Liv 2 Tesalonik / 2 Thessaloniciens / 2 Thessalonians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Tesalonisyen 1             

Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m’ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k’ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an.
Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze.
Se yon devwa pou mwen pou m’ pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m’ yo. Wi, se yon devwa pou m’ fè l’ vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lòt ap grandi toujou tou.
Se sak fè, sa fè m’ plezi pou m’ nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k’ap tonbe sou nou.
 Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l’ap jije. Paske, avèk tou sa n’ap sipòte koulye a, n’ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n’ap soufri konsa.
Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k’ap fè nou soufri yo soufri tou.
Kanta pou nou menm k’ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m’ lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.
La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p’ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an.
Chatiman moun sa yo, se disparèt y’ap disparèt yo pou tout tan. Y’ap wete yo devan Seyè a, y’ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y’ap fè pou li a.
10 Jou sa a, Seyè a va parèt pou l’ resevwa lwanj nan men tout moun pa l’ yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l’. Nou menm tou n’a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.
11  Se poutèt sa, mwen p’ap janm sispann lapriyè pou nou. M’ap mande Bondye pou l’ ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M’ap mande l’ pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n’ap fè ak konfyans nan Bondye.
12 Konsa, tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y’a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Seyè a, fè nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 2 Thessaloniciens 1  

1 Paul, et Silvain, et Timothée, à l’Église des Thessaloniciens, qui est en Dieu notre Père et en Jésus Christ le Seigneur:
que la grâce et la paix vous soient données de la part de Dieu notre Père et du Seigneur Jésus Christ!
Nous devons à votre sujet, frères, rendre continuellement grâces à Dieu, comme cela est juste, parce que votre foi fait de grands progrès, et que la charité de chacun de vous tous à l’égard des autres augmente de plus en plus.
Aussi nous glorifions-nous de vous dans les Églises de Dieu, à cause de votre persévérance et de votre foi au milieu de toutes vos persécutions et des tribulations que vous avez à supporter.
C’est une preuve du juste jugement de Dieu, pour que vous soyez jugés dignes du royaume de Dieu, pour lequel vous souffrez.
Car il est de la justice de Dieu de rendre l’affliction à ceux qui vous affligent,
et de vous donner, à vous qui êtes affligés, du repos avec nous, lorsque le Seigneur Jésus apparaîtra du ciel avec les anges de sa puissance,
au milieu d’une flamme de feu, pour punir ceux qui ne connaissent pas Dieu et ceux qui n’obéissent pas à l’Évangile de notre Seigneur Jésus.
Ils auront pour châtiment une ruine éternelle, loin de la face du Seigneur et de la gloire de sa force,
10 lorsqu’il viendra pour être, en ce jour-là, glorifié dans ses saints et admiré dans tous ceux qui auront cru, car notre témoignage auprès de vous a été cru.
11 C’est pourquoi aussi nous prions continuellement pour vous, afin que notre Dieu vous juge dignes de la vocation, et qu’il accomplisse par sa puissance tous les dessins bienveillants de sa bonté, et l’oeuvre de votre foi,
12 pour que le nom de notre Seigneur Jésus soit glorifié en vous, et que vous soyez glorifiés en lui, selon la grâce de notre Dieu et du Seigneur Jésus Christ. 

Louis Segond {LSG}

 2 Thessalonians 1      

1 Paul, and Silvanus, and Timotheus, unto the church of the Thessalonians in God our Father and the Lord Jesus Christ:
Grace unto you, and peace, from God our Father and the Lord Jesus Christ.
We are bound to thank God always for you, brethren, as it is meet, because that your faith groweth exceedingly, and the charity of every one of you all toward each other aboundeth;
So that we ourselves glory in you in the churches of God for your patience and faith in all your persecutions and tribulations that ye endure:
Which is a manifest token of the righteous judgment of God, that ye may be counted worthy of the kingdom of God, for which ye also suffer:
Seeing it is a righteous thing with God to recompense tribulation to them that trouble you;
And to you who are troubled rest with us, when the Lord Jesus shall be revealed from heaven with his mighty angels,
In flaming fire taking vengeance on them that know not God, and that obey not the gospel of our Lord Jesus Christ:
Who shall be punished with everlasting destruction from the presence of the Lord, and from the glory of his power;
10 When he shall come to be glorified in his saints, and to be admired in all them that believe (because our testimony among you was believed) in that day.
11 Wherefore also we pray always for you, that our God would count you worthy of this calling, and fulfil all the good pleasure of his goodness, and the work of faith with power:
12 That the name of our Lord Jesus Christ may be glorified in you, and ye in him, according to the grace of our God and the Lord Jesus Christ.   
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}