Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 2   

1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm:
Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L’ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y’a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L’a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n’a mache nan chemen l’ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l’ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l’ap pale ak pèp li a.
L’ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L’ap jije tout gwo peyi yo. Y’a pran mato, y’a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y’a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p’ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p’ap janm aprann fè lagè ankò.
Koulye a, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Seyè a ban nou an.
 Bondye, ou te lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo. Peyi yo a plen moun k’ap fè divinò, plen moun k’ap li nan zetwal. Peyi a tounen tankou peyi moun Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.
Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen.
Peyi a plen zidòl. Y’ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Seyè!
10  Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y’a wè Seyè a. Y’a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.
11 Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p’ap gen moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P’ap gen moun k’ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
12 Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L’ap fè tout moun ki t’ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t’ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
13 L’ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an.
14 L’ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L’ap fè yo tout vin menm wotè.
15 L’ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo.
16 L’ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y’ap fè fon ak tout bèl bagay yo.
17 P’ap gen moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P’ap gen moun k’ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.
18 Tout zidòl pral disparèt nèt ale.
19 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y’a wè Seyè a. Y’a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l’ fè tè a tranble.
20 Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y’a voye yo jete bay rat ak chovsourit.
21 Lè Seyè a va vini pou l’ fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y’a wè Seyè a. Y’a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.
22 Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 2

1 Prophétie d’Ésaïe, fils d’Amots, sur Juda et Jérusalem.
Il arrivera, dans la suite des temps, Que la montagne de la maison de l’Éternel Sera fondée sur le sommet des montagnes, Qu’elle s’élèvera par-dessus les collines, Et que toutes les nations y afflueront.
Des peuples s’y rendront en foule, et diront: Venez, et montons à la montagne de l’Éternel, A la maison du Dieu de Jacob, Afin qu’il nous enseigne ses voies, Et que nous marchions dans ses sentiers. Car de Sion sortira la loi, Et de Jérusalem la parole de l’Éternel.
Il sera le juge des nations, L’arbitre d’un grand nombre de peuples. De leurs glaives ils forgeront des hoyaux, Et de leurs lances des serpes: Une nation ne tirera plus l’épée contre une autre, Et l’on n’apprendra plus la guerre.
Maison de Jacob, Venez, et marchons à la lumière de l’Éternel!
Car tu as abandonné ton peuple, la maison de Jacob, Parce qu’ils sont pleins de l’Orient, Et adonnés à la magie comme les Philistins, Et parce qu’ils s’allient aux fils des étrangers. Le pays est rempli d’argent et d’or,
Et il y a des trésors sans fin; Le pays est rempli de chevaux, Et il y a des chars sans nombre.
Le pays est rempli d’idoles; Ils se prosternent devant l’ouvrage de leurs mains, Devant ce que leurs doigts ont fabriqué.
Les petits seront abattus, et les grands seront abaissés: Tu ne leur pardonneras point.
10 Entre dans les rochers, Et cache-toi dans la poussière, Pour éviter la terreur de l’Éternel Et l’éclat de sa majesté.
11 L’homme au regard hautain sera abaissé, Et l’orgueilleux sera humilié: L’Éternel seul sera élevé ce jour-là.
12 Car il y a un jour pour l’Éternel des armées Contre tout homme orgueilleux et hautain, Contre quiconque s’élève, afin qu’il soit abaissé;
13 Contre tous les cèdres du Liban, hauts et élevés, Et contre tous les chênes de Basan;
14 Contre toutes les hautes montagnes, Et contre toutes les collines élevées;
15 Contre toutes les hautes tours, Et contre toutes les murailles fortifiées;
16 Contre tous les navires de Tarsis, Et contre tout ce qui plaît à la vue.
17 L’homme orgueilleux sera humilié, Et le hautain sera abaissé: L’Éternel seul sera élevé ce jour-là.
18 Toutes les idoles disparaîtront.
19 On entrera dans les cavernes des rochers Et dans les profondeurs de la poussière, Pour éviter la terreur de l’Éternel et l’éclat de sa majesté, Quand il se lèvera pour effrayer la terre.
20 En ce jour, les hommes jetteront Leurs idoles d’argent et leurs idoles d’or, Qu’ils s’étaient faites pour les adorer, Aux rats et aux chauves-souris;
21 Et ils entreront dans les fentes des rochers Et dans les creux des pierres, Pour éviter la terreur de l’Éternel et l’éclat de sa majesté, Quand il se lèvera pour effrayer la terre.
22 Cessez de vous confier en l’homme, Dans les narines duquel il n’y a qu’un souffle: Car de quelle valeur est-il?Louis Segond {LSG}

Isaiah 2 

1 The word that Isaiah the son of Amoz saw concerning Judah and Jerusalem.
And it shall come to pass in the last days, that the mountain of the Lord‘s house shall be established in the top of the mountains, and shall be exalted above the hills; and all nations shall flow unto it.
And many people shall go and say, Come ye, and let us go up to the mountain of the Lord, to the house of the God of Jacob; and he will teach us of his ways, and we will walk in his paths: for out of Zion shall go forth the law, and the word of the Lord from Jerusalem.
And he shall judge among the nations, and shall rebuke many people: and they shall beat their swords into plowshares, and their spears into pruninghooks: nation shall not lift up sword against nation, neither shall they learn war any more.
O house of Jacob, come ye, and let us walk in the light of the Lord.
Therefore thou hast forsaken thy people the house of Jacob, because they be replenished from the east, and are soothsayers like the Philistines, and they please themselves in the children of strangers.
Their land also is full of silver and gold, neither is there any end of their treasures; their land is also full of horses, neither is there any end of their chariots:
Their land also is full of idols; they worship the work of their own hands, that which their own fingers have made:
And the mean man boweth down, and the great man humbleth himself: therefore forgive them not.
10 Enter into the rock, and hide thee in the dust, for fear of the Lord, and for the glory of his majesty.
11 The lofty looks of man shall be humbled, and the haughtiness of men shall be bowed down, and the Lord alone shall be exalted in that day.
12 For the day of the Lord of hosts shall be upon every one that is proud and lofty, and upon every one that is lifted up; and he shall be brought low:
13 And upon all the cedars of Lebanon, that are high and lifted up, and upon all the oaks of Bashan,
14 And upon all the high mountains, and upon all the hills that are lifted up,
15 And upon every high tower, and upon every fenced wall,
16 And upon all the ships of Tarshish, and upon all pleasant pictures.
17 And the loftiness of man shall be bowed down, and the haughtiness of men shall be made low: and the Lord alone shall be exalted in that day.
18 And the idols he shall utterly abolish.
19 And they shall go into the holes of the rocks, and into the caves of the earth, for fear of the Lord, and for the glory of his majesty, when he ariseth to shake terribly the earth.
20 In that day a man shall cast his idols of silver, and his idols of gold, which they made each one for himself to worship, to the moles and to the bats;
21 To go into the clefts of the rocks, and into the tops of the ragged rocks, for fear of the Lord, and for the glory of his majesty, when he ariseth to shake terribly the earth.
22 Cease ye from man, whose breath is in his nostrils: for wherein is he to be accounted of ?
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}