Liv Wòm / Romains / Romans

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Wòm 16                

Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k’ap sèvi nan legliz Sankre a.
Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k’ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l’ yonn pou lòt. Ede l’ nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m’ anpil tou.
Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t’ap travay avè m’ nan sèvis Jezikri a.
Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k’ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k’ap di yo mèsi tou.
Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi.
Di Mari ki te bay kò l’ anpil traka pou nou an bonjou.
Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m’ yo ki te al nan prizon ansanm avè m’ yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen.
Di Anplyatis, bon zanmi m’ nan menm Seyè a, bonjou.
Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an.
10 Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou.
11 Di Ewòdyon, fanmi m’ lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou.
12 Di Trifèn ak Trifòz, de sè k’ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m’ ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou.
13 Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l’ ki yon manman pou mwen tou.
14 Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou.
15 Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avek Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou.
16 Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.
17  M’ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m’ yo: Veye kò nou ak moun k’ap simen divizyon, k’ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.
18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y’ap sèvi. Se vant yo y’ap sèvi. Y’ap bay bèl pawòl, y’ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
19 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.
20 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.
21  Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m’ yo, yo tout voye bonjou pou nou.
22 Mwen menm, Tèsiyis, ki kouche lèt sa a sou papye, mwen voye bonjou pou nou nan renmen Kris la.
23 Gayis voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou.
24 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.
25  Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m’ap anonse a, dapre mesaj m’ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan.
26 Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye.
27 Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Romains 16               

1 Je vous recommande Phoebé, notre soeur, qui est diaconesse de l’Église de Cenchrées,
afin que vous la receviez en notre Seigneur d’une manière digne des saints, et que vous l’assistiez dans les choses où elle aurait besoin de vous, car elle en a donné aide à plusieurs et à moi-même.
Saluez Prisca et Aquilas, mes compagnons d’oeuvre en Jésus Christ,
qui ont exposé leur tête pour sauver ma vie; ce n’est pas moi seul qui leur rends grâces, ce sont encore toutes les Églises des païens.
Saluez aussi l’Église qui est dans leur maison. Saluez Épaïnète, mon bien-aimé, qui a été pour Christ les prémices de l’Asie.
Saluez Marie, qui a pris beaucoup de peine pour vous.
Saluez Andronicus et Junias, mes parents et mes compagnons de captivité, qui jouissent d’une grande considération parmi les apôtres, et qui même ont été en Christ avant moi.
Saluez Amplias, mon bien-aimé dans le Seigneur.
Saluez Urbain, notre compagnon d’oeuvre en Christ, et Stachys, mon bien-aimé.
10 Saluez Apellès, qui est éprouvé en Christ. Saluez ceux de la maison d’Aristobule.
11 Saluez Hérodion, mon parent. Saluez ceux de la maison de Narcisse qui sont dans le Seigneur.
12 Saluez Tryphène et Tryphose, qui travaillent pour le Seigneur. Saluez Perside, la bien-aimée, qui a beaucoup travaillé pour le Seigneur.
13 Saluez Rufus, l’élu du Seigneur, et sa mère, qui est aussi la mienne.
14 Saluez Asyncrite, Phlégon, Hermès, Patrobas, Hermas, et les frères qui sont avec eux.
15 Saluez Philologue et Julie, Nérée et sa soeur, et Olympe, et tous les saints qui sont avec eux.
16 Saluez-vous les uns les autres par un saint baiser. Toutes les Églises de Christ vous saluent.
17 Je vous exhorte, frères, à prendre garde à ceux qui causent des divisions et des scandales, au préjudice de l’enseignement que vous avez reçu. Éloignez-vous d’eux.
18 Car de tels hommes ne servent point Christ notre Seigneur, mais leur propre ventre; et, par des paroles douces et flatteuses, ils séduisent les coeurs des simples.
19 Pour vous, votre obéissance est connue de tous; je me réjouis donc à votre sujet, et je désire que vous soyez sages en ce qui concerne le bien et purs en ce qui concerne le mal.
20 Le Dieu de paix écrasera bientôt Satan sous vos pieds. Que la grâce de notre Seigneur Jésus Christ soit avec vous!
21 Timothée, mon compagnon d’oeuvre, vous salue, ainsi que Lucius, Jason et Sosipater, mes parents.
22 Je vous salue dans le Seigneur, moi Tertius, qui ai écrit cette lettre.
23 Gaïus, mon hôte et celui de toute l’Église, vous salue. Éraste, le trésorier de la ville, vous salue, ainsi que le frère Quartus.
24 Que la grâce de notre Seigneur Jésus Christ soit avec vous tous! Amen!
25 A celui qui peut vous affermir selon mon Évangile et la prédication de Jésus Christ, conformément à la révélation du mystère caché pendant des siècles,
26 mais manifesté maintenant par les écrits des prophètes, d’après l’ordre du Dieu éternel, et porté à la connaissance de toutes les nations, afin qu’elles obéissent à la foi,
27 à Dieu, seul sage, soit la gloire aux siècles des siècles, par Jésus Christ! Amen!

Louis Segond {LSG}

Romans 16       

1 I commend unto you Phebe our sister, which is a servant of the church which is at Cenchrea:
That ye receive her in the Lord, as becometh saints, and that ye assist her in whatsoever business she hath need of you: for she hath been a succourer of many, and of myself also.
Greet Priscilla and Aquila my helpers in Christ Jesus:
Who have for my life laid down their own necks: unto whom not only I give thanks, but also all the churches of the Gentiles.
Likewise greet the church that is in their house. Salute my well-beloved Epaenetus, who is the firstfruits of Achaia unto Christ.
Greet Mary, who bestowed much labour on us.
Salute Andronicus and Junia, my kinsmen, and my fellow-prisoners, who are of note among the apostles, who also were in Christ before me.
Greet Amplias my beloved in the Lord.
Salute Urbane, our helper in Christ, and Stachys my beloved.
10 Salute Apelles approved in Christ. Salute them which are of Aristobulus’ household.
11 Salute Herodion my kinsman. Greet them that be of the household of Narcissus, which are in the Lord.
12 Salute Tryphena and Tryphosa, who labour in the Lord. Salute the beloved Persis, which laboured much in the Lord.
13 Salute Rufus chosen in the Lord, and his mother and mine.
14 Salute Asyncritus, Phlegon, Hermas, Patrobas, Hermes, and the brethren which are with them.
15 Salute Philologus, and Julia, Nereus, and his sister, and Olympas, and all the saints which are with them.
16 Salute one another with an holy kiss. The churches of Christ salute you.
17 Now I beseech you, brethren, mark them which cause divisions and offences contrary to the doctrine which ye have learned; and avoid them.
18 For they that are such serve not our Lord Jesus Christ, but their own belly; and by good words and fair speeches deceive the hearts of the simple.
19 For your obedience is come abroad unto all men. I am glad therefore on your behalf: but yet I would have you wise unto that which is good, and simple concerning evil.
20 And the God of peace shall bruise Satan under your feet shortly. The grace of our Lord Jesus Christ be with you. Amen.
21 Timotheus my workfellow, and Lucius, and Jason, and Sosipater, my kinsmen, salute you.
22 I Tertius, who wrote this epistle, salute you in the Lord.
23 Gaius mine host, and of the whole church, saluteth you. Erastus the chamberlain of the city saluteth you, and Quartus a brother.
24 The grace of our Lord Jesus Christ be with you all. Amen.
25 Now to him that is of power to stablish you according to my gospel, and the preaching of Jesus Christ, according to the revelation of the mystery, which was kept secret since the world began,
26 But now is made manifest, and by the scriptures of the prophets, according to the commandment of the everlasting God, made known to all nations for the obedience of faith:
27 To God only wise, be glory through Jesus Christ for ever. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}