.
Lorsque le roi entendit la parole que l’homme de Dieu avait criée contre l’autel de Béthel, il avança la main de dessus l’autel, en disant: Saisissez le! Et la main que Jéroboam avait étendue contre lui devint sèche, et il ne put la ramener à soi.
L’autel se fendit, et la cendre qui était dessus fut répandue, selon le signe qu’avait donné l’homme de Dieu, par la parole de l’Éternel.
Alors le roi prit la parole, et dit à l’homme de Dieu: Implore l’Éternel, ton Dieu, et prie pour moi, afin que je puisse retirer ma main. L’homme de Dieu implora l’Éternel, et le roi put retirer sa main, qui fut comme auparavant.
Le roi dit à l’homme de Dieu: Entre avec moi dans la maison, tu prendras quelque nourriture, et je te donnerai un présent.
L’homme de Dieu dit au roi: Quand tu me donnerais la moitié de ta maison, je n’entrerais pas avec toi. Je ne mangerai point de pain, et je ne boirai point d’eau dans ce lieu-ci;
car cet ordre m’a été donné, par la parole de l’Éternel: Tu ne mangeras point de pain et tu ne boiras point d’eau, et tu ne prendras pas à ton retour le chemin par lequel tu seras allé.
10 Et il s’en alla par un autre chemin, il ne prit pas à son retour le chemin par lequel il était venu à Béthel.
11 Or il y avait un vieux prophète qui demeurait à Béthel. Ses fils vinrent lui raconter toutes les choses que l’homme de Dieu avait faites à Béthel ce jour-là, et les paroles qu’il avait dites au roi. Lorsqu’ils en eurent fait le récit à leur père,
12 il leur dit: Par quel chemin s’en est-il allé? Ses fils avaient vu par quel chemin s’en était allé l’homme de Dieu qui était venu de Juda.
13 Et il dit à ses fils: Sellez-moi l’âne. Ils lui sellèrent l’âne, et il monta dessus.
14 Il alla après l’homme de Dieu, et il le trouva assis sous un térébinthe. Il lui dit: Es-tu l’homme de Dieu qui est venu de Juda? Il répondit: Je le suis.
15 Alors il lui dit: Viens avec moi à la maison, et tu prendras quelque nourriture.
16 Mais il répondit: Je ne puis ni retourner avec toi, ni entrer chez toi. Je ne mangerai point de pain, je ne boirai point d’eau avec toi en ce lieu-ci;
17 car il m’a été dit, par la parole de l’Éternel: Tu n’y mangeras point de pain et tu n’y boiras point d’eau, et tu ne prendras pas à ton retour le chemin par lequel tu seras allé.
18 Et il lui dit: Moi aussi, je suis prophète comme toi; et un ange m’a parlé de la part de l’Éternel, et m’a dit: Ramène-le avec toi dans ta maison, et qu’il mange du pain et boive de l’eau. Il lui mentait.
19 L’homme de Dieu retourna avec lui, et il mangea du pain et but de l’eau dans sa maison.
20 Comme ils étaient assis à table, la parole de l’Éternel fut adressée au prophète qui l’avait ramené.
21 Et il cria à l’homme de Dieu qui était venu de Juda: Ainsi parle l’Éternel: Parce que tu as été rebelle à l’ordre de l’Éternel, et que tu n’as pas observé le commandement que l’Éternel, ton Dieu, t’avait donné;
22 parce que tu es retourné, et que tu as mangé du pain et bu de l’eau dans le lieu dont il t’avait dit: Tu n’y mangeras point de pain et tu n’y boiras point d’eau, -ton cadavre n’entrera pas dans le sépulcre de tes pères.
23 Et quand le prophète qu’il avait ramené eut mangé du pain et qu’il eut bu de l’eau, il sella l’âne pour lui.
24 L’homme de Dieu s’en alla: et il fut rencontré dans le chemin par un lion qui le tua. Son cadavre était étendu dans le chemin; l’âne resta près de lui, et le lion se tint à côté du cadavre.
25 Et voici, des gens qui passaient virent le cadavre étendu dans le chemin et le lion se tenant à côté du cadavre; et ils en parlèrent à leur arrivée dans la ville où demeurait le vieux prophète.
26 Lorsque le prophète qui avait ramené du chemin l’homme de Dieu l’eut appris, il dit: C’est l’homme de Dieu qui a été rebelle à l’ordre de l’Éternel, et l’Éternel l’a livré au lion, qui l’a déchiré et l’a fait mourir, selon la parole que l’Éternel lui avait dite.
27 Puis, s’adressant à ses fils, il dit: Sellez-moi l’âne. Ils le sellèrent,
28 et il partit. Il trouva le cadavre étendu dans le chemin, et l’âne et le lion qui se tenaient à côté du cadavre. Le lion n’avait pas dévoré le cadavre et n’avait pas déchiré l’âne.
29 Le prophète releva le cadavre de l’homme de Dieu, le plaça sur l’âne, et le ramena; et le vieux prophète rentra dans la ville pour le pleurer et pour l’enterrer.
30 Il mit son cadavre dans le sépulcre, et l’on pleura sur lui, en disant: Hélas, mon frère!
31 Après l’avoir enterré, il dit à ses fils: Quand je serai mort, vous m’enterrerez dans le sépulcre où est enterré l’homme de Dieu, vous déposerez mes os à côté de ses os.
32 Car elle s’accomplira, la parole qu’il a criée, de la part de l’Éternel, contre l’autel de Béthel et contre toutes les maisons des hauts lieux qui sont dans les villes de Samarie.
33 Après cet événement, Jéroboam ne se détourna point de sa mauvaise voie. Il créa de nouveau des prêtres des hauts lieux pris parmi tout le peuple; quiconque en avait le désir, il le consacrait prêtre des hauts lieux.
34 Ce fut là une occasion de péché pour la maison de Jéroboam, et c’est pour cela qu’elle a été exterminée et détruite de dessus la face de la terre.
Louis Segond {LSG}

1 Kings 13

1 And, behold, there came a man of God out of Judah by the word of the Lord unto Bethel: and Jeroboam stood by the altar to burn incense.
And he cried against the altar in the word of the Lord, and said, O altar, altar, thus saith the Lord; Behold, a child shall be born unto the house of David, Josiah by name; and upon thee shall he offer the priests of the high places that burn incense upon thee, and men’s bones shall be burnt upon thee.
And he gave a sign the same day, saying, This is the sign which the Lord hath spoken; Behold, the altar shall be rent, and the ashes that are upon it shall be poured out.
And it came to pass, when king Jeroboam heard the saying of the man of God, which had cried against the altar in Bethel, that he put forth his hand from the altar, saying, Lay hold on him. And his hand, which he put forth against him, dried up, so that he could not pull it in again to him.
The altar also was rent, and the ashes poured out from the altar, according to the sign which the man of God had given by the word of the Lord.
And the king answered and said unto the man of God, Intreat now the face of the Lord thy God, and pray for me, that my hand may be restored me again. And the man of God besought the Lord, and the king’s hand was restored him again, and became as it was before.
And the king said unto the man of God, Come home with me, and refresh thyself, and I will give thee a reward.
And the man of God said unto the king, If thou wilt give me half thine house, I will not go in with thee, neither will I eat bread nor drink water in this place:
For so was it charged me by the word of the Lord, saying, Eat no bread, nor drink water, nor turn again by the same way that thou camest.
10 So he went another way, and returned not by the way that he came to Bethel.
11 Now there dwelt an old prophet in Bethel; and his sons came and told him all the works that the man of God had done that day in Bethel: the words which he had spoken unto the king, them they told also to their father.
12 And their father said unto them, What way went he? For his sons had seen what way the man of God went, which came from Judah.
13 And he said unto his sons, Saddle me the ass. So they saddled him the ass: and he rode thereon,
14 And went after the man of God, and found him sitting under an oak: and he said unto him, Art thou the man of God that camest from Judah? And he said, I am.
15 Then he said unto him, Come home with me, and eat bread.
16 And he said, I may not return with thee, nor go in with thee: neither will I eat bread nor drink water with thee in this place:
17 For it was said to me by the word of the Lord, Thou shalt eat no bread nor drink water there, nor turn again to go by the way that thou camest.
18 He said unto him, I am a prophet also as thou art; and an angel spake unto me by the word of the Lord, saying, Bring him back with thee into thine house, that he may eat bread and drink water. But he lied unto him.
19 So he went back with him, and did eat bread in his house, and drank water.
20 And it came to pass, as they sat at the table, that the word of the Lord came unto the prophet that brought him back:
21 And he cried unto the man of God that came from Judah, saying, Thus saith the Lord, Forasmuch as thou hast disobeyed the mouth of the Lord, and hast not kept the commandment which the Lord thy God commanded thee,
22 But camest back, and hast eaten bread and drunk water in the place, of the which the Lord did say to thee, Eat no bread, and drink no water; thy carcase shall not come unto the sepulchre of thy fathers.
23 And it came to pass, after he had eaten bread, and after he had drunk, that he saddled for him the ass, to wit, for the prophet whom he had brought back.
24 And when he was gone, a lion met him by the way, and slew him: and his carcase was cast in the way, and the ass stood by it, the lion also stood by the carcase.
25 And, behold, men passed by, and saw the carcase cast in the way, and the lion standing by the carcase: and they came and told it in the city where the old prophet dwelt.
26 And when the prophet that brought him back from the way heard thereof, he said, It is the man of God, who was disobedient unto the word of the Lord: therefore the Lord hath delivered him unto the lion, which hath torn him, and slain him, according to the word of the Lord, which he spake unto him.
27 And he spake to his sons, saying, Saddle me the ass. And they saddled him.
28 And he went and found his carcase cast in the way, and the ass and the lion standing by the carcase: the lion had not eaten the carcase, nor torn the ass.
29 And the prophet took up the carcase of the man of God, and laid it upon the ass, and brought it back: and the old prophet came to the city, to mourn and to bury him.
30 And he laid his carcase in his own grave; and they mourned over him, saying, Alas, my brother!
31 And it came to pass, after he had buried him, that he spake to his sons, saying, When I am dead, then bury me in the sepulchre wherein the man of God is buried; lay my bones beside his bones:
32 For the saying which he cried by the word of the Lord against the altar in Bethel, and against all the houses of the high places which are in the cities of Samaria, shall surely come to pass.
33 After this thing Jeroboam returned not from his evil way, but made again of the lowest of the people priests of the high places: whosoever would, he consecrated him, and he became one of the priests of the high places.
34 And this thing became sin unto the house of Jeroboam, even to cut it off, and to destroy it from off the face of the earth.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}