Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 142  

1 Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. M’ap louvri bouch mwen, m’ap rele Seyè a. M’ap louvri bouch mwen, m’ap kriye nan pye Seyè a.
 M’ap louvri kè m’ bay Bondye, m’ap rakonte l’ mizè mwen.
 Lè m’ santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m’ fè. Sou chemen kote m’ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.
 Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m’. Pa gen yon moun pou pwoteje m’. Pa gen yon moun pou pran ka m’.
 Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.
 Panche zòrèy ou, koute sa m’ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m’ anba men moun k’ap pèsekite m’ yo, paske yo pi fò pase m’.
 Wete m’ nan prizon sa a pou m’ ka di ou mèsi. Lè sa a, m’a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 142

1 Cantique de David. Lorsqu’il était dans la caverne. Prière. De ma voix je crie à l’Éternel, De ma voix j’implore l’Éternel.
 Je répands ma plainte devant lui, Je lui raconte ma détresse.
 Quand mon esprit est abattu au dedans de moi, Toi, tu connais mon sentier. Sur la route où je marche Ils m’ont tendu un piège.
 Jette les yeux à droite, et regarde! Personne ne me reconnaît, Tout refuge est perdu pour moi, Nul ne prend souci de mon âme.
 Éternel! c’est à toi que je crie. Je dis: Tu es mon refuge, Mon partage sur la terre des vivants.
 Sois attentif à mes cris! Car je suis bien malheureux. Délivre-moi de ceux qui me poursuivent! Car ils sont plus forts que moi.
 Tire mon âme de sa prison, Afin que je célèbre ton nom! Les justes viendront m’entourer, Quand tu m’auras fait du bien.
Louis Segond {LSG}

Psalm 142 

1 I cried unto the Lord with my voice; with my voice unto the Lord did I make my supplication.
I poured out my complaint before him; I shewed before him my trouble.
When my spirit was overwhelmed within me, then thou knewest my path. In the way wherein I walked have they privily laid a snare for me.
I looked on my right hand, and beheld, but there was no man that would know me: refuge failed me; no man cared for my soul.
I cried unto thee, O Lord: I said, Thou art my refuge and my portion in the land of the living.
Attend unto my cry; for I am brought very low: deliver me from my persecutors; for they are stronger than I.
Bring my soul out of prison, that I may praise thy name: the righteous shall compass me about; for thou shalt deal bountifully with me.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}