Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 18 

1 Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p’ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y’a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a.
Moun fanmi Levi yo p’ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa.
Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y’a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la.
N’a ba li tou premye grenn n’a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n’a fè, ansanm ak premye lenn mouton n’a wete sou mouton nou yo.
Paske se yo menm ak pitit gason yo Seyè a te chwazi nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo pou sèvi l’ prèt pou tout tan.
Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
lè li rive, si li fè travay yon prèt nan non Seyè a, Bondye li a, tankou tout lòt frè moun fanmi Levi parèy li yo ki te toujou la ap sèvi devan Seyè a,
l’a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l’.
 Lè n’a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kò nou nan fè menm vye bagay moun lòt nasyon yo ap fè.
10 Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k’ap fè divinò, k’ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k’ap pran pwen, k’ap fè maji.
11 Piga gen nan mitan nou moun k’ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k’ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k’ap rele mò pou pale ak yo.
12 Paske Seyè a pa vle wè moun k’ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t’ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
13 Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè.
14 Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k’ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa.
15  Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l’ voye yon pwofèt ban nou tankou l’ te voye m’ lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l’a di nou.
16 Se sa menm nou te mande Seyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t’ap di nou pa vle tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri.
17 Lè sa a, Seyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi.
18 M’a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m’a voye l’ ba yo tankou mwen te voye ou la. M’a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l’a di pèp la tou sa m’a ba li lòd di yo.
19 Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avè m’ menm l’ap an afè. Se mwen menm menm la gen pou l’ rann kont.
20 Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l’ pale nan non mwen pou l’ di sa mwen pa di l’ di, oswa pou l’ ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l’ pou sa l’ fè a.
21 Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye?
22 Enben, si pwofèt la di l’ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n’a konnen Seyè a pa t’ janm di l’ di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l’ di a. Nou pa bezwen pè l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 18 

1 Les sacrificateurs, les Lévites, la tribu entière de Lévi, n’auront ni part ni héritage avec Israël; ils se nourriront des sacrifices consumés par le feu en l’honneur de l’Éternel et de l’héritage de l’Éternel.
Ils n’auront point d’héritage au milieu de leurs frères: l’Éternel sera leur héritage, comme il le leur a dit.
Voici quel sera le droit des sacrificateurs sur le peuple, sur ceux qui offriront un sacrifice, un boeuf ou un agneau: on donnera au sacrificateur l’épaule, les mâchoires et l’estomac.
Tu lui donneras les prémices de ton blé, de ton moût et de ton huile, et les prémices de la toison de tes brebis;
car c’est lui que l’Éternel, ton Dieu, a choisi entre toutes les tribus, pour qu’il fasse le service au nom de l’Éternel, lui et ses fils, à toujours.
Lorsque le Lévite quittera l’une de tes portes, le lieu quelconque où il demeure en Israël, pour se rendre, selon la plénitude de son désir, au lieu que choisira l’Éternel,
et qu’il fera le service au nom de l’Éternel, ton Dieu, comme tous ses frères les Lévites qui se tiennent là devant l’Éternel,
il recevra pour sa nourriture une portion égale à la leur, et jouira, en outre, des revenus de la vente de son patrimoine.
Lorsque tu seras entré dans le pays que l’Éternel, ton Dieu, te donne, tu n’apprendras point à imiter les abominations de ces nations-là.
10 Qu’on ne trouve chez toi personne qui fasse passer son fils ou sa fille par le feu, personne qui exerce le métier de devin, d’astrologue, d’augure, de magicien,
11 d’enchanteur, personne qui consulte ceux qui évoquent les esprits ou disent la bonne aventure, personne qui interroge les morts.
12 Car quiconque fait ces choses est en abomination à l’Éternel; et c’est à cause de ces abominations que l’Éternel, ton Dieu, va chasser ces nations devant toi.
13 Tu seras entièrement à l’Éternel, ton Dieu.
14 Car ces nations que tu chasseras écoutent les astrologues et les devins; mais à toi, l’Éternel, ton Dieu, ne le permet pas.
15 L’Éternel, ton Dieu, te suscitera du milieu de toi, d’entre tes frères, un prophète comme moi: vous l’écouterez!
16 Il répondra ainsi à la demande que tu fis à l’Éternel, ton Dieu, à Horeb, le jour de l’assemblée, quand tu disais: Que je n’entende plus la voix de l’Éternel, mon Dieu, et que je ne voie plus ce grand feu, afin de ne pas mourir.
17 L’Éternel me dit: Ce qu’il ont dit est bien.
18 Je leur susciterai du milieu de leurs frères un prophète comme toi, je mettrai mes paroles dans sa bouche, et il leur dira tout ce que je lui commanderai.
19 Et si quelqu’un n’écoute pas mes paroles qu’il dira en mon nom, c’est moi qui lui en demanderai compte.
20 Mais le prophète qui aura l’audace de dire en mon nom une parole que je ne lui aurai point commandé de dire, ou qui parlera au nom d’autres dieux, ce prophète-là sera puni de mort.
21 Peut-être diras-tu dans ton coeur: Comment connaîtrons-nous la parole que l’Éternel n’aura point dite?
22 Quand ce que dira le prophète n’aura pas lieu et n’arrivera pas, ce sera une parole que l’Éternel n’aura point dite. C’est par audace que le prophète l’aura dite: n’aie pas peur de lui.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 18

1 The priests the Levites, and all the tribe of Levi, shall have no part nor inheritance with Israel: they shall eat the offerings of the Lord made by fire, and his inheritance.
Therefore shall they have no inheritance among their brethren: the Lord is their inheritance, as he hath said unto them.
And this shall be the priest’s due from the people, from them that offer a sacrifice, whether it be ox or sheep; and they shall give unto the priest the shoulder, and the two cheeks, and the maw.
The firstfruit also of thy corn, of thy wine, and of thine oil, and the first of the fleece of thy sheep, shalt thou give him.
For the Lord thy God hath chosen him out of all thy tribes, to stand to minister in the name of the Lord, him and his sons for ever.
And if a Levite come from any of thy gates out of all Israel, where he sojourned, and come with all the desire of his mind unto the place which the Lord shall choose;
Then he shall minister in the name of the Lord his God, as all his brethren the Levites do, which stand there before the Lord.
They shall have like portions to eat, beside that which cometh of the sale of his patrimony.
When thou art come into the land which the Lord thy God giveth thee, thou shalt not learn to do after the abominations of those nations.
10 There shall not be found among you any one that maketh his son or his daughter to pass through the fire, or that useth divination, or an observer of times, or an enchanter, or a witch.
11 Or a charmer, or a consulter with familiar spirits, or a wizard, or a necromancer.
12 For all that do these things are an abomination unto the Lord: and because of these abominations the Lord thy God doth drive them out from before thee.
13 Thou shalt be perfect with the Lord thy God.
14 For these nations, which thou shalt possess, hearkened unto observers of times, and unto diviners: but as for thee, the Lord thy God hath not suffered thee so to do.
15 The Lord thy God will raise up unto thee a Prophet from the midst of thee, of thy brethren, like unto me; unto him ye shall hearken;
16 According to all that thou desiredst of the Lord thy God in Horeb in the day of the assembly, saying, Let me not hear again the voice of the Lord my God, neither let me see this great fire any more, that I die not.
17 And the Lord said unto me, They have well spoken that which they have spoken.
18 I will raise them up a Prophet from among their brethren, like unto thee, and will put my words in his mouth; and he shall speak unto them all that I shall command him.
19 And it shall come to pass, that whosoever will not hearken unto my words which he shall speak in my name, I will require it of him.
20 But the prophet, which shall presume to speak a word in my name, which I have not commanded him to speak, or that shall speak in the name of other gods, even that prophet shall die.
21 And if thou say in thine heart, How shall we know the word which the Lord hath not spoken?
22 When a prophet speaketh in the name of the Lord, if the thing follow not, nor come to pass, that is the thing which the Lord hath not spoken, but the prophet hath spoken it presumptuously: thou shalt not be afraid of him.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}