Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 95  

1 Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k’ap pwoteje nou an, pou moun k’ap delivre nou an!
Ann parèt devan li pou nou di l’ mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.
Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l’. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou.
Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l’, latè a tou, paske se li ki ba l’ fòm ak men l’.
Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
 Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l’ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l’ap di nou:
-Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l’ lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l’ jou sa a nan dezè a bò Masa.
Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m’, malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
10 Pandan karantan, ras moun sa yo ban m’ degoutans. Mwen te di: Y’ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
11 Se sak fè, lè m’ te ankòlè a, mwen sèmante yo p’ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 95

1 Venez, chantons avec allégresse à l’Éternel! Poussons des cris de joie vers le rocher de notre salut.
Allons au-devant de lui avec des louanges, Faisons retentir des cantiques en son honneur!
Car l’Éternel est un grand Dieu, Il est un grand roi au-dessus de tous les dieux.
Il tient dans sa main les profondeurs de la terre, Et les sommets des montagnes sont à lui.
La mer est à lui, c’est lui qui l’a faite; La terre aussi, ses mains l’ont formée.
Venez, prosternons-nous et humilions-nous, Fléchissons le genou devant l’Éternel, notre créateur!
Car il est notre Dieu, Et nous sommes le peuple de son pâturage, Le troupeau que sa main conduit… Oh! si vous pouviez écouter aujourd’hui sa voix!
N’endurcissez pas votre coeur, comme à Meriba, Comme à la journée de Massa, dans le désert,
Où vos pères me tentèrent, M’éprouvèrent, quoiqu’ils vissent mes oeuvres.
10 Pendant quarante ans j’eus cette race en dégoût, Et je dis: C’est un peuple dont le coeur est égaré; Ils ne connaissent pas mes voies.
11 Aussi je jurai dans ma colère: Ils n’entreront pas dans mon repos!
Louis Segond {LSG}

Psalm 95  

1 O come, let us sing unto the Lord: let us make a joyful noise to the rock of our salvation.
Let us come before his presence with thanksgiving, and make a joyful noise unto him with psalms.
For the Lord is a great God, and a great King above all gods.
In his hand are the deep places of the earth: the strength of the hills is his also.
The sea is his, and he made it: and his hands formed the dry land.
O come, let us worship and bow down: let us kneel before the Lord our maker.
For he is our God; and we are the people of his pasture, and the sheep of his hand. To day if ye will hear his voice,
Harden not your heart, as in the provocation, and as in the day of temptation in the wilderness:
When your fathers tempted me, proved me, and saw my work.
10 Forty years long was I grieved with this generation, and said, It is a people that do err in their heart, and they have not known my ways:
11 Unto whom I sware in my wrath that they should not enter into my rest.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}