Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 10                 

Frè m’ yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t’ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.
Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm.
Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a.
Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t’ap bwè dlo ki t’ap soti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t’ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm.
Atousa, anpil ladan yo pa t’ fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l’ lan.
Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l’, jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo.
Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou.
Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri.
10 Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.
11 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k’ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.
12 Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l’ pou l’ pa tonbe.
13 Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l’, pou nou ka soti anba li.
14 Se poutèt sa, zanmi m’ yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.
15  M’ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m’ap di a.
16 Gode benediksyon n’ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n’ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n’ap manje l’, èske se pa kò Kris la n’ap separe bay tout moun?
17 Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun.
18 Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la.
19 Kisa m’ vle di la a? Gen lè zidòl y’ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè?
20 Non! Men sa m’ vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo.
21 Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n’ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n’ap manje sou menm tab ak denmon yo.
22 Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?
23  Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k’ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.
24 Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l’ ase. Se pou l’ chache enterè lòt yo tou.
25 Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p’ap twouble.
26 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l’.
27 Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n’ manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p’ap twouble.
28 Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l’ poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse.
29 Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m’: Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m’ antrav nan sa m’ gen dwa fè?
30 Si mwen di Bondye mèsi pou sa m’ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m’ mal pou yon manje konsa?
31 Se sak fè, kit n’ap manje, kit n’ap bwè, nenpòt kisa n’ap fè, fè l’ pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
32 Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.
33 Se pou nou fè tankou m’: nan tou sa m’ap fè, m’ap fè mwayen posib pou m’ fè tout moun plezi; mwen p’ap chache avantaj pa m’, men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 10         

1 Frères, je ne veux pas que vous ignoriez que nos pères ont tous été sous la nuée, qu’ils ont tous passé au travers de la mer,
qu’ils ont tous été baptisés en Moïse dans la nuée et dans la mer,
qu’ils ont tous mangé le même aliment spirituel,
et qu’ils ont tous bu le même breuvage spirituel, car ils buvaient à un rocher spirituel qui les suivait, et ce rocher était Christ.
Mais la plupart d’entre eux ne furent point agréables à Dieu, puisqu’ils périrent dans le désert.
Or, ces choses sont arrivées pour nous servir d’exemples, afin que nous n’ayons pas de mauvais désirs, comme ils en ont eu.
Ne devenez point idolâtres, comme quelques-uns d’eux, selon qu’il est écrit: Le peuple s’assit pour manger et pour boire; puis ils se levèrent pour se divertir.
Ne nous livrons point à l’impudicité, comme quelques-uns d’eux s’y livrèrent, de sorte qu’il en tomba vingt-trois mille en un seul jour.
Ne tentons point le Seigneur, comme le tentèrent quelques-uns d’eux, qui périrent par les serpents.
10 Ne murmurez point, comme murmurèrent quelques-uns d’eux, qui périrent par l’exterminateur.
11 Ces choses leur sont arrivées pour servir d’exemples, et elles ont été écrites pour notre instruction, à nous qui sommes parvenus à la fin des siècles.
12 Ainsi donc, que celui qui croit être debout prenne garde de tomber!
13 Aucune tentation ne vous est survenue qui n’ait été humaine, et Dieu, qui est fidèle, ne permettra pas que vous soyez tentés au delà de vos forces; mais avec la tentation il préparera aussi le moyen d’en sortir, afin que vous puissiez la supporter.
14 C’est pourquoi, mes bien-aimés, fuyez l’idolâtrie.
15 Je parle comme à des hommes intelligents; jugez vous-mêmes de ce que je dis.
16 La coupe de bénédiction que nous bénissons, n’est-elle pas la communion au sang de Christ? Le pain que nous rompons, n’est-il pas la communion au corps de Christ?
17 Puisqu’il y a un seul pain, nous qui sommes plusieurs, nous formons un seul corps; car nous participons tous à un même pain.
18 Voyez les Israélites selon la chair: ceux qui mangent les victimes ne sont-ils pas en communion avec l’autel?
19 Que dis-je donc? Que la viande sacrifiée aux idoles est quelque chose, ou qu’une idole est quelque chose? Nullement.
20 Je dis que ce qu’on sacrifie, on le sacrifie à des démons, et non à Dieu; or, je ne veux pas que vous soyez en communion avec les démons.
21 Vous ne pouvez boire la coupe du Seigneur, et la coupe des démons; vous ne pouvez participer à la table du Seigneur, et à la table des démons.
22 Voulons-nous provoquer la jalousie du Seigneur? Sommes-nous plus forts que lui?
23 Tout est permis, mais tout n’est pas utile; tout est permis, mais tout n’édifie pas.
24 Que personne ne cherche son propre intérêt, mais que chacun cherche celui d’autrui.
25 Mangez de tout ce qui se vend au marché, sans vous enquérir de rien par motif de conscience;
26 car la terre est au Seigneur, et tout ce qu’elle renferme.
27 Si un non-croyant vous invite et que vous vouliez aller, mangez de tout ce qu’on vous présentera, sans vous enquérir de rien par motif de conscience.
28 Mais si quelqu’un vous dit: Ceci a été offert en sacrifice! n’en mangez pas, à cause de celui qui a donné l’avertissement, et à cause de la conscience.
29 Je parle ici, non de votre conscience, mais de celle de l’autre. Pourquoi, en effet, ma liberté serait-elle jugée par une conscience étrangère?
30 Si je mange avec actions de grâces, pourquoi serais-je blâmé au sujet d’une chose dont je rends grâces?
31 Soit donc que vous mangiez, soit que vous buviez, soit que vous fassiez quelque autre chose, faites tout pour la gloire de Dieu.
32 Ne soyez en scandale ni aux Grecs, ni aux Juifs, ni à l’Église de Dieu,
33 de la même manière que moi aussi je m’efforce en toutes choses de complaire à tous, cherchant, non mon avantage, mais celui du plus grand nombre, afin qu’ils soient sauvés.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 10        

Moreover, brethren, I would not that ye should be ignorant, how that all our fathers were under the cloud, and all passed through the sea;
And were all baptized unto Moses in the cloud and in the sea;
And did all eat the same spiritual meat;
And did all drink the same spiritual drink: for they drank of that spiritual Rock that followed them: and that Rock was Christ.
But with many of them God was not well pleased: for they were overthrown in the wilderness.
Now these things were our examples, to the intent we should not lust after evil things, as they also lusted.
Neither be ye idolaters, as were some of them; as it is written, The people sat down to eat and drink, and rose up to play.
Neither let us commit fornication, as some of them committed, and fell in one day three and twenty thousand.
Neither let us tempt Christ, as some of them also tempted, and were destroyed of serpents.
10 Neither murmur ye, as some of them also murmured, and were destroyed of the destroyer.
11 Now all these things happened unto them for examples: and they are written for our admonition, upon whom the ends of the world are come.
12 Wherefore let him that thinketh he standeth take heed lest he fall.
13 There hath no temptation taken you but such as is common to man: but God is faithful, who will not suffer you to be tempted above that ye are able; but will with the temptation also make a way to escape, that ye may be able to bear it.
14 Wherefore, my dearly beloved, flee from idolatry.
15 I speak as to wise men; judge ye what I say.
16 The cup of blessing which we bless, is it not the communion of the blood of Christ? The bread which we break, is it not the communion of the body of Christ?
17 For we being many are one bread, and one body: for we are all partakers of that one bread.
18 Behold Israel after the flesh: are not they which eat of the sacrifices partakers of the altar?
19 What say I then? that the idol is any thing, or that which is offered in sacrifice to idols is any thing?
20 But I say, that the things which the Gentiles sacrifice, they sacrifice to devils, and not to God: and I would not that ye should have fellowship with devils.
21 Ye cannot drink the cup of the Lord, and the cup of devils: ye cannot be partakers of the Lord’s table, and of the table of devils.
22 Do we provoke the Lord to jealousy? are we stronger than he?
23 All things are lawful for me, but all things are not expedient: all things are lawful for me, but all things edify not.
24 Let no man seek his own, but every man another’s wealth.
25 Whatsoever is sold in the shambles, that eat, asking no question for conscience sake:
26 For the earth is the Lord’s, and the fulness thereof.
27 If any of them that believe not bid you to a feast, and ye be disposed to go; whatsoever is set before you, eat, asking no question for conscience sake.
28 But if any man say unto you, this is offered in sacrifice unto idols, eat not for his sake that shewed it, and for conscience sake: for the earth is the Lord’s, and the fulness thereof:
29 Conscience, I say, not thine own, but of the other: for why is my liberty judged of another man’s conscience?
30 For if I by grace be a partaker, why am I evil spoken of for that for which I give thanks?
31 Whether therefore ye eat, or drink, or whatsoever ye do, do all to the glory of God.
32 Give none offence, neither to the Jews, nor to the Gentiles, nor to the church of God:
33 Even as I please all men in all things, not seeking mine own profit, but the profit of many, that they may be saved.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}