Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 10

1 Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo.
Li te chèf nan peyi Izrayèl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l’ lavil Chami.
Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parèt. Li gouvènen peyi Izrayèl la pandan venndezan.
Li te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk koulye a yo rele lavil yo lavil Jayi.
Jayi mouri, yo antere l’ lavil Kamon.
 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l’.
Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.
Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t’ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t’ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a.
Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y’ al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn.
10  Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l’ konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n’ al fè sèvis pou Baal yo.
11 Seyè a reponn pèp Izrayèl la: -Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo,
12 moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t’ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m’. Eske mwen pa t’ delivre nou anba men yo lè sa a?
13 Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n’ al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò.
14 Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka!
15 Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t’ dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
16 Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t’ gen kè pou l’ wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
17 Lè sa a, lame pèp Amon an sanble, y’ al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pèp Izrayèl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa.
18 Pèp peyi Galarad la ak chèf yo t’ap pale, yonn t’ap di lòt: -Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun nan peyi Galarad!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Juges 10

1 Après Abimélec, Thola, fils de Pua, fils de Dodo, homme d’Issacar, se leva pour délivrer Israël; il habitait à Schamir, dans la montagne d’Éphraïm.
Il fut juge en Israël pendant vingt-trois ans; puis il mourut, et fut enterré à Schamir.
Après lui, se leva Jaïr, le Galaadite, qui fut juge en Israël pendant vingt-deux ans.
Il avait trente fils, qui montaient sur trente ânons, et qui possédaient trente villes, appelées encore aujourd’hui bourgs de Jaïr, et situées dans le pays de Galaad.
Et Jaïr mourut, et fut enterré à Kamon.
Les enfants d’Israël firent encore ce qui déplaît à l’Éternel; ils servirent les Baals et les Astartés, les dieux de Syrie, les dieux de Sidon, les dieux de Moab, les dieux des fils d’Ammon, et les dieux des Philistins, et ils abandonnèrent l’Éternel et ne le servirent plus.
La colère de l’Éternel s’enflamma contre Israël, et il les vendit entre les mains des Philistins et entre les mains des fils d’Ammon.
Ils opprimèrent et écrasèrent les enfants d’Israël cette année-là, et pendant dix-huit ans tous les enfants d’Israël qui étaient de l’autre côté du Jourdain dans le pays des Amoréens en Galaad.
Les fils d’Ammon passèrent le Jourdain pour combattre aussi contre Juda, contre Benjamin et contre la maison d’Éphraïm. Et Israël fut dans une grande détresse.
10 Les enfants d’Israël crièrent à l’Éternel, en disant: Nous avons péché contre toi, car nous avons abandonné notre Dieu et nous avons servi les Baals.
11 L’Éternel dit aux enfants d’Israël: Ne vous ai-je pas délivrés des Égyptiens, des Amoréens, des fils d’Ammon, des Philistins?
12 Et lorsque les Sidoniens, Amalek et Maon, vous opprimèrent, et que vous criâtes à moi, ne vous ai-je pas délivrés de leurs mains?
13 Mais vous, vous m’avez abandonné, et vous avez servi d’autres dieux. C’est pourquoi je ne vous délivrerai plus.
14 Allez, invoquez les dieux que vous avez choisis; qu’ils vous délivrent au temps de votre détresse!
15 Les enfants d’Israël dirent à l’Éternel: Nous avons péché; traite-nous comme il te plaira. Seulement, daigne nous délivrer aujourd’hui!
16 Et ils ôtèrent les dieux étrangers du milieu d’eux, et servirent l’Éternel, qui fut touché des maux d’Israël.
17 Les fils d’Ammon se rassemblèrent et campèrent en Galaad, et les enfants d’Israël se rassemblèrent et campèrent à Mitspa.
18 Le peuple, les chefs de Galaad se dirent l’un à l’autre: Quel est l’homme qui commencera l’attaque contre les fils d’Ammon? Il sera chef de tous les habitants de Galaad.
Louis Segond {LSG}

Judges 10

1 And after Abimelech there arose to defend Israel Tola the son of Puah, the son of Dodo, a man of Issachar; and he dwelt in Shamir in mount Ephraim.
And he judged Israel twenty and three years, and died, and was buried in Shamir.
And after him arose Jair, a Gileadite, and judged Israel twenty and two years.
And he had thirty sons that rode on thirty ass colts, and they had thirty cities, which are called Havothjair unto this day, which are in the land of Gilead.
And Jair died, and was buried in Camon.
And the children of Israel did evil again in the sight of the Lord, and served Baalim, and Ashtaroth, and the gods of Syria, and the gods of Zidon, and the gods of Moab, and the gods of the children of Ammon, and the gods of the Philistines, and forsook the Lord, and served not him.
And the anger of the Lord was hot against Israel, and he sold them into the hands of the Philistines, and into the hands of the children of Ammon.
And that year they vexed and oppressed the children of Israel: eighteen years, all the children of Israel that were on the other side Jordan in the land of the Amorites, which is in Gilead.
Moreover the children of Ammon passed over Jordan to fight also against Judah, and against Benjamin, and against the house of Ephraim; so that Israel was sore distressed.
10 And the children of Israel cried unto the Lord, saying, We have sinned against thee, both because we have forsaken our God, and also served Baalim.
11 And the Lord said unto the children of Israel, Did not I deliver you from the Egyptians, and from the Amorites, from the children of Ammon, and from the Philistines?
12 The Zidonians also, and the Amalekites, and the Maonites, did oppress you; and ye cried to me, and I delivered you out of their hand.
13 Yet ye have forsaken me, and served other gods: wherefore I will deliver you no more.
14 Go and cry unto the gods which ye have chosen; let them deliver you in the time of your tribulation.
15 And the children of Israel said unto the Lord, We have sinned: do thou unto us whatsoever seemeth good unto thee; deliver us only, we pray thee, this day.
16 And they put away the strange gods from among them, and served the Lord: and his soul was grieved for the misery of Israel.
17 Then the children of Ammon were gathered together, and encamped in Gilead. And the children of Israel assembled themselves together, and encamped in Mizpeh.
18 And the people and princes of Gilead said one to another, What man is he that will begin to fight against the children of Ammon? he shall be head over all the inhabitants of Gilead.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}