Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 1     

1 Men mesaj Seyè a te bay Oze, pitit Beeri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.
 Premye fwa Seyè a t’ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l’ konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w’ap gen avè l’ yo, y’ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m’.
Se konsa, Oze leve, li al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason.
Seyè a di Oze konsa: -W’a rele l’ Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo.
Jou sa a, m’ap kraze tout zam pèp Izrayèl yo nan Fon Jizreyèl la.
Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Seyè a di Oze konsa: -W’a rele l’ Lowouchama, paske m’ap san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. p’ap gen padon pou yo.
Men, m’ap gen pitye pou moun peyi Jida yo. Mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, m’ap delivre yo. Men, mwen p’ap fè l’ ni avèk flèch, ni avèk nepe, ni nan goumen, ni avèk chwal ak kavalye.
 Apre Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason.
Lè sa a, Seyè a di Oze: -W’ap rele l’ Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m’ ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.
10 Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p’ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m’ ankò, yon jou l’a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.
11 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y’a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y’a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 1 

1 La parole de l’Éternel qui fut adressée à Osée, fils de Beéri, au temps d’Ozias, de Jotham, d’Achaz, d’Ézéchias, rois de Juda, et au temps de Jéroboam, fils de Joas, roi d’Israël.
La première fois que l’Éternel adressa la parole à Osée, l’Éternel dit à Osée: Va, prends une femme prostituée et des enfants de prostitution; car le pays se prostitue, il abandonne l’Éternel!
Il alla, et il prit Gomer, fille de Diblaïm. Elle conçut, et lui enfanta un fils.
Et l’Éternel lui dit: Appelle-le du nom de Jizreel; car encore un peu de temps, et je châtierai la maison de Jéhu pour le sang versé à Jizreel, je mettrai fin au royaume de la maison d’Israël.
En ce jour-là, je briserai l’arc d’Israël dans la vallée de Jizreel.
Elle conçut de nouveau, et enfanta une fille. Et l’Éternel dit à Osée: Donne-lui le nom de Lo Ruchama; car je n’aurai plus pitié de la maison d’Israël, je ne lui pardonnerai plus.
Mais j’aurai pitié de la maison de Juda; je les sauverai par l’Éternel, leur Dieu, et je ne les sauverai ni par l’arc, ni par l’épée, ni par les combats, ni par les chevaux, ni par les cavaliers.
Elle sevra Lo Ruchama; puis elle conçut, et enfanta un fils.
Et l’Éternel dit: Donne-lui le nom de Lo Ammi; car vous n’êtes pas mon peuple, et je ne suis pas votre Dieu.
10 (2:1) Cependant le nombre des enfants d’Israël sera comme le sable de la mer, qui ne peut ni se mesurer ni se compter; et au lieu qu’on leur disait: Vous n’êtes pas mon peuple! on leur dira: Fils du Dieu vivant!
11 (2:2) Les enfants de Juda et les enfants d’Israël se rassembleront, se donneront un chef, et sortiront du pays; car grande sera la journée de Jizreel.

Louis Segond {LSG}

Hosea 1

The word of the Lord that came unto Hosea, the son of Beeri, in the days of Uzziah, Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah, and in the days of Jeroboam the son of Joash, king of Israel.
The beginning of the word of the Lord by Hosea. And the Lord said to Hosea, Go, take unto thee a wife of whoredoms and children of whoredoms: for the land hath committed great whoredom, departing from the Lord.
So he went and took Gomer the daughter of Diblaim; which conceived, and bare him a son.
And the Lord said unto him, Call his name Jezreel; for yet a little while, and I will avenge the blood of Jezreel upon the house of Jehu, and will cause to cease the kingdom of the house of Israel.
And it shall come to pass at that day, that I will break the bow of Israel, in the valley of Jezreel.
And she conceived again, and bare a daughter. And God said unto him, Call her name Loruhamah: for I will no more have mercy upon the house of Israel; but I will utterly take them away.
But I will have mercy upon the house of Judah, and will save them by the Lord their God, and will not save them by bow, nor by sword, nor by battle, by horses, nor by horsemen.
Now when she had weaned Loruhamah, she conceived, and bare a son.
Then said God, Call his name Loammi: for ye are not my people, and I will not be your God.
10 Yet the number of the children of Israel shall be as the sand of the sea, which cannot be measured nor numbered; and it shall come to pass, that in the place where it was said unto them, Ye are not my people, there it shall be said unto them, Ye are the sons of the living God.
11 Then shall the children of Judah and the children of Israel be gathered together, and appoint themselves one head, and they shall come up out of the land: for great shall be the day of Jezreel.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}