Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 32

1 Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen!
Sa m’ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k’ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k’ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k’ap tonbe sou zèb gazon.
Mwen pral fè lwanj Seyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa!
Se Seyè a k’ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l’ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k’ap mache twonpe moun.
Se konsa nou di Seyè a mèsi pou sa l’ fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi?
 Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sak te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan.
Lè Bondye ki anwo nan syèl la t’ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t’ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè.
Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l’ la menm.
10 Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l’, li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li.
11 Tankou malfini k’ap moutre pitit li vole, Seyè a ap plane anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l’ pou yo pa tonbe.
12 Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l’.
13 Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.
14 Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y’a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y’a manje pi bon kalite farin frans, y’a bwè ji rezen pou diven.
15  Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y’ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t’ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
16 Y’ al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y’ al fè sa ki mal, yo fè l’ fè kòlè.
17 Y’ al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t’ janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t’ janm gen krentif.
18 Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a.
19  Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l’ yo ak sou pitit fi l’ yo!
20 Li di: mwen pral vire do m’ ba yo. M’a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.
21 Yo fè m’ fè jalouzi, y’ al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m’ fè kòlè, y’ al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M’ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.
22 Lè m’ an kòlè, se tankou yon gwo dife k’ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M’ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
23 M’ap fè yon seri malè tonbe sou yo. M’ap voye tout flèch mwen yo sou yo.
24 Y’a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M’a voye bèt nan bwa atake yo. M’a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.
25 Nan lari, y’a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p’ap chape.
26  Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.
27 Men, mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo. Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m’ yo mete nan tèt yo se yo menm ak fòs kouraj yo ki fè sa, pou yo pa di: Seyè a pa gen anyen pou l’ wè nan sa.
28 Pèp Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo. Yo pa gen konprann.
29 Si yo te gen konprann, yo ta louvri je yo, yo ta wè sa ki pral rive yo.
30 Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
31 Lènmi yo konn byen pwòp bondye k’ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.
32 Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye. Yo tankou pye rezen k’ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon.
33 Diven yo tankou pwazon nan bouch sèpan, venen nan bouch sèpan aspik k’ap touye moun frèt.
34 Seyè a konnen tou sa lènmi te fè pèp la. L’ap tann lè a rive pou l’ pini yo.
35 Se Seyè a k’ap tire revanj sou yo, se li k’ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.
36 Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l’a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l’ yo, lè l’a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.
37 Lè sa a, Seyè a va mande: -Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?
38 Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lòtèl yo? Se pou yo vin koulye a, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou!
39  Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m’ vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
40 Men m’ap leve men m’ anlè, mwen fè sèman: Menm jan nou wè m’ vivan pou tout tan an,
41 lè m’a file bèl nepe klere mwen an, lè m’a soti pou m’ rann jistis, m’a tire revanj mwen sou lènmi m’ yo, m’a bay moun ki pa vle wè m’ yo sa yo merite.
42 Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l’ap koupe tèt tout chèf lènmi yo.
43 Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l’ yo. L’a bay moun ki pa vle wè l’ yo sa yo merite. L’a wete tout vye bagay ki t’ap fèt nan peyi pèp li a.
44  Moyiz ak Jozye, pitit gason Noun lan, te repete tout pawòl chante sa a byen fò pou tout pèp la te tande.
45 Lè Moyiz fin bay pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo,
46 li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m’ap ban nou jòdi a. Y’a sèvi m’ temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n’a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a.
47 Paske, se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k’ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n’a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an.
48 Menm jou sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
49 -Ale nan chenn mòn Abarim yo, ki nan peyi Moab anfas lavil Jeriko a. Moute sou mòn Nebo. Antan ou la, w’a voye je ou, w’a gade, w’a wè peyi Kanaran an, peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo pou yo rete a.
50 Ou pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l’ yo ki deja mouri.
51 Nou tou de, nou pa t’ fè sa m’ te di nou fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo, bò lavil Kadès, nan dezè Zin lan. Nou te manke m’ respe devan tout pèp Izrayèl la.
52 Se poutèt sa, w’a rete byen lwen, w’a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p’ap mete pye ou ladan l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 32

1 Cieux! prêtez l’oreille, et je parlerai; Terre! écoute les paroles de ma bouche.
Que mes instructions se répandent comme la pluie, Que ma parole tombe comme la rosée, Comme des ondées sur la verdure, Comme des gouttes d’eau sur l’herbe!
Car je proclamerai le nom de l’Éternel. Rendez gloire à notre Dieu!
Il est le rocher; ses oeuvres sont parfaites, Car toutes ses voies sont justes; C’est un Dieu fidèle et sans iniquité, Il est juste et droit.
S’ils se sont corrompus, à lui n’est point la faute; La honte est à ses enfants, Race fausse et perverse.
Est-ce l’Éternel que vous en rendrez responsable, Peuple insensé et dépourvu de sagesse? N’est-il pas ton père, ton créateur? N’est-ce pas lui qui t’a formé, et qui t’a affermi?
Rappelle à ton souvenir les anciens jours, Passe en revue les années, génération par génération, Interroge ton père, et il te l’apprendra, Tes vieillards, et ils te le diront.
Quand le Très Haut donna un héritage aux nations, Quand il sépara les enfants des hommes, Il fixa les limites des peuples D’après le nombre des enfants d’Israël,
Car la portion de l’Éternel, c’est son peuple, Jacob est la part de son héritage.
10 Il l’a trouvé dans une contrée déserte, Dans une solitude aux effroyables hurlements; Il l’a entouré, il en a pris soin, Il l’a gardé comme la prunelle de son oeil,
11 Pareil à l’aigle qui éveille sa couvée, Voltige sur ses petits, Déploie ses ailes, les prend, Les porte sur ses plumes.
12 L’Éternel seul a conduit son peuple, Et il n’y avait avec lui aucun dieu étranger.
13 Il l’a fait monter sur les hauteurs du pays, Et Israël a mangé les fruits des champs; Il lui a fait sucer le miel du rocher, L’huile qui sort du rocher le plus dur,
14 La crème des vaches et le lait des brebis, Avec la graisse des agneaux, Des béliers de Basan et des boucs, Avec la fleur du froment; Et tu as bu le sang du raisin, le vin.
15 Israël est devenu gras, et il a regimbé; Tu es devenu gras, épais et replet! -Et il a abandonné Dieu, son créateur, Il a méprisé le rocher de son salut,
16 Ils ont excité sa jalousie par des dieux étrangers, Ils l’ont irrité par des abominations;
17 Ils ont sacrifié à des idoles qui ne sont pas Dieu, A des dieux qu’ils ne connaissaient point, Nouveaux, venus depuis peu, Et que vos pères n’avaient pas craints.
18 Tu as abandonné le rocher qui t’a fait naître, Et tu as oublié le Dieu qui t’a engendré.
19 L’Éternel l’a vu, et il a été irrité, Indigné contre ses fils et ses filles.
20 Il a dit: Je leur cacherai ma face, Je verrai quelle sera leur fin; Car c’est une race perverse, Ce sont des enfants infidèles.
21 Ils ont excité ma jalousie par ce qui n’est point Dieu, Ils m’ont irrité par leurs vaines idoles; Et moi, j’exciterai leur jalousie par ce qui n’est point un peuple, Je les irriterai par une nation insensée.
22 Car le feu de ma colère s’est allumé, Et il brûlera jusqu’au fond du séjour des morts; Il dévorera la terre et ses produits, Il embrasera les fondements des montagnes.
23 J’accumulerai sur eux les maux, J’épuiserai mes traits contre eux.
24 Ils seront desséchés par la faim, consumés par la fièvre Et par des maladies violentes; J’enverrai parmi eux la dent des bêtes féroces Et le venin des serpents.
25 Au dehors, on périra par l’épée, Et au dedans, par d’effrayantes calamités: Il en sera du jeune homme comme de la jeune fille, De l’enfant à la mamelle comme du vieillard.
26 Je voudrais dire: Je les emporterai d’un souffle, Je ferai disparaître leur mémoire d’entre les hommes!
27 Mais je crains les insultes de l’ennemi, Je crains que leurs adversaires ne se méprennent, Et qu’ils ne disent: Notre main a été puissante, Et ce n’est pas l’Éternel qui a fait toutes ces choses.
28 C’est une nation qui a perdu le bon sens, Et il n’y a point en eux d’intelligence.
29 S’ils étaient sages, voici ce qu’ils comprendraient, Et ils penseraient à ce qui leur arrivera.
30 Comment un seul en poursuivrait-il mille, Et deux en mettraient-ils dix mille en fuite, Si leur Rocher ne les avait vendus, Si l’Éternel ne les avait livrés?
31 Car leur rocher n’est pas comme notre Rocher, Nos ennemis en sont juges.
32 Mais leur vigne est du plant de Sodome Et du terroir de Gomorrhe; Leurs raisins sont des raisins empoisonnés, Leurs grappes sont amères;
33 Leur vin, c’est le venin des serpents, C’est le poison cruel des aspics.
34 Cela n’est-il pas caché près de moi, Scellé dans mes trésors?
35 A moi la vengeance et la rétribution, Quand leur pied chancellera! Car le jour de leur malheur est proche, Et ce qui les attend ne tardera pas.
36 L’Éternel jugera son peuple; Mais il aura pitié de ses serviteurs, En voyant que leur force est épuisée, Et qu’il n’y a plus ni esclave ni homme libre.
37 Il dira: Où sont leurs dieux, Le rocher qui leur servait de refuge,
38 Ces dieux qui mangeaient la graisse de leurs victimes, Qui buvaient le vin de leurs libations? Qu’ils se lèvent, qu’ils vous secourent, Qu’ils vous couvrent de leur protection!
39 Sachez donc que c’est moi qui suis Dieu, Et qu’il n’y a point de dieu près de moi; Je fais vivre et je fais mourir, Je blesse et je guéris, Et personne ne délivre de ma main.
40 Car je lève ma main vers le ciel, Et je dis: Je vis éternellement!
41 Si j’aiguise l’éclair de mon épée Et si ma main saisit la justice, Je me vengerai de mes adversaires Et je punirai ceux qui me haïssent;
42 Mon épée dévorera leur chair, Et j’enivrerai mes flèches de sang, Du sang des blessés et des captifs, De la tête des chefs de l’ennemi.
43 Nations, chantez les louanges de son peuple! Car l’Éternel venge le sang de ses serviteurs, Il se venge de ses adversaires, Et il fait l’expiation pour son pays, pour son peuple.
44 Moïse vint et prononça toutes les paroles de ce cantique en présence du peuple; Josué, fils de Nun, était avec lui.
45 Lorsque Moïse eut achevé de prononcer toutes ces paroles devant tout Israël,
46 il leur dit: Prenez à coeur toutes les paroles que je vous conjure aujourd’hui de recommander à vos enfants, afin qu’ils observent et mettent en pratique toutes les paroles de cette loi.
47 Car ce n’est pas une chose sans importance pour vous; c’est votre vie, et c’est par là que vous prolongerez vos jours dans le pays dont vous aurez la possession, après avoir passé le Jourdain.
48 Ce même jour, l’Éternel parla à Moïse, et dit:
49 Monte sur cette montagne d’Abarim, sur le mont Nebo, au pays de Moab, vis-à-vis de Jéricho; et regarde le pays de Canaan que je donne en propriété aux enfants d’Israël.
50 Tu mourras sur la montagne où tu vas monter, et tu seras recueilli auprès de ton peuple, comme Aaron, ton frère, est mort sur la montagne de Hor et a été recueilli auprès de son peuple,
51 parce que vous avez péché contre moi au milieu des enfants d’Israël, près des eaux de Meriba, à Kadès, dans le désert de Tsin, et que vous ne m’avez point sanctifié au milieu des enfants d’Israël.
52 Tu verras le pays devant toi; mais tu n’entreras point dans le pays que je donne aux enfants d’Israël.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 32

1 Give ear, O ye heavens, and I will speak; and hear, O earth, the words of my mouth.
My doctrine shall drop as the rain, my speech shall distil as the dew, as the small rain upon the tender herb, and as the showers upon the grass:
Because I will publish the name of the Lord: ascribe ye greatness unto our God.
He is the Rock, his work is perfect: for all his ways are judgment: a God of truth and without iniquity, just and right is he.
They have corrupted themselves, their spot is not the spot of his children: they are a perverse and crooked generation.
Do ye thus requite the Lord, O foolish people and unwise? is not he thy father that hath bought thee? hath he not made thee, and established thee?
Remember the days of old, consider the years of many generations: ask thy father, and he will shew thee; thy elders, and they will tell thee.
When the Most High divided to the nations their inheritance, when he separated the sons of Adam, he set the bounds of the people according to the number of the children of Israel.
For the Lord‘s portion is his people; Jacob is the lot of his inheritance.
10 He found him in a desert land, and in the waste howling wilderness; he led him about, he instructed him, he kept him as the apple of his eye.
11 As an eagle stirreth up her nest, fluttereth over her young, spreadeth abroad her wings, taketh them, beareth them on her wings:
12 So the Lord alone did lead him, and there was no strange god with him.
13 He made him ride on the high places of the earth, that he might eat the increase of the fields; and he made him to suck honey out of the rock, and oil out of the flinty rock;
14 Butter of kine, and milk of sheep, with fat of lambs, and rams of the breed of Bashan, and goats, with the fat of kidneys of wheat; and thou didst drink the pure blood of the grape.
15 But Jeshurun waxed fat, and kicked: thou art waxen fat, thou art grown thick, thou art covered with fatness; then he forsook God which made him, and lightly esteemed the Rock of his salvation.
16 They provoked him to jealousy with strange gods, with abominations provoked they him to anger.
17 They sacrificed unto devils, not to God; to gods whom they knew not, to new gods that came newly up, whom your fathers feared not.
18 Of the Rock that begat thee thou art unmindful, and hast forgotten God that formed thee.
19 And when the Lord saw it, he abhorred them, because of the provoking of his sons, and of his daughters.
20 And he said, I will hide my face from them, I will see what their end shall be: for they are a very froward generation, children in whom is no faith.
21 They have moved me to jealousy with that which is not God; they have provoked me to anger with their vanities: and I will move them to jealousy with those which are not a people; I will provoke them to anger with a foolish nation.
22 For a fire is kindled in mine anger, and shall burn unto the lowest hell, and shall consume the earth with her increase, and set on fire the foundations of the mountains.
23 I will heap mischiefs upon them; I will spend mine arrows upon them.
24 They shall be burnt with hunger, and devoured with burning heat, and with bitter destruction: I will also send the teeth of beasts upon them, with the poison of serpents of the dust.
25 The sword without, and terror within, shall destroy both the young man and the virgin, the suckling also with the man of gray hairs.
26 I said, I would scatter them into corners, I would make the remembrance of them to cease from among men:
27 Were it not that I feared the wrath of the enemy, lest their adversaries should behave themselves strangely, and lest they should say, Our hand is high, and the Lord hath not done all this.
28 For they are a nation void of counsel, neither is there any understanding in them.
29 O that they were wise, that they understood this, that they would consider their latter end!
30 How should one chase a thousand, and two put ten thousand to flight, except their Rock had sold them, and the Lord had shut them up?
31 For their rock is not as our Rock, even our enemies themselves being judges.
32 For their vine is of the vine of Sodom, and of the fields of Gomorrah: their grapes are grapes of gall, their clusters are bitter:
33 Their wine is the poison of dragons, and the cruel venom of asps.
34 Is not this laid up in store with me, and sealed up among my treasures?
35 To me belongeth vengeance and recompence; their foot shall slide in due time: for the day of their calamity is at hand, and the things that shall come upon them make haste.
36 For the Lord shall judge his people, and repent himself for his servants, when he seeth that their power is gone, and there is none shut up, or left.
37 And he shall say, Where are their gods, their rock in whom they trusted,
38 Which did eat the fat of their sacrifices, and drank the wine of their drink offerings? let them rise up and help you, and be your protection.
39 See now that I, even I, am he, and there is no god with me: I kill, and I make alive; I wound, and I heal: neither is there any that can deliver out of my hand.
40 For I lift up my hand to heaven, and say, I live for ever.
41 If I whet my glittering sword, and mine hand take hold on judgment; I will render vengeance to mine enemies, and will reward them that hate me.
42 I will make mine arrows drunk with blood, and my sword shall devour flesh; and that with the blood of the slain and of the captives, from the beginning of revenges upon the enemy.
43 Rejoice, O ye nations, with his people: for he will avenge the blood of his servants, and will render vengeance to his adversaries, and will be merciful unto his land, and to his people.
44 And Moses came and spake all the words of this song in the ears of the people, he, and Hoshea the son of Nun.
45 And Moses made an end of speaking all these words to all Israel:
46 And he said unto them, Set your hearts unto all the words which I testify among you this day, which ye shall command your children to observe to do, all the words of this law.
47 For it is not a vain thing for you; because it is your life: and through this thing ye shall prolong your days in the land, whither ye go over Jordan to possess it.
48 And the Lord spake unto Moses that selfsame day, saying,
49 Get thee up into this mountain Abarim, unto mount Nebo, which is in the land of Moab, that is over against Jericho; and behold the land of Canaan, which I give unto the children of Israel for a possession:
50 And die in the mount whither thou goest up, and be gathered unto thy people; as Aaron thy brother died in mount Hor, and was gathered unto his people:
51 Because ye trespassed against me among the children of Israel at the waters of MeribahKadesh, in the wilderness of Zin; because ye sanctified me not in the midst of the children of Israel.
52 Yet thou shalt see the land before thee; but thou shalt not go thither unto the land which I give the children of Israel.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}