Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 20              

Nan dimanch maten, byen bonè, li pa t’ ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a.
Li kouri, li al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyè a kote l’ te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.
Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y’ al nan kavo a.
Yo t’ap kouri ansanm, men lòt disip la t’ap kouri pi vit pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li.
Li bese pou l’ gade anndan an. Li wè bann twal fin yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre.
Lè Simon Pyè rive dèyè l’, li antre nan kavo a. Li wè bann twal fin yo anpile atè a
ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pa t’ menm kote ak bann twal fin yo. Li te vlope apa yon lòt kote.
Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè.
(Disip yo pa t’ ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l’ te leve soti vivan pami mò yo.)
10 Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.
11  Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t’ap kriye. Antan l’ t’ap kriye konsa, li bese tèt li pou l’ gade anndan kavo a.
12 Li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo.
13 Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w’ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m’ pa konn kote yo mete li.
14 Lè l’ fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t’ rekonèt si se te Jezi.
15 Jezi mande li: Madanm, poukisa w’ap kriye konsa? Ki moun w’ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: Mèt, si se ou menm ki wete l’, di m’ ki bò ou mete li. M’a v al pran li.
16 Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l’ an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt).
17 Jezi di li: Pa manyen m’! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m’ yo, di yo m’ap moute bò kot Papa m’ ki papa nou tou, m’ap moute bò kot Bondye m’ ki Bondye nou tou.
18 Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: Mwen wè Seyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.
19  Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!
20 Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l’ ak bò kòt li. Disip yo pa t’ manke kontan lè yo wè Seyè a.
21 Jezi di yo ankò: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m’ lan, se konsa m’ap voye nou tou.
22 Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri.
23 Moun n’a padone peche yo, y’a resevwa padon vre. Moun n’a refize padone, yo p’ap resevwa padon.
24 Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pa t’ la avèk yo lè Jezi te vini an.
25 Lòt disip yo di li: Nou wè Seyè a. Men, Toma reponn yo: Si m’ pa wè mak klou yo nan pla men l’, si m’ pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m’ pa mete men m’ nan bò kòt li, mwen p’ap kwè.
26  Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout.
27 Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m’ yo. Lonje men ou, mete l’ la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.
28 Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen!
29 Jezi di li: Koulye a, se paske ou wè m’ kifè ou kwè? benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen!
30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a.
31 Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 20             

1 Le premier jour de la semaine, Marie de Magdala se rendit au sépulcre dès le matin, comme il faisait encore obscur; et elle vit que la pierre était ôtée du sépulcre.
Elle courut vers Simon Pierre et vers l’autre disciple que Jésus aimait, et leur dit: Ils ont enlevé du sépulcre le Seigneur, et nous ne savons où ils l’ont mis.
Pierre et l’autre disciple sortirent, et allèrent au sépulcre.
Ils couraient tous deux ensemble. Mais l’autre disciple courut plus vite que Pierre, et arriva le premier au sépulcre;
s’étant baissé, il vit les bandes qui étaient à terre, cependant il n’entra pas.
Simon Pierre, qui le suivait, arriva et entra dans le sépulcre; il vit les bandes qui étaient à terre,
et le linge qu’on avait mis sur la tête de Jésus, non pas avec les bandes, mais plié dans un lieu à part.
Alors l’autre disciple, qui était arrivé le premier au sépulcre, entra aussi; et il vit, et il crut.
Car ils ne comprenaient pas encore que, selon l’Écriture, Jésus devait ressusciter des morts.
10 Et les disciples s’en retournèrent chez eux.
11 Cependant Marie se tenait dehors près du sépulcre, et pleurait. Comme elle pleurait, elle se baissa pour regarder dans le sépulcre;
12 et elle vit deux anges vêtus de blanc, assis à la place où avait été couché le corps de Jésus, l’un à la tête, l’autre aux pieds.
13 Ils lui dirent: Femme, pourquoi pleures-tu? Elle leur répondit: Parce qu’ils ont enlevé mon Seigneur, et je ne sais où ils l’ont mis.
14 En disant cela, elle se retourna, et elle vit Jésus debout; mais elle ne savait pas que c’était Jésus.
15 Jésus lui dit: Femme, pourquoi pleures-tu? Qui cherches-tu? Elle, pensant que c’était le jardinier, lui dit: Seigneur, si c’est toi qui l’as emporté, dis-moi où tu l’as mis, et je le prendrai.
16 Jésus lui dit: Marie! Elle se retourna, et lui dit en hébreu: Rabbouni! c’est-à-dire, Maître!
17 Jésus lui dit: Ne me touche pas; car je ne suis pas encore monté vers mon Père. Mais va trouver mes frères, et dis-leur que je monte vers mon Père et votre Père, vers mon Dieu et votre Dieu.
18 Marie de Magdala alla annoncer aux disciples qu’elle avait vu le Seigneur, et qu’il lui avait dit ces choses.
19 Le soir de ce jour, qui était le premier de la semaine, les portes du lieu où se trouvaient les disciples étant fermées, à cause de la crainte qu’ils avaient des Juifs, Jésus vint, se présenta au milieu d’eux, et leur dit: La paix soit avec vous!
20 Et quand il eut dit cela, il leur montra ses mains et son côté. Les disciples furent dans la joie en voyant le Seigneur.
21 Jésus leur dit de nouveau: La paix soit avec vous! Comme le Père m’a envoyé, moi aussi je vous envoie.
22 Après ces paroles, il souffla sur eux, et leur dit: Recevez le Saint Esprit.
23 Ceux à qui vous pardonnerez les péchés, ils leur seront pardonnés; et ceux à qui vous les retiendrez, ils leur seront retenus.
24 Thomas, appelé Didyme, l’un des douze, n’était pas avec eux lorsque Jésus vint.
25 Les autres disciples lui dirent donc: Nous avons vu le Seigneur. Mais il leur dit: Si je ne vois dans ses mains la marque des clous, et si je ne mets mon doigt dans la marque des clous, et si je ne mets ma main dans son côté, je ne croirai point.
26 Huit jours après, les disciples de Jésus étaient de nouveau dans la maison, et Thomas se trouvait avec eux. Jésus vint, les portes étant fermées, se présenta au milieu d’eux, et dit: La paix soit avec vous!
27 Puis il dit à Thomas: Avance ici ton doigt, et regarde mes mains; avance aussi ta main, et mets-la dans mon côté; et ne sois pas incrédule, mais crois.
28 Thomas lui répondit: Mon Seigneur et mon Dieu! Jésus lui dit:
29 Parce que tu m’as vu, tu as cru. Heureux ceux qui n’ont pas vu, et qui ont cru!
30 Jésus a fait encore, en présence de ses disciples, beaucoup d’autres miracles, qui ne sont pas écrits dans ce livre.
31 Mais ces choses ont été écrites afin que vous croyiez que Jésus est le Christ, le Fils de Dieu, et qu’en croyant vous ayez la vie en son nom.

Louis Segond {LSG}

John 20     

1 The first day of the week cometh Mary Magdalene early, when it was yet dark, unto the sepulchre, and seeth the stone taken away from the sepulchre.
Then she runneth, and cometh to Simon Peter, and to the other disciple, whom Jesus loved, and saith unto them, They have taken away the Lord out of the sepulchre, and we know not where they have laid him.
Peter therefore went forth, and that other disciple, and came to the sepulchre.
So they ran both together: and the other disciple did outrun Peter, and came first to the sepulchre.
And he stooping down, and looking in, saw the linen clothes lying; yet went he not in.
Then cometh Simon Peter following him, and went into the sepulchre, and seeth the linen clothes lie,
And the napkin, that was about his head, not lying with the linen clothes, but wrapped together in a place by itself.
Then went in also that other disciple, which came first to the sepulchre, and he saw, and believed.
For as yet they knew not the scripture, that he must rise again from the dead.
10 Then the disciples went away again unto their own home.
11 But Mary stood without at the sepulchre weeping: and as she wept, she stooped down, and looked into the sepulchre,
12 And seeth two angels in white sitting, the one at the head, and the other at the feet, where the body of Jesus had lain.
13 And they say unto her, Woman, why weepest thou? She saith unto them, Because they have taken away my Lord, and I know not where they have laid him.
14 And when she had thus said, she turned herself back, and saw Jesus standing, and knew not that it was Jesus.
15 Jesus saith unto her, Woman, why weepest thou? whom seekest thou? She, supposing him to be the gardener, saith unto him, Sir, if thou have borne him hence, tell me where thou hast laid him, and I will take him away.
16 Jesus saith unto her, Mary. She turned herself, and saith unto him, Rabboni; which is to say, Master.
17 Jesus saith unto her, Touch me not; for I am not yet ascended to my Father: but go to my brethren, and say unto them, I ascend unto my Father, and your Father; and to my God, and your God.
18 Mary Magdalene came and told the disciples that she had seen the Lord, and that he had spoken these things unto her.
19 Then the same day at evening, being the first day of the week, when the doors were shut where the disciples were assembled for fear of the Jews, came Jesus and stood in the midst, and saith unto them, Peace be unto you.
20 And when he had so said, he shewed unto them his hands and his side. Then were the disciples glad, when they saw the Lord.
21 Then said Jesus to them again, Peace be unto you: as my Father hath sent me, even so send I you.
22 And when he had said this, he breathed on them, and saith unto them, Receive ye the Holy Ghost:
23 Whose soever sins ye remit, they are remitted unto them; and whose soever sins ye retain, they are retained.
24 But Thomas, one of the twelve, called Didymus, was not with them when Jesus came.
25 The other disciples therefore said unto him, We have seen the Lord. But he said unto them, Except I shall see in his hands the print of the nails, and put my finger into the print of the nails, and thrust my hand into his side, I will not believe.
26 And after eight days again his disciples were within, and Thomas with them: then came Jesus, the doors being shut, and stood in the midst, and said, Peace be unto you.
27 Then saith he to Thomas, Reach hither thy finger, and behold my hands; and reach hither thy hand, and thrust it into my side: and be not faithless, but believing.
28 And Thomas answered and said unto him, My Lord and my God.
29 Jesus saith unto him, Thomas, because thou hast seen me, thou hast believed: blessed are they that have not seen, and yet have believed.
30 And many other signs truly did Jesus in the presence of his disciples, which are not written in this book:
31 But these are written, that ye might believe that Jesus is the Christ, the Son of God; and that believing ye might have life through his name.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}