Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 148  

1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!
Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.
Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k’ap klere nan syèl la, fè lwanj li!
Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.
Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l’.
 Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,
dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k’ap fè sa li di yo fè,
gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k’ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,
10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k’ap trennen sou vant, ak tout zwezo k’ap vole nan syèl.
11 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k’ap dirije lèzòm,
12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.
13 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.
14 Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k’ap sèvi l’ yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 148

1 Louez l’Éternel! Louez l’Éternel du haut des cieux! Louez-le dans les lieux élevés!
Louez-le, vous tous ses anges! Louez-le, vous toutes ses armées!
Louez-le, soleil et lune! Louez-le, vous toutes, étoiles lumineuses!
Louez-le, cieux des cieux, Et vous, eaux qui êtes au-dessus des cieux!
Qu’ils louent le nom de l’Éternel! Car il a commandé, et ils ont été créés.
Il les a affermis pour toujours et à perpétuité; Il a donné des lois, et il ne les violera point.
Louez l’Éternel du bas de la terre, Monstres marins, et vous tous, abîmes,
Feu et grêle, neige et brouillards, Vents impétueux, qui exécutez ses ordres,
Montagnes et toutes les collines, Arbres fruitiers et tous les cèdres,
10 Animaux et tout le bétail, Reptiles et oiseaux ailés,
11 Rois de la terre et tous les peuples, Princes et tous les juges de la terre,
12 Jeunes hommes et jeunes filles, Vieillards et enfants!
13 Qu’ils louent le nom de l’Éternel! Car son nom seul est élevé; Sa majesté est au-dessus de la terre et des cieux.
14 Il a relevé la force de son peuple: Sujet de louange pour tous ses fidèles, Pour les enfants d’Israël, du peuple qui est près de lui. Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 148 

1 Praise ye the Lord. Praise ye the Lord from the heavens: praise him in the heights.
Praise ye him, all his angels: praise ye him, all his hosts.
Praise ye him, sun and moon: praise him, all ye stars of light.
Praise him, ye heavens of heavens, and ye waters that be above the heavens.
Let them praise the name of the Lord: for he commanded, and they were created.
He hath also stablished them for ever and ever: he hath made a decree which shall not pass.
Praise the Lord from the earth, ye dragons, and all deeps:
Fire, and hail; snow, and vapours; stormy wind fulfilling his word:
Mountains, and all hills; fruitful trees, and all cedars:
10 Beasts, and all cattle; creeping things, and flying fowl:
11 Kings of the earth, and all people; princes, and all judges of the earth:
12 Both young men, and maidens; old men, and children:
13 Let them praise the name of the Lord: for his name alone is excellent; his glory is above the earth and heaven.
14 He also exalteth the horn of his people, the praise of all his saints; even of the children of Israel, a people near unto him. Praise ye the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}