Liv 1 Jan / 1 Jean / 1 John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Jan 2        

Pitit mwen yo, m’ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k’ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.
Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.
 Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li.
Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l’ fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li.
Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye:
Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l’ viv tankou Jezi te viv la.
 Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m’ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a.
Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m’ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k’ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gen tan ap klere.
Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.
10 Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.
11 Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y’ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.
12  Timoun mwen yo, m’ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri.
13 M’ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M’ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M’ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a.
14 M’ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M’ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la.
15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.
16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k’ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.
17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l’ yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan.
18  Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k’ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò.
19 Moun sa yo pa t’ avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t’ avèk nou tout bon.
20  Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a.
21 Si m’ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a.
22 Kilès k’ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l’ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete.
23 Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou.
24 Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n’ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la.
25 Men sa Jezikri te pwomèt l’ap ban nou an: se lavi ki p’ap janm fini an.
26 M’ap ekri nou tou sa poutèt moun k’ap chache twonpe nou yo.
27 Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l’ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.
28  Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n’a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p’ap wont devan l’, yo p’ap kapab voye nou jete byen lwen li.
29 Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Jean 2                        

1 Mes petits enfants, je vous écris ces choses, afin que vous ne péchiez point. Et si quelqu’un a péché, nous avons un avocat auprès du Père, Jésus Christ le juste.
Il est lui-même une victime expiatoire pour nos péchés, non seulement pour les nôtres, mais aussi pour ceux du monde entier.
Si nous gardons ses commandements, par là nous savons que nous l’avons connu.
Celui qui dit: Je l’ai connu, et qui ne garde pas ses commandements, est un menteur, et la vérité n’est point en lui.
Mais celui qui garde sa parole, l’amour de Dieu est véritablement parfait en lui: par là nous savons que nous sommes en lui.
Celui qui dit qu’il demeure en lui doit marcher aussi comme il a marché lui-même.
Bien-aimés, ce n’est pas un commandement nouveau que je vous écris, mais un commandement ancien que vous avez eu dès le commencement; ce commandement ancien, c’est la parole que vous avez entendue.
Toutefois, c’est un commandement nouveau que je vous écris, ce qui est vrai en lui et en vous ,car les ténèbres se dissipent et la lumière véritable paraît déjà.
Celui qui dit qu’il est dans la lumière, et qui hait son frère, est encore dans les ténèbres.
10 Celui qui aime son frère demeure dans la lumière, et aucune occasion de chute n’est en lui.
11 Mais celui qui hait son frère est dans les ténèbres, il marche dans les ténèbres, et il ne sait où il va, parce que les ténèbres ont aveuglé ses yeux.
12 Je vous écris, petits enfants, parce que vos péchés vous sont pardonnés à cause de son nom.
13 Je vous écris, pères, parce que vous avez connu celui qui est dès le commencement. Je vous écris, jeunes gens, parce que vous avez vaincu le malin. Je vous ai écrit, petits enfants, parce que vous avez connu le Père.
14 Je vous ai écrit, pères, parce que vous avez connu celui qui est dès le commencement. Je vous ai écrit, jeunes gens, parce que vous êtes forts, et que la parole de Dieu demeure en vous, et que vous avez vaincu le malin.
15 N’aimez point le monde, ni les choses qui sont dans le monde. Si quelqu’un aime le monde, l’amour du Père n’est point en lui;
16 car tout ce qui est dans le monde, la convoitise de la chair, la convoitise des yeux, et l’orgueil de la vie, ne vient point du Père, mais vient du monde.
17 Et le monde passe, et sa convoitise aussi; mais celui qui fait la volonté de Dieu demeure éternellement.
18 Petits enfants, c’est la dernière heure, et comme vous avez appris qu’un antéchrist vient, il y a maintenant plusieurs antéchrists: par là nous connaissons que c’est la dernière heure.
19 Ils sont sortis du milieu de nous, mais ils n’étaient pas des nôtres; car s’ils eussent été des nôtres, ils seraient demeurés avec nous, mais cela est arrivé afin qu’il fût manifeste que tous ne sont pas des nôtres.
20 Pour vous, vous avez reçu l’onction de la part de celui qui est saint, et vous avez tous de la connaissance.
21 Je vous ai écrit, non que vous ne connaissiez pas la vérité, mais parce que vous la connaissez, et parce qu’aucun mensonge ne vient de la vérité.
22 Qui est menteur, sinon celui qui nie que Jésus est le Christ? Celui-là est l’antéchrist, qui nie le Père et le Fils.
23 Quiconque nie le Fils n’a pas non plus le Père; quiconque confesse le Fils a aussi le Père.
24 Que ce que vous avez entendu dès le commencement demeure en vous. Si ce que vous avez entendu dès le commencement demeure en vous, vous demeurerez aussi dans le Fils et dans le Père.
25 Et la promesse qu’il nous a faite, c’est la vie éternelle.
26 Je vous ai écrit ces choses au sujet de ceux qui vous égarent.
27 Pour vous, l’onction que vous avez reçue de lui demeure en vous, et vous n’avez pas besoin qu’on vous enseigne; mais comme son onction vous enseigne toutes choses, et qu’elle est véritable et qu’elle n’est point un mensonge, demeurez en lui selon les enseignements qu’elle vous a donnés.
28 Et maintenant, petits enfants, demeurez en lui, afin que, lorsqu’il paraîtra, nous ayons de l’assurance, et qu’à son avènement nous ne soyons pas confus et éloignés de lui.
29 Si vous savez qu’il est juste, reconnaissez que quiconque pratique la justice est né de lui.

Louis Segond {LSG}

1 John 2             

1 My little children, these things write I unto you, that ye sin not. And if any man sin, we have an advocate with the Father, Jesus Christ the righteous:
And he is the propitiation for our sins: and not for ours only, but also for the sins of the whole world.
And hereby we do know that we know him, if we keep his commandments.
He that saith, I know him, and keepeth not his commandments, is a liar, and the truth is not in him.
But whoso keepeth his word, in him verily is the love of God perfected: hereby know we that we are in him.
He that saith he abideth in him ought himself also so to walk, even as he walked.
Brethren, I write no new commandment unto you, but an old commandment which ye had from the beginning. The old commandment is the word which ye have heard from the beginning.
Again, a new commandment I write unto you, which thing is true in him and in you: because the darkness is past, and the true light now shineth.
He that saith he is in the light, and hateth his brother, is in darkness even until now.
10 He that loveth his brother abideth in the light, and there is none occasion of stumbling in him.
11 But he that hateth his brother is in darkness, and walketh in darkness, and knoweth not whither he goeth, because that darkness hath blinded his eyes.
12 I write unto you, little children, because your sins are forgiven you for his name’s sake.
13 I write unto you, fathers, because ye have known him that is from the beginning. I write unto you, young men, because ye have overcome the wicked one. I write unto you, little children, because ye have known the Father.
14 I have written unto you, fathers, because ye have known him that is from the beginning. I have written unto you, young men, because ye are strong, and the word of God abideth in you, and ye have overcome the wicked one.
15 Love not the world, neither the things that are in the world. If any man love the world, the love of the Father is not in him.
16 For all that is in the world, the lust of the flesh, and the lust of the eyes, and the pride of life, is not of the Father, but is of the world.
17 And the world passeth away, and the lust thereof: but he that doeth the will of God abideth for ever.
18 Little children, it is the last time: and as ye have heard that antichrist shall come, even now are there many antichrists; whereby we know that it is the last time.
19 They went out from us, but they were not of us; for if they had been of us, they would no doubt have continued with us: but they went out, that they might be made manifest that they were not all of us.
20 But ye have an unction from the Holy One, and ye know all things.
21 I have not written unto you because ye know not the truth, but because ye know it, and that no lie is of the truth.
22 Who is a liar but he that denieth that Jesus is the Christ? He is antichrist, that denieth the Father and the Son.
23 Whosoever denieth the Son, the same hath not the Father: he that acknowledgeth the Son hath the Father also.
24 Let that therefore abide in you, which ye have heard from the beginning. If that which ye have heard from the beginning shall remain in you, ye also shall continue in the Son, and in the Father.
25 And this is the promise that he hath promised us, even eternal life.
26 These things have I written unto you concerning them that seduce you.
27 But the anointing which ye have received of him abideth in you, and ye need not that any man teach you: but as the same anointing teacheth you of all things, and is truth, and is no lie, and even as it hath taught you, ye shall abide in him.
28 And now, little children, abide in him; that, when he shall appear, we may have confidence, and not be ashamed before him at his coming.
29 If ye know that he is righteous, ye know that every one that doeth righteousness is born of him.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}