Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 7  

1 Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m’. Pa kite m’ tonbe nan men moun k’ap pèsekite m’ yo.
2 Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y’ap pote m’ ale, y’ap devore m’ san pesonn p’ap ka pote m’ sekou.
3 Seyè, Bondye mwen, si m’ te fè bagay sa yo vre, si m’ te fè yon moun mal,
4 si m’ te aji mal ak moun ki te fè m’ byen, si m’ te pèsekite lènmi m’ san rezon,
5 ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l’ mache sou mwen, ou mèt kite l’ trennen non m’ nan labou.
6 Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m’ yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m’ sekou, paske se jistis ou m’ap chache.
7 Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.
 Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m’ jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
 Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
10  Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.
11  Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.
12  Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l’ap pare banza li pou l’ vize li.
13  Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L’ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.
14  Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L’ap fè plan pou fè moun mal. L’ap plede bay manti.
15  Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
16  Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l’ ki tounen kont li!
17  Mwen menm, m’ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M’ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 7

 1 Complainte de David. Chantée à l’Éternel, au sujet de Cusch, Benjamite. Éternel, mon Dieu! je cherche en toi mon refuge; Sauve-moi de tous mes persécuteurs, et délivre-moi,
 Afin qu’il ne me déchire pas, comme un lion Qui dévore sans que personne vienne au secours.
 Éternel, mon Dieu! si j’ai fait cela, S’il y a de l’iniquité dans mes mains,
 Si j’ai rendu le mal à celui qui était paisible envers moi, Si j’ai dépouillé celui qui m’opprimait sans cause,
 Que l’ennemi me poursuive et m’atteigne, Qu’il foule à terre ma vie, Et qu’il couche ma gloire dans la poussière! -Pause.
 Lève-toi, ô Éternel! dans ta colère, Lève-toi contre la fureur de mes adversaires, Réveille-toi pour me secourir, ordonne un jugement!
 Que l’assemblée des peuples t’environne! Monte au-dessus d’elle vers les lieux élevés!
 L’Éternel juge les peuples: Rends-moi justice, ô Éternel! Selon mon droit et selon mon innocence!
 Mets un terme à la malice des méchants, Et affermis le juste, Toi qui sondes les coeurs et les reins, Dieu juste!
10  Mon bouclier est en Dieu, Qui sauve ceux dont le coeur est droit.
11  Dieu est un juste juge, Dieu s’irrite en tout temps.
12  Si le méchant ne se convertit pas, il aiguise son glaive, Il bande son arc, et il vise;
13  Il dirige sur lui des traits meurtriers, Il rend ses flèches brûlantes.
14  Voici, le méchant prépare le mal, Il conçoit l’iniquité, et il enfante le néant.
15  Il ouvre une fosse, il la creuse, Et il tombe dans la fosse qu’il a faite.
16  Son iniquité retombe sur sa tête, Et sa violence redescend sur son front.
17  Je louerai l’Éternel à cause de sa justice, Je chanterai le nom de l’Éternel, du Très Haut.
Louis Segond {LSG}

Psalm 7 

1 O Lord my God, in thee do I put my trust: save me from all them that persecute me, and deliver me:
Lest he tear my soul like a lion, rending it in pieces, while there is none to deliver.
Lord my God, If I have done this; if there be iniquity in my hands;
If I have rewarded evil unto him that was at peace with me; (yea, I have delivered him that without cause is mine enemy:)
Let the enemy persecute my soul, and take it; yea, let him tread down my life upon the earth, and lay mine honour in the dust. Selah.
Arise, O Lord, in thine anger, lift up thyself because of the rage of mine enemies: and awake for me to the judgment that thou hast commanded.
So shall the congregation of the people compass thee about: for their sakes therefore return thou on high.
The Lord shall judge the people: judge me, O Lord, according to my righteousness, and according to mine integrity that is in me.
Oh let the wickedness of the wicked come to an end; but establish the just: for the righteous God trieth the hearts and reins.
10 My defence is of God, which saveth the upright in heart.
11 God judgeth the righteous, and God is angry with the wicked every day.
12 If he turn not, he will whet his sword; he hath bent his bow, and made it ready.
13 He hath also prepared for him the instruments of death; he ordaineth his arrows against the persecutors.
14 Behold, he travaileth with iniquity, and hath conceived mischief, and brought forth falsehood.
15 He made a pit, and digged it, and is fallen into the ditch which he made.
16 His mischief shall return upon his own head, and his violent dealing shall come down upon his own pate.
17 I will praise the Lord according to his righteousness: and will sing praise to the name of the Lord most high.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}