Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 98  

1 Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Seyè a te fè wè jan l’ delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.
 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!
Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!
Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k’ap viv ladan l’ pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k’ap viv sou li pran chante.
Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.
Paske, l’ap vini pou l’ jije tout moun ki sou latè! L’ap jije tout moun san patipri. L’ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 98

1 Psaume. Chantez à l’Éternel un cantique nouveau! Car il a fait des prodiges. Sa droite et son bras saint lui sont venus en aide.
L’Éternel a manifesté son salut, Il a révélé sa justice aux yeux des nations.
Il s’est souvenu de sa bonté et de sa fidélité envers la maison d’Israël, Toutes les extrémités de la terre ont vu le salut de notre Dieu.
Poussez vers l’Éternel des cris de joie, Vous tous, habitants de la terre! Faites éclater votre allégresse, et chantez!
Chantez à l’Éternel avec la harpe; Avec la harpe chantez des cantiques!
Avec les trompettes et au son du cor, Poussez des cris de joie devant le roi, l’Éternel!
Que la mer retentisse avec tout ce qu’elle contient, Que le monde et ceux qui l’habitent éclatent d’allégresse,
Que les fleuves battent des mains, Que toutes les montagnes poussent des cris de joie,
Devant l’Éternel! Car il vient pour juger la terre; Il jugera le monde avec justice, Et les peuples avec équité.
Louis Segond {LSG}

Psalm 98 

1 O sing unto the Lord a new song; for he hath done marvellous things: his right hand, and his holy arm, hath gotten him the victory.
The Lord hath made known his salvation: his righteousness hath he openly shewed in the sight of the heathen.
He hath remembered his mercy and his truth toward the house of Israel: all the ends of the earth have seen the salvation of our God.
Make a joyful noise unto the Lord, all the earth: make a loud noise, and rejoice, and sing praise.
Sing unto the Lord with the harp; with the harp, and the voice of a psalm.
With trumpets and sound of cornet make a joyful noise before the Lord, the King.
Let the sea roar, and the fulness thereof; the world, and they that dwell therein.
Let the floods clap their hands: let the hills be joyful together
Before the Lord; for he cometh to judge the earth: with righteousness shall he judge the world, and the people with equity.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}