Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 35    

1 Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi, bay moun Edon yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
W’a di yo men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Nou menm moun peyi Seyi, m’ap leve dèyè nou tou! Mwen pral lonje men m’ sou nou pou m’ pini nou. M’ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l’.
M’ap fè tout lavil nou yo tounen mazi. M’ap fè peyi a rete san pesonn ladan l’. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Nou pa janm sispann rayi moun Izrayèl yo. Lè malè lagè tonbe sou yo, lè yo t’ap resevwa dènye chatiman pou peche yo a, nou lage yo nan men lènmi yo.
Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k’ap pale: m’ap fè nou benyen nan dlo kò nou, nou p’ap ka chape. Wi, nou te mete san yo deyò, san an gen pou pousib nou.
M’ap fè mòn Seyi yo, peyi Edon an, tounen yon dezè kote moun pa rete. M’ap touye dènye moun k’ap ale vini nan peyi nou an.
Mwen pral kouvri mòn nou yo ak kadav. Ti mòn nou yo, fon nou yo ak ravin nou yo pral kouvri ak kadav moun yo touye nan lagè.
M’ap fè peyi nou an tounen dezè pou toutan. p’ap gen yon moun nan lavil nou yo. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
10  Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a.
11 Enben! Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k’ap pale: Jan nou te move sou yo! Jan nou te rayi sò yo! Jan nou pa t’ vle wè yo! M’ap fè nou peye pou tou sa. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm k’ap pini nou pou tou sa nou te fè yo.
12 Wi, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a, mwen te tande jan nou t’ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n’ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n’ ka devore yo.
13 Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m’, jan nou pa t’ manke pale m’ mal.
14 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Tout moun sou latè pral kontan lè m’a fè peyi nou an tounen yon dezè
15 menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m’ pa m’ yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 35

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, tourne ta face vers la montagne de Séir, Et prophétise contre elle!
Tu lui diras: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’en veux à toi, montagne de Séir! J’étends ma main sur toi, Et je fais de toi une solitude et un désert.
Je mettrai tes villes en ruines, Tu deviendras une solitude, Et tu sauras que je suis l’Éternel.
Parce que tu avais une haine éternelle, Parce que tu as précipité par le glaive les enfants d’Israël, Au jour de leur détresse, Au temps où l’iniquité était à son terme,
Je suis vivant! dit le Seigneur, l’Éternel, Je te mettrai à sang, et le sang te poursuivra; Puisque tu n’as pas haï le sang, Le sang te poursuivra.
Je ferai de la montagne de Séir une solitude et un désert, Et j’en exterminerai les allants et les venants.
Je remplirai de morts ses montagnes; Sur tes collines, dans tes vallées, dans tous tes ravins, Tomberont ceux qui seront frappés par l’épée.
Je ferai de toi des solitudes éternelles, Tes villes ne seront plus habitées, Et vous saurez que je suis l’Éternel.
10 Parce que tu as dit: Les deux nations, les deux pays seront à moi, Et nous en prendrons possession, Quand même l’Éternel était là,
11 Je suis vivant! dit le Seigneur, l’Éternel, J’agirai avec la colère et la fureur Que tu as montrées, dans ta haine contre eux; Et je me ferai connaître au milieu d’eux, Quand je te jugerai.
12 Tu sauras que moi, l’Éternel, J’ai entendu tous les outrages Que tu as proférés contre les montagnes d’Israël, En disant: Elles sont dévastées, Elles nous sont livrées comme une proie.
13 Vous vous êtes élevés contre moi par vos discours, Vous avez multiplié vos paroles contre moi: J’ai entendu.
14 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Lorsque tout le pays sera dans la joie, Je ferai de toi une solitude.
15 A cause de la joie que tu as éprouvée Parce que l’héritage de la maison d’Israël était dévasté, Je te traiterai de la même manière; Tu deviendras une solitude, montagne de Séir, Toi, et Édom tout entier. Et ils sauront que je suis l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 35

1 Moreover the word of the Lord came unto me, saying,
Son of man, set thy face against mount Seir, and prophesy against it,
And say unto it, Thus saith the Lord God; Behold, O mount Seir, I am against thee, and I will stretch out mine hand against thee, and I will make thee most desolate.
I will lay thy cities waste, and thou shalt be desolate, and thou shalt know that I am the Lord.
Because thou hast had a perpetual hatred, and hast shed the blood of the children of Israel by the force of the sword in the time of their calamity, in the time that their iniquity had an end:
Therefore, as I live, saith the Lord God, I will prepare thee unto blood, and blood shall pursue thee: sith thou hast not hated blood, even blood shall pursue thee.
Thus will I make mount Seir most desolate, and cut off from it him that passeth out and him that returneth.
And I will fill his mountains with his slain men: in thy hills, and in thy valleys, and in all thy rivers, shall they fall that are slain with the sword.
I will make thee perpetual desolations, and thy cities shall not return: and ye shall know that I am the Lord.
10 Because thou hast said, These two nations and these two countries shall be mine, and we will possess it; whereas the Lord was there:
11 Therefore, as I live, saith the Lord God, I will even do according to thine anger, and according to thine envy which thou hast used out of thy hatred against them; and I will make myself known among them, when I have judged thee.
12 And thou shalt know that I am the Lord, and that I have heard all thy blasphemies which thou hast spoken against the mountains of Israel, saying, They are laid desolate, they are given us to consume.
13 Thus with your mouth ye have boasted against me, and have multiplied your words against me: I have heard them.
14 Thus saith the Lord God; When the whole earth rejoiceth, I will make thee desolate.
15 As thou didst rejoice at the inheritance of the house of Israel, because it was desolate, so will I do unto thee: thou shalt be desolate, O mount Seir, and all Idumea, even all of it: and they shall know that I am the Lord.
     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}