Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 22           

Antan Jezi t’ap pale ak moun yo, li pran rakonte yo yon lòt parabòl:
Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t’ap fete nòs pitit gason li.
Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t’ vle vini.
Lè sa a, wa a voye lòt domestik, li di yo: Ale di envite yo manje a pare koulye a. Mwen gen tan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. vin nan nòs la.
Men, envite yo pa fè ka sa l’ voye di yo a, y al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l’, yon lòt ale nan trafik li.
Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo.
Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l’ yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.
Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pa t’ merite sa.
Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la.
10 Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t’ap fè nòs la te plen moun.
11 Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l’ al tonbe sou yon nonm ki pa t’ abiye ak rad nòs la.
12 Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo.
13 Wa a di domestik li yo: Mare de pye l’ ak de men l’, voye l’ jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l’ kriye, pou l’ manje dan li.
14 Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y’a chwazi.
15  Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li.
16 Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W’ap moutre chemen Bondye a jan l’ ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
17 Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
18 Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n’ap chache pran m’ nan pèlen konsa, bann ipokrit?
19 Moutre m’ pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l’ yon pyès lajan.
20 Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li?
21 Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.
22 Lè yo tande sa, yo pa t’ manke sezi. Yo kite l’, y al fè wout yo.
23  Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kot Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve). Yo poze Jezi keksyon sa a:
24 Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l’ gen pou marye ak madanm defen an pou l’ ka fè pitit pou frè l’ ki mouri a.
25 Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l’ pa t’ gen pitit. Li kite madanm li pou frè li.
26 Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase.
27 Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou.
28 Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout.
29 Jezi reponn yo: Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye.
30 Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.
31 Pou keksyon mò yo k’ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou:
32 Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.
33 Tout moun ki t’ap koute l’ yo te sezi tande sa l’ t’ap di yo.
34  Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen.
35 Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li:
36 Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?
37 Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.
38 Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.
39 Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
40 De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.
41  Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a:
42 Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David!
43 Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l’ Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l’ di:
44 Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou.
45 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?
46 Okenn moun pa t’ kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pesonn pa t’ gen odas poze l’ keksyon ankò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 22          

1 Jésus, prenant la parole, leur parla de nouveau en parabole, et il dit:
Le royaume des cieux est semblable à un roi qui fit des noces pour son fils.
Il envoya ses serviteurs appeler ceux qui étaient invités aux noces; mais ils ne voulurent pas venir.
Il envoya encore d’autres serviteurs, en disant: Dites aux conviés: Voici, j’ai préparé mon festin; mes boeufs et mes bêtes grasses sont tués, tout est prêt, venez aux noces.
Mais, sans s’inquiéter de l’invitation, ils s’en allèrent, celui-ci à son champ, celui-là à son trafic;
et les autres se saisirent des serviteurs, les outragèrent et les tuèrent.
Le roi fut irrité; il envoya ses troupes, fit périr ces meurtriers, et brûla leur ville.
Alors il dit à ses serviteurs: Les noces sont prêtes; mais les conviés n’en étaient pas dignes.
Allez donc dans les carrefours, et appelez aux noces tous ceux que vous trouverez.
10 Ces serviteurs allèrent dans les chemins, rassemblèrent tous ceux qu’ils trouvèrent, méchants et bons, et la salle des noces fut pleine de convives.
11 Le roi entra pour voir ceux qui étaient à table, et il aperçut là un homme qui n’avait pas revêtu un habit de noces.
12 Il lui dit: Mon ami, comment es-tu entré ici sans avoir un habit de noces? Cet homme eut la bouche fermée.
13 Alors le roi dit aux serviteurs: Liez-lui les pieds et les mains, et jetez-le dans les ténèbres du dehors, où il y aura des pleurs et des grincements de dents.
14 Car il y a beaucoup d’appelés, mais peu d’élus.
15 Alors les pharisiens allèrent se consulter sur les moyens de surprendre Jésus par ses propres paroles.
16 Ils envoyèrent auprès de lui leurs disciples avec les hérodiens, qui dirent: Maître, nous savons que tu es vrai, et que tu enseignes la voie de Dieu selon la vérité, sans t’inquiéter de personne, car tu ne regardes pas à l’apparence des hommes.
17 Dis-nous donc ce qu’il t’en semble: est-il permis, ou non, de payer le tribut à César?
18 Jésus, connaissant leur méchanceté, répondit: Pourquoi me tentez-vous, hypocrites?
19 Montrez-moi la monnaie avec laquelle on paie le tribut. Et ils lui présentèrent un denier.
20 Il leur demanda: De qui sont cette effigie et cette inscription?
21 De César, lui répondirent-ils. Alors il leur dit: Rendez donc à César ce qui est à César, et à Dieu ce qui est à Dieu.
22 Étonnés de ce qu’ils entendaient, ils le quittèrent, et s’en allèrent.
23 Le même jour, les sadducéens, qui disent qu’il n’y a point de résurrection, vinrent auprès de Jésus, et lui firent cette question:
24 Maître, Moïse a dit: Si quelqu’un meurt sans enfants, son frère épousera sa veuve, et suscitera une postérité à son frère.
25 Or, il y avait parmi nous sept frères. Le premier se maria, et mourut; et, comme il n’avait pas d’enfants, il laissa sa femme à son frère.
26 Il en fut de même du second, puis du troisième, jusqu’au septième.
27 Après eux tous, la femme mourut aussi.
28 A la résurrection, duquel des sept sera-t-elle donc la femme? Car tous l’ont eue.
29 Jésus leur répondit: Vous êtes dans l’erreur, parce que vous ne comprenez ni les Écritures, ni la puissance de Dieu.
30 Car, à la résurrection, les hommes ne prendront point de femmes, ni les femmes de maris, mais ils seront comme les anges de Dieu dans le ciel.
31 Pour ce qui est de la résurrection des morts, n’avez-vous pas lu ce que Dieu vous a dit:
32 Je suis le Dieu d’Abraham, le Dieu d’Isaac, et le Dieu de Jacob? Dieu n’est pas Dieu des morts, mais des vivants.
33 La foule, qui écoutait, fut frappée de l’enseignement de Jésus.
34 Les pharisiens, ayant appris qu’il avait réduit au silence les sadducéens, se rassemblèrent,
35 et l’un d’eux, docteur de la loi, lui fit cette question, pour l’éprouver:
36 Maître, quel est le plus grand commandement de la loi?
37 Jésus lui répondit: Tu aimeras le Seigneur, ton Dieu, de tout ton coeur, de toute ton âme, et de toute ta pensée.
38 C’est le premier et le plus grand commandement.
39 Et voici le second, qui lui est semblable: Tu aimeras ton prochain comme toi-même.
40 De ces deux commandements dépendent toute la loi et les prophètes.
41 Comme les pharisiens étaient assemblés, Jésus les interrogea,
42 en disant: Que pensez-vous du Christ? De qui est-il fils? Ils lui répondirent: De David.
43 Et Jésus leur dit: Comment donc David, animé par l’Esprit, l’appelle-t-il Seigneur, lorsqu’il dit:
44 Le Seigneur a dit à mon Seigneur: Assieds-toi à ma droite, Jusqu’à ce que je fasse de tes ennemis ton marchepied?
45 Si donc David l’appelle Seigneur, comment est-il son fils?
46 Nul ne put lui répondre un mot. Et, depuis ce jour, personne n’osa plus lui proposer des questions.

Louis Segond {LSG}

Matthew 22   

And Jesus answered and spake unto them again by parables, and said,
The kingdom of heaven is like unto a certain king, which made a marriage for his son,
And sent forth his servants to call them that were bidden to the wedding: and they would not come.
Again, he sent forth other servants, saying, Tell them which are bidden, Behold, I have prepared my dinner: my oxen and my fatlings are killed, and all things are ready: come unto the marriage.
But they made light of it, and went their ways, one to his farm, another to his merchandise:
And the remnant took his servants, and entreated them spitefully, and slew them.
But when the king heard thereof, he was wroth: and he sent forth his armies, and destroyed those murderers, and burned up their city.
Then saith he to his servants, The wedding is ready, but they which were bidden were not worthy.
Go ye therefore into the highways, and as many as ye shall find, bid to the marriage.
10 So those servants went out into the highways, and gathered together all as many as they found, both bad and good: and the wedding was furnished with guests.
11 And when the king came in to see the guests, he saw there a man which had not on a wedding garment:
12 And he saith unto him, Friend, how camest thou in hither not having a wedding garment? And he was speechless.
13 Then said the king to the servants, Bind him hand and foot, and take him away, and cast him into outer darkness, there shall be weeping and gnashing of teeth.
14 For many are called, but few are chosen.
15 Then went the Pharisees, and took counsel how they might entangle him in his talk.
16 And they sent out unto him their disciples with the Herodians, saying, Master, we know that thou art true, and teachest the way of God in truth, neither carest thou for any man: for thou regardest not the person of men.
17 Tell us therefore, What thinkest thou? Is it lawful to give tribute unto Caesar, or not?
18 But Jesus perceived their wickedness, and said, Why tempt ye me, ye hypocrites?
19 Shew me the tribute money. And they brought unto him a penny.
20 And he saith unto them, Whose is this image and superscription?
21 They say unto him, Caesar’s. Then saith he unto them, Render therefore unto Caesar the things which are Caesar’s; and unto God the things that are God’s.
22 When they had heard these words, they marvelled, and left him, and went their way.
23 The same day came to him the Sadducees, which say that there is no resurrection, and asked him,
24 Saying, Master, Moses said, If a man die, having no children, his brother shall marry his wife, and raise up seed unto his brother.
25 Now there were with us seven brethren: and the first, when he had married a wife, deceased, and, having no issue, left his wife unto his brother:
26 Likewise the second also, and the third, unto the seventh.
27 And last of all the woman died also.
28 Therefore in the resurrection whose wife shall she be of the seven? for they all had her.
29 Jesus answered and said unto them, Ye do err, not knowing the scriptures, nor the power of God.
30 For in the resurrection they neither marry, nor are given in marriage, but are as the angels of God in heaven.
31 But as touching the resurrection of the dead, have ye not read that which was spoken unto you by God, saying,
32 I am the God of Abraham, and the God of Isaac, and the God of Jacob? God is not the God of the dead, but of the living.
33 And when the multitude heard this, they were astonished at his doctrine.
34 But when the Pharisees had heard that he had put the Sadducees to silence, they were gathered together.
35 Then one of them, which was a lawyer, asked him a question, tempting him, and saying,
36 Master, which is the great commandment in the law?
37 Jesus said unto him, Thou shalt love the Lord thy God with all thy heart, and with all thy soul, and with all thy mind.
38 This is the first and great commandment.
39 And the second is like unto it, Thou shalt love thy neighbour as thyself.
40 On these two commandments hang all the law and the prophets.
41 While the Pharisees were gathered together, Jesus asked them,
42 Saying, What think ye of Christ? whose son is he? They say unto him, The son of David.
43 He saith unto them, How then doth David in spirit call him Lord, saying,
44 The Lord said unto my Lord, Sit thou on my right hand, till I make thine enemies thy footstool?
45 If David then call him Lord, how is he his son?
46 And no man was able to answer him a word, neither durst any man from that day forth ask him any more questions.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}