Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 4

1 Lè Ichbochèt, pitit Sayil la, pran nouvèl jan Abnè te mouri lavil Ebwon, kè l’ kase nèt. Tout pèp Izrayèl la te tèt anba.
Ichbochèt te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye,
depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y’ al lavil Gitayim, kote y’ap viv jouk koulye a.
Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l’ yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive soti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l’. Men, pandan l’ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l’. Se konsa li vin enfim nan pye.
Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t’ap fè yon ti dòmi pou poze kò l’.
Fanm ki t’ap veye bò pòt la t’ap triye ble, men li te kite dòmi pran l’. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la.
Lè yo rive anndan, y’ al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l’. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l’, yo pati avè l’. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an.
Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l’ konsa: -Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pa t’ vle wè ou la, moun ki t’ap chache touye ou la. Jòdi a Seyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li.
 David reponn yo: -Mwen fè sèman devan Seyè a ki delivre m’ nan tout malè,
10 lè moun ki te vin fè m’ konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t’ap pote ban mwen, mwen pran l’, mwen fè touye l’ lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a.
11 Sa pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l’ la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè.
12 David bay sòlda yo lòd epi yo touye Rekab ak Bana. Yo koupe de men ak de pye yo. Y’ al pann yo bò rezèvwa dlo Ebwon an. Apre sa, yo pran tèt Ichbochèt, y’ al antere l’ Ebwon, nan tonm Abnè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 4

1 Lorsque le fils de Saül apprit qu’Abner était mort à Hébron, ses mains restèrent sans force, et tout Israël fut dans l’épouvante.
Le fils de Saül avait deux chefs de bandes, dont l’un s’appelait Baana et l’autre Récab; ils étaient fils de Rimmon de Beéroth, d’entre les fils de Benjamin. -Car Beéroth était regardée comme faisant partie de Benjamin,
et les Beérothiens s’étaient enfuis à Guitthaïm, où ils ont habité jusqu’à ce jour.
Jonathan, fils de Saül, avait un fils perclus des pieds; et âgé de cinq ans lorsqu’arriva de Jizreel la nouvelle de la mort de Saül et de Jonathan; sa nourrice le prit et s’enfuit, et, comme elle précipitait sa fuite, il tomba et resta boiteux; son nom était Mephiboscheth.
Or les fils de Rimmon de Beéroth, Récab et Baana, se rendirent pendant la chaleur du jour à la maison d’Isch Boscheth, qui était couché pour son repos de midi.
Ils pénétrèrent jusqu’au milieu de la maison, comme pour prendre du froment, et ils le frappèrent au ventre; puis Récab et Baana, son frère, se sauvèrent.
Ils entrèrent donc dans la maison pendant qu’il reposait sur son lit dans sa chambre à coucher, ils le frappèrent et le firent mourir, et ils lui coupèrent la tête. Ils prirent sa tête, et ils marchèrent toute la nuit au travers de la plaine.
Ils apportèrent la tête d’Isch Boscheth à David dans Hébron, et ils dirent au roi: Voici la tête d’Isch Boscheth, fils de Saül, ton ennemi, qui en voulait à ta vie; l’Éternel venge aujourd’hui le roi mon seigneur de Saül et de sa race.
David répondit à Récab et à Baana, son frère, fils de Rimmon de Beéroth: L’Éternel qui m’a délivré de tout péril est vivant!
10 celui qui est venu me dire: Voici, Saül est mort, et qui croyait m’annoncer une bonne nouvelle, je l’ai fait saisir et tuer à Tsiklag, pour lui donner le salaire de son message;
11 et quand des méchants ont assassiné un homme juste dans sa maison et sur sa couche, combien plus ne redemanderai-je pas son sang de vos mains et ne vous exterminerai-je pas de la terre?
12 Et David ordonna à ses gens de les tuer; ils leur coupèrent les mains et les pieds, et les pendirent au bord de l’étang d’Hébron. Ils prirent ensuite la tête d’Isch Boscheth, et l’enterrèrent dans le sépulcre d’Abner à Hébron.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 4

1 And when Saul’s son heard that Abner was dead in Hebron, his hands were feeble, and all the Israelites were troubled.
And Saul’s son had two men that were captains of bands: the name of the one was Baanah, and the name of the other Rechab, the sons of Rimmon a Beerothite, of the children of Benjamin: (for Beeroth also was reckoned to Benjamin.
And the Beerothites fled to Gittaim, and were sojourners there until this day.)
And Jonathan, Saul’s son, had a son that was lame of his feet. He was five years old when the tidings came of Saul and Jonathan out of Jezreel, and his nurse took him up, and fled: and it came to pass, as she made haste to flee, that he fell, and became lame. And his name was Mephibosheth.
And the sons of Rimmon the Beerothite, Rechab and Baanah, went, and came about the heat of the day to the house of Ishbosheth, who lay on a bed at noon.
And they came thither into the midst of the house, as though they would have fetched wheat; and they smote him under the fifth rib: and Rechab and Baanah his brother escaped.
For when they came into the house, he lay on his bed in his bedchamber, and they smote him, and slew him, and beheaded him, and took his head, and gat them away through the plain all night.
And they brought the head of Ishbosheth unto David to Hebron, and said to the king, Behold the head of Ishbosheth the son of Saul thine enemy, which sought thy life; and the Lord hath avenged my lord the king this day of Saul, and of his seed.
And David answered Rechab and Baanah his brother, the sons of Rimmon the Beerothite, and said unto them, As the Lord liveth, who hath redeemed my soul out of all adversity,
10 When one told me, saying, Behold, Saul is dead, thinking to have brought good tidings, I took hold of him, and slew him in Ziklag, who thought that I would have given him a reward for his tidings:
11 How much more, when wicked men have slain a righteous person in his own house upon his bed? shall I not therefore now require his blood of your hand, and take you away from the earth?
12 And David commanded his young men, and they slew them, and cut off their hands and their feet, and hanged them up over the pool in Hebron. But they took the head of Ishbosheth, and buried it in the sepulchre of Abner in Hebron.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}