Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 138  

1 Se yon sòm David. Seyè, m’ap di ou mèsi ak tout kè m’. La, devan lòt bondye yo, m’ap chante, m’ap jwe gita pou ou!
M’ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m’ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k’ap nonmen non ou koulye a.
Lè m’ te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m’ plis kouraj.
Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y’a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou.
Y’a chante pou sa Seyè a te fè, y’a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen!
 Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k’ap fè grandizè yo.
Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m’ mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m’ yo ki ankòlè. Ou sove m’ avèk fòs ponyèt ou.
W’a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p’ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 138

1 De David. Je te célèbre de tout mon coeur, Je chante tes louanges en la présence de Dieu.
Je me prosterne dans ton saint temple, Et je célèbre ton nom, à cause de ta bonté et de ta fidélité, Car ta renommée s’est accrue par l’accomplissement de tes promesses.
Le jour où je t’ai invoqué, tu m’as exaucé, Tu m’as rassuré, tu as fortifié mon âme.
Tous les rois de la terre te loueront, ô Éternel! En entendant les paroles de ta bouche;
Ils célébreront les voies de l’Éternel, Car la gloire de l’Éternel est grande.
L’Éternel est élevé: il voit les humbles, Et il reconnaît de loin les orgueilleux.
Quand je marche au milieu de la détresse, tu me rends la vie, Tu étends ta main sur la colère de mes ennemis, Et ta droite me sauve.
L’Éternel agira en ma faveur. Éternel, ta bonté dure toujours, N’abandonne pas les oeuvres de tes mains!
Louis Segond {LSG}

Psalm 138 

1 I will praise thee with my whole heart: before the gods will I sing praise unto thee.
I will worship toward thy holy temple, and praise thy name for thy lovingkindness and for thy truth: for thou hast magnified thy word above all thy name.
In the day when I cried thou answeredst me, and strengthenedst me with strength in my soul.
All the kings of the earth shall praise thee, O Lord, when they hear the words of thy mouth.
Yea, they shall sing in the ways of the Lord: for great is the glory of the Lord.
Though the Lord be high, yet hath he respect unto the lowly: but the proud he knoweth afar off.
Though I walk in the midst of trouble, thou wilt revive me: thou shalt stretch forth thine hand against the wrath of mine enemies, and thy right hand shall save me.
The Lord will perfect that which concerneth me: thy mercy, O Lord, endureth for ever: forsake not the works of thine own hands.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}