Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 45  

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
 Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
 Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
 Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
 Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W’ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
 Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l’a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
 Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y’ap fè mizik pou fè kè ou kontan.
 Pami medam k’ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
10  Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m’ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
11  Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l’.
12  Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
13  Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
14  Yo mennen l’ bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l’: yo prezante yo ba ou tou.
15  Y’ap vini, yo kontan, y’ap chante, y’ap antre nan palè wa a.
16  Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W’ap mete yo chèf sou tout latè.
17  Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 45

1 Au chef des chantres. Sur les lis. Des fils de Koré. Cantique. Chant d’amour. Des paroles pleines de charme bouillonnent dans mon coeur. Je dis: Mon oeuvre est pour le roi! Que ma langue soit comme la plume d’un habile écrivain!
 Tu es le plus beau des fils de l’homme, La grâce est répandue sur tes lèvres: C’est pourquoi Dieu t’a béni pour toujours.
 Vaillant guerrier, ceins ton épée, -Ta parure et ta gloire,
 Oui, ta gloire! -Sois vainqueur, monte sur ton char, Défends la vérité, la douceur et la justice, Et que ta droite se signale par de merveilleux exploits!
 Tes flèches sont aiguës; Des peuples tomberont sous toi; Elles perceront le coeur des ennemis du roi.
 Ton trône, ô Dieu, est à toujours; Le sceptre de ton règne est un sceptre d’équité.
 Tu aimes la justice, et tu hais la méchanceté: C’est pourquoi, ô Dieu, ton Dieu t’a oint D’une huile de joie, par privilège sur tes collègues.
 La myrrhe, l’aloès et la casse parfument tous tes vêtements; Dans les palais d’ivoire les instruments à cordes te réjouissent.
 Des filles de rois sont parmi tes bien-aimées; La reine est à ta droite, parée d’or d’Ophir.
10  Écoute, ma fille, vois, et prête l’oreille; Oublie ton peuple et la maison de ton père.
11  Le roi porte ses désirs sur ta beauté; Puisqu’il est ton seigneur, rends-lui tes hommages.
12  Et, avec des présents, la fille de Tyr, Les plus riches du peuple rechercheront ta faveur.
13  Toute resplendissante est la fille du roi dans l’intérieur du palais; Elle porte un vêtement tissu d’or.
14  Elle est présentée au roi, vêtue de ses habits brodés, Et suivie des jeunes filles, ses compagnes, qui sont amenées auprès de toi;
15  On les introduit au milieu des réjouissances et de l’allégresse, Elles entrent dans le palais du roi.
16  Tes enfants prendront la place de tes pères; Tu les établiras princes dans tout le pays.
17  Je rappellerai ton nom dans tous les âges: Aussi les peuples te loueront éternellement et à jamais.
Louis Segond {LSG}

Psalm 45 

1 My heart is inditing a good matter: I speak of the things which I have made touching the king: my tongue is the pen of a ready writer.
Thou art fairer than the children of men: grace is poured into thy lips: therefore God hath blessed thee for ever.
Gird thy sword upon thy thigh, O most mighty, with thy glory and thy majesty.
And in thy majesty ride prosperously because of truth and meekness and righteousness; and thy right hand shall teach thee terrible things.
Thine arrows are sharp in the heart of the king’s enemies; whereby the people fall under thee.
Thy throne, O God, is for ever and ever: the sceptre of thy kingdom is a right sceptre.
Thou lovest righteousness, and hatest wickedness: therefore God, thy God, hath anointed thee with the oil of gladness above thy fellows.
All thy garments smell of myrrh, and aloes, and cassia, out of the ivory palaces, whereby they have made thee glad.
Kings’ daughters were among thy honourable women: upon thy right hand did stand the queen in gold of Ophir.
10 Hearken, O daughter, and consider, and incline thine ear; forget also thine own people, and thy father’s house;
11 So shall the king greatly desire thy beauty: for he is thy Lord; and worship thou him.
12 And the daughter of Tyre shall be there with a gift; even the rich among the people shall intreat thy favour.
13 The king’s daughter is all glorious within: her clothing is of wrought gold.
14 She shall be brought unto the king in raiment of needlework: the virgins her companions that follow her shall be brought unto thee.
15 With gladness and rejoicing shall they be brought: they shall enter into the king’s palace.
16 Instead of thy fathers shall be thy children, whom thou mayest make princes in all the earth.
17 I will make thy name to be remembered in all generations: therefore shall the people praise thee for ever and ever.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}