Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 5

1 Lè wa Salomon te fin fè travay bati tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l’, te ofri bay Seyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.
Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l’ lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l’ nan Tanp lan.
Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.
Lè tout chèf pèp Izrayèl yo fin reyini, moun Levi yo pran Bwat Kontra a,
yo pote l’ nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay yo te mete ladan l’ apa pou Seyè a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo.
Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t’ ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.
Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a anndan tanp lan, yo mete l’ nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.
Zèl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l’ yo.
Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.
10 Nan Bwat Kontra a pa t’ gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l’ yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Seyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t’ap soti kite peyi Lejip la.
11  Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis.
12 Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò solèy leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (120) prèt bò kote yo ki t’ap kònen twonpèt.
13 Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t’ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t’ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p’ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.
14 Poutèt nwaj la, prèt yo pa t’ ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 5 

1 Ainsi fut achevé tout l’ouvrage que Salomon fit pour la maison de l’Éternel. Puis il apporta l’argent, l’or et tous les ustensiles que David, son père, avait consacrés, et il les mit dans les trésors de la maison de Dieu.
Alors Salomon assembla à Jérusalem les anciens d’Israël et tous les chefs des tribus, les chefs de famille des enfants d’Israël, pour transporter de la cité de David, qui est Sion, l’arche de l’alliance de l’Éternel.
Tous les hommes d’Israël se réunirent auprès du roi pour la fête, qui se célébra le septième mois.
Lorsque tous les anciens d’Israël furent arrivés, les Lévites portèrent l’arche.
Ils transportèrent l’arche, la tente d’assignation, et tous les ustensiles sacrés qui étaient dans la tente: ce furent les sacrificateurs et les Lévites qui les transportèrent.
Le roi Salomon et toute l’assemblée d’Israël convoquée auprès de lui se tinrent devant l’arche. Ils sacrifièrent des brebis et des boeufs, qui ne purent être ni comptés, ni nombrés, à cause de leur multitude.
Les sacrificateurs portèrent l’arche de l’alliance de l’Éternel à sa place, dans le sanctuaire de la maison, dans le lieu très saint, sous les ailes des chérubins.
Les chérubins avaient les ailes étendues sur la place de l’arche, et ils couvraient l’arche et ses barres par-dessus.
On avait donné aux barres une longueur telle que leurs extrémités se voyaient à distance de l’arche devant le sanctuaire, mais ne se voyaient point du dehors. L’arche a été là jusqu’à ce jour.
10 Il n’y avait dans l’arche que les deux tables que Moïse y plaça en Horeb, lorsque l’Éternel fit alliance avec les enfants d’Israël, à leur sortie d’Égypte.
11 Au moment où les sacrificateurs sortirent du lieu saint, -car tous les sacrificateurs présents s’étaient sanctifiés sans observer l’ordre des classes,
12 et tous les Lévites qui étaient chantres, Asaph, Héman, Jeduthun, leurs fils et leurs frères, revêtus de byssus, se tenaient à l’orient de l’autel avec des cymbales, des luths et des harpes, et avaient auprès d’eux cent vingt sacrificateurs sonnant des trompettes,
13 et lorsque ceux qui sonnaient des trompettes et ceux qui chantaient, s’unissant d’un même accord pour célébrer et pour louer l’Éternel, firent retentir les trompettes, les cymbales et les autres instruments, et célébrèrent l’Éternel par ces paroles: Car il est bon, car sa miséricorde dure à toujours! en ce moment, la maison, la maison de l’Éternel fut remplie d’une nuée.
14 Les sacrificateurs ne purent pas y rester pour faire le service, à cause de la nuée; car la gloire de l’Éternel remplissait la maison de Dieu.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 

1 Thus all the work that Solomon made for the house of the Lord was finished: and Solomon brought in all the things that David his father had dedicated; and the silver, and the gold, and all the instruments, put he among the treasures of the house of God.
Then Solomon assembled the elders of Israel, and all the heads of the tribes, the chief of the fathers of the children of Israel, unto Jerusalem, to bring up the ark of the covenant of the Lord out of the city of David, which is Zion.
Wherefore all the men of Israel assembled themselves unto the king in the feast which was in the seventh month.
And all the elders of Israel came; and the Levites took up the ark.
And they brought up the ark, and the tabernacle of the congregation, and all the holy vessels that were in the tabernacle, these did the priests and the Levites bring up.
Also king Solomon, and all the congregation of Israel that were assembled unto him before the ark, sacrificed sheep and oxen, which could not be told nor numbered for multitude.
And the priests brought in the ark of the covenant of the Lord unto his place, to the oracle of the house, into the most holy place, even under the wings of the cherubims:
For the cherubims spread forth their wings over the place of the ark, and the cherubims covered the ark and the staves thereof above.
And they drew out the staves of the ark, that the ends of the staves were seen from the ark before the oracle; but they were not seen without. And there it is unto this day.
10 There was nothing in the ark save the two tables which Moses put therein at Horeb, when the Lord made a covenant with the children of Israel, when they came out of Egypt.
11 And it came to pass, when the priests were come out of the holy place: (for all the priests that were present were sanctified, and did not then wait by course:
12 Also the Levites which were the singers, all of them of Asaph, of Heman, of Jeduthun, with their sons and their brethren, being arrayed in white linen, having cymbals and psalteries and harps, stood at the east end of the altar, and with them an hundred and twenty priests sounding with trumpets:)
13 It came even to pass, as the trumpeters and singers were as one, to make one sound to be heard in praising and thanking the Lord; and when they lifted up their voice with the trumpets and cymbals and instruments of musick, and praised the Lord, saying, For he is good; for his mercy endureth for ever: that then the house was filled with a cloud, even the house of the Lord;
14 So that the priests could not stand to minister by reason of the cloud: for the glory of the Lord had filled the house of God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}