Liv 1Istwa /1Chroniques /1Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Istwa 9

1 Se konsa yo te make non tout moun pep Izrayèl yo dapre fanmi yo nan liv wa Izrayèl yo. Yo te depòte moun peyi Jida yo lavil Babilòn paske yo pa t’ fè volonte Bondye.
Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k’ap travay nan Tanp lan.
Se lavil Jerizalèm moun nan branch fanmi Jida, moun nan branch fanmi Benjamen, moun nan branch fanmi Efrayim ak moun nan branch fanmi Manase, yo tout al rete.
Nan moun Jida yo te gen Outayi, pitit gason Amiyoud. Amiyoub sa a te pitit Omri, Omri te pitit Imri, Imri te pitit gason Bani, Bani te soti nan fanmi Perèz, pitit Jida.
Nan fanmi Chela a te gen Asaja ki te chèf fanmi an.
Nan fanmi Zerak la te gen Jeoujèl ki te chèf fanmi an. Sa te fè antou sisankatrevendis (690) moun nan fanmi Jida a ki te rete lavil Jerizalèm.
Nan moun fanmi Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam, ki te pitit gason Odavya, ki li menm te pitit gason Asenwa.
Te gen Jibneja, pitit gason Jeworam, Ela, pitit gason Ouzi, pitit pitit Mikri, ak Mechoulam, pitit Chepatya, ki te pitit Reouyèl, pitit pitit Jibniya.
Sa te fè antou nèfsansenkannsis (956) moun nan fanmi Benjamen an ki te rete lavil Jerizalèm. Yo tout te chèf fanmi yo.
10 Men prèt ki t’ap viv nan lavil la. Te gen Jedaja, Jeojarib, Jaken,
11 Azarya, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Achitoub. Se li menm Achitoub sa a ki te chèf nan tanp Bondye a.
12 Lèfini, te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pachou ki te pitit Malkija. Te gen ankò Masayi, pitit Adyèl. Adyèl sa a te pitit Jazera, Jazera te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Mechilemit, Mechilemit te pitit Ime.
13 Prèt sa yo ak fanmi yo te fè antou milsètsanswasant (1.760) moun ki te chèf fanmi, vanyan gason ki te bon pou sèvis kay Bondye a.
14  Men moun Levi ki te rete nan lavil la. Te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, nan branch fanmi Merari a.
15 Te gen Bakbaka, Erès, Galal ak Matanya. Matanya sa a te pitit Mika. Mika te pitit Zikri, Zikri li menm te pitit Asaf.
16 Te gen Obadya, pitit Chemaya. Chemaya sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun. Pou fini, te gen Berekya, pitit Asa, ki te pitit Elkana ki te rete nan ti bouk moun Netofa yo.
17 Men gad ki t’ap fè pòs nan pòtay Tanp lan. Se te Chaloum, Akoub, Talmon, Akiman ak lòt fanmi yo. Se Chaloum ki te chèf yo.
18 Jouk jounen jòdi a se yo k’ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo.
19 Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Seyè a, tankou zansèt yo te fè l’ anvan sa lè yo t’ap veye Pòtay kan Seyè a.
20 Yon lè se Fineas, pitit Eleaza a, ki te chèf yo. Seyè a te toujou kanpe avè l’.
21 Zakari, pitit Mechelemya, te gad nan pòtay Tant Randevou a tou.
22 Antou te gen desandouz (212) gason yo te chwazi pou fè pòs nan pòtay tanp lan, dapre liv rejis fanmi yo nan ti bouk kote yo moun. Se wa David ak pwofèt Samyèl ki te bay zansèt yo reskonsablite sa a pou tout tan.
23 Se konsa, yo menm ak pitit yo yo toujou ap fè pòs nan pòtay Tanp lan, nan pòtay Tant Randevou a.
24 Te gen kat pòtay ki te bay sou kat bòn direksyon yo: lès, lwès, nò ak sid. Pou chak pòtay te gen yon chèf gad.
25 Fanmi yo ki te rete nan ti bouk yo te vin ede yo nan travay la pandan sèt jou, yonn apre lòt.
26 Men, kat chèf gad yo te toujou la desèvis. Se moun fanmi Levi yo te ye. Se yo ki te reskonsab tout pyès chanm ansanm ak tout trezò ki te la nan Tanp lan.
27 Yo te rete pase nwit yo toupre Tanp lan, paske se yo ki te reskonsab veye l’. Lèfini, chak maten se yo ki pou te louvri pòtay yo.
28 Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout veso yo sèvi pou fè seremoni yo. Se pou yo te kontwole yo ni anvan ni apre chak seremoni yo.
29 Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout rès bagay ki te nan Tanp lan ansanm ak farin frans, diven, lwil oliv, lansan ak odè yo.
30 Men, se prèt yo ki te reskonsab pare odè yo.
31 Se yon moun Levi yo te rele Matitya, premye pitit Chaloum nan fanmi Kore a, ki te toujou reskonsab fè gato pou ofrann yo.
32 Lòt moun Levi nan fanmi Keyat la te reskonsab pare pen pou yo te mete chak jou repo nan Tanp lan.
33 Genyen nan fanmi Levi yo ki te sanba. Chèf fanmi sa yo te viv nan pyès chanm ki te nan Tanp lan. Yo pa t’ gen lòt okipasyon pase lajounen kou lannwit yo t’ap fè travay yo.
34 Tout mesye sa yo te chèf fanmi moun Levi yo, dapre zansèt yo rive jòdi a. Yo te rete lavil Jerizalèm.
35  Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka.
36 Premye pitit gason l’ lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Baal, Nè, Nadak,
37 Gedò, Akio, Zèkè ak Miklòt.
38 Se Miklòt sa a ki te papa Chimeam. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo.
39 Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.
40 Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.
41 Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz.
42 Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza.
43 Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl.
44 Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokewou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan, Se non pitit gason Azèl yo sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Chroniques 9 

1 Tout Israël est enregistré dans les généalogies et inscrit dans le livre des rois d’Israël. Et Juda fut emmené captif à Babylone, à cause de ses infidélités.
Les premiers habitants qui demeuraient dans leurs possessions, dans leurs villes, étaient les Israélites, les sacrificateurs, les Lévites, et les Néthiniens.
A Jérusalem habitaient des fils de Juda, des fils de Benjamin, et des fils d’Éphraïm et de Manassé. –
Des fils de Pérets, fils de Juda: Uthaï, fils d’Ammihud, fils d’Omri, fils d’Imri, fils de Bani.
Des Schilonites: Asaja, le premier-né, et ses fils.
Des fils de Zérach: Jeuel, et ses frères, six cent quatre-vingt-dix. –
Des fils de Benjamin: Sallu, fils de Meschullam, fils d’Hodavia, fils d’Assenua;
Jibneja, fils de Jerocham; Éla, fils d’Uzzi, fils de Micri; Meschullam, fils de Schephathia, fils de Reuel, fils de Jibnija;
et leurs frères, selon leurs générations, neuf cent cinquante-six. Tous ces hommes étaient chefs de famille dans les maisons de leurs pères.
10 Des sacrificateurs: Jedaeja; Jehojarib; Jakin;
11 Azaria, fils de Hilkija, fils de Meschullam, fils de Tsadok, fils de Merajoth, fils d’Achithub, prince de la maison de Dieu;
12 Adaja, fils de Jerocham, fils de Paschhur, fils de Malkija; Maesaï, fils d’Adiel, fils de Jachzéra, fils de Meschullam, fils de Meschillémith, fils d’Immer;
13 et leurs frères, chefs des maisons de leurs pères, mille sept cent soixante, hommes vaillants, occupés au service de la maison de Dieu.
14 Des Lévites: Schemaeja, fils de Haschub, fils d’Azrikam, fils de Haschabia, des fils de Merari;
15 Bakbakkar; Héresch; Galal; Matthania, fils de Michée, fils de Zicri, fils d’Asaph;
16 Abdias, fils de Schemaeja, fils de Galal, fils de Jeduthun; Bérékia, fils d’Asa, fils d’Elkana, qui habitait dans les villages des Nethophathiens.
17 Et les portiers: Schallum, Akkub, Thalmon, Achiman, et leurs frères; Schallum était le chef,
18 et jusqu’à présent il est à la porte du roi, à l’orient. Ce sont là les portiers pour le camp des fils de Lévi.
19 Schallum, fils de Koré, fils d’Ébiasaph, fils de Koré, et ses frères de la maison de son père, les Koréites, remplissaient les fonctions de gardiens des seuils de la tente; leurs pères avaient gardé l’entrée du camp de l’Éternel,
20 et Phinées, fils d’Éléazar, avait été autrefois leur chef, et l’Éternel était avec lui.
21 Zacharie, fils de Meschélémia, était portier à l’entrée de la tente d’assignation.
22 Ils étaient en tout deux cent douze, choisis pour portiers des seuils, et enregistrés dans les généalogies d’après leurs villages; David et Samuel le voyant les avaient établis dans leurs fonctions.
23 Eux et leurs enfants gardaient les portes de la maison de l’Éternel, de la maison de la tente.
24 Il y avait des portiers aux quatre vents, à l’orient, à l’occident, au nord et au midi.
25 Leurs frères, qui demeuraient dans leurs villages, devaient de temps à autre venir auprès d’eux pendant sept jours.
26 Car ces quatre chefs des portiers, ces Lévites, étaient toujours en fonctions, et ils avaient encore la surveillance des chambres et des trésors de la maison de Dieu;
27 ils passaient la nuit autour de la maison de Dieu, dont ils avaient la garde, et qu’ils devaient ouvrir chaque matin.
28 Quelques-uns des Lévites prenaient soin des ustensiles du service, qu’ils rentraient en les comptant et sortaient en les comptant.
29 D’autres veillaient sur les ustensiles, sur tous les ustensiles du sanctuaire, et sur la fleur de farine, le vin, l’huile, l’encens et les aromates.
30 C’étaient des fils de sacrificateurs qui composaient les parfums aromatiques.
31 Matthithia, l’un des Lévites, premier-né de Schallum le Koréite, s’occupait des gâteaux cuits sur la plaque.
32 Et quelques-uns de leurs frères, parmi les Kehathites, étaient chargés de préparer pour chaque sabbat les pains de proposition.
33 Ce sont là les chantres, chefs de famille des Lévites, demeurant dans les chambres, exempts des autres fonctions parce qu’ils étaient à l’oeuvre jour et nuit.
34 Ce sont là les chefs de famille des Lévites, chefs selon leurs générations. Ils habitaient à Jérusalem.
35 Le père de Gabaon, Jeïel, habitait à Gabaon, et le nom de sa femme était Maaca.
36 Abdon, son fils premier-né, puis Tsur, Kis, Baal, Ner, Nadab,
37 Guedor, Achjo, Zacharie et Mikloth.
38 Mikloth engendra Schimeam. Ils habitaient aussi à Jérusalem près de leurs frères, avec leurs frères. –
39 Ner engendra Kis; Kis engendra Saül; Saül engendra Jonathan, Malki Schua, Abinadab et Eschbaal.
40 Fils de Jonathan: Merib Baal. Merib Baal engendra Michée.
41 Fils de Michée: Pithon, Mélec, et Thachréa.
42 Achaz engendra Jaera; Jaera engendra Alémeth, Azmaveth et Zimri; Zimri engendra Motsa; Motsa engendra Binea.
43 Rephaja, son fils; Éleasa, son fils; Atsel, son fils.
44 Atsel eut six fils, dont voici les noms: Azrikam, Bocru, Ismaël, Scheari, Abdias et Hanan. Ce sont là les fils d’Atsel.
Louis Segond {LSG}

1 Chronicles 9

1 So all Israel were reckoned by genealogies; and, behold, they were written in the book of the kings of Israel and Judah, who were carried away to Babylon for their transgression.
Now the first inhabitants that dwelt in their possessions in their cities were, the Israelites, the priests, Levites, and the Nethinims.
And in Jerusalem dwelt of the children of Judah, and of the children of Benjamin, and of the children of Ephraim, and Manasseh;
Uthai the son of Ammihud, the son of Omri, the son of Imri, the son of Bani, of the children of Pharez the son of Judah.
And of the Shilonites; Asaiah the firstborn, and his sons.
And of the sons of Zerah; Jeuel, and their brethren, six hundred and ninety.
And of the sons of Benjamin; Sallu the son of Meshullam, the son of Hodaviah, the son of Hasenuah,
And Ibneiah the son of Jeroham, and Elah the son of Uzzi, the son of Michri, and Meshullam the son of Shephathiah, the son of Reuel, the son of Ibnijah;
And their brethren, according to their generations, nine hundred and fifty and six. All these men were chief of the fathers in the house of their fathers.
10 And of the priests; Jedaiah, and Jehoiarib, and Jachin,
11 And Azariah the son of Hilkiah, the son of Meshullam, the son of Zadok, the son of Meraioth, the son of Ahitub, the ruler of the house of God;
12 And Adaiah the son of Jeroham, the son of Pashur, the son of Malchijah, and Maasiai the son of Adiel, the son of Jahzerah, the son of Meshullam, the son of Meshillemith, the son of Immer;
13 And their brethren, heads of the house of their fathers, a thousand and seven hundred and threescore; very able men for the work of the service of the house of God.
14 And of the Levites; Shemaiah the son of Hasshub, the son of Azrikam, the son of Hashabiah, of the sons of Merari;
15 And Bakbakkar, Heresh, and Galal, and Mattaniah the son of Micah, the son of Zichri, the son of Asaph;
16 And Obadiah the son of Shemaiah, the son of Galal, the son of Jeduthun, and Berechiah the son of Asa, the son of Elkanah, that dwelt in the villages of the Netophathites.
17 And the porters were, Shallum, and Akkub, and Talmon, and Ahiman, and their brethren: Shallum was the chief;
18 Who hitherto waited in the king’s gate eastward: they were porters in the companies of the children of Levi.
19 And Shallum the son of Kore, the son of Ebiasaph, the son of Korah, and his brethren, of the house of his father, the Korahites, were over the work of the service, keepers of the gates of the tabernacle: and their fathers, being over the host of the Lord, were keepers of the entry.
20 And Phinehas the son of Eleazar was the ruler over them in time past, and the Lord was with him.
21 And Zechariah the son of Meshelemiah was porter of the door of the tabernacle of the congregation.
22 All these which were chosen to be porters in the gates were two hundred and twelve. These were reckoned by their genealogy in their villages, whom David and Samuel the seer did ordain in their set office.
23 So they and their children had the oversight of the gates of the house of the Lord, namely, the house of the tabernacle, by wards.
24 In four quarters were the porters, toward the east, west, north, and south.
25 And their brethren, which were in their villages, were to come after seven days from time to time with them.
26 For these Levites, the four chief porters, were in their set office, and were over the chambers and treasuries of the house of God.
27 And they lodged round about the house of God, because the charge was upon them, and the opening thereof every morning pertained to them.
28 And certain of them had the charge of the ministering vessels, that they should bring them in and out by tale.
29 Some of them also were appointed to oversee the vessels, and all the instruments of the sanctuary, and the fine flour, and the wine, and the oil, and the frankincense, and the spices.
30 And some of the sons of the priests made the ointment of the spices.
31 And Mattithiah, one of the Levites, who was the firstborn of Shallum the Korahite, had the set office over the things that were made in the pans.
32 And other of their brethren, of the sons of the Kohathites, were over the shewbread, to prepare it every sabbath.
33 And these are the singers, chief of the fathers of the Levites, who remaining in the chambers were free: for they were employed in that work day and night.
34 These chief fathers of the Levites were chief throughout their generations; these dwelt at Jerusalem.
35 And in Gibeon dwelt the father of Gibeon, Jehiel, whose wife’s name was Maachah:
36 And his firstborn son Abdon, then Zur, and Kish, and Baal, and Ner, and Nadab.
37 And Gedor, and Ahio, and Zechariah, and Mikloth.
38 And Mikloth begat Shimeam. And they also dwelt with their brethren at Jerusalem, over against their brethren.
39 And Ner begat Kish; and Kish begat Saul; and Saul begat Jonathan, and Malchishua, and Abinadab, and Eshbaal.
40 And the son of Jonathan was Meribbaal: and Meribbaal begat Micah.
41 And the sons of Micah were, Pithon, and Melech, and Tahrea, and Ahaz.
42 And Ahaz begat Jarah; and Jarah begat Alemeth, and Azmaveth, and Zimri; and Zimri begat Moza;
43 And Moza begat Binea; and Rephaiah his son, Eleasah his son, Azel his son.
44 And Azel had six sons, whose names are these, Azrikam, Bocheru, and Ishmael, and Sheariah, and Obadiah, and Hanan: these were the sons of Azel.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}