Liv 1Samyèl / 1Samuel / 1Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Samyèl 21

1 David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan lavil Nòb. Akimelèk soti vin kontre l’, li te tou ap tranble. Li di l’ konsa: -Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou?
David reponn li: -Wa a voye m’ regle yon bagay pou li. Li di m’ pa kite pesonn konnen sa li voye m’ fè a. Pou moun ki avè m’ yo, mwen ba yo randevou yon kote.
Bon, koulye a, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m’ senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen.
Prèt la di l’: -Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen se pen yo mete apa pou Bondye. Mwen ka ba ou li, si ou konnen mesye ou yo pa nan anyen ak fanm depi kèk jou.
David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m’ap soti ak mesye m’ yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m’ yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.
Se konsa prèt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sèl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Seyè a pou yo te mete lòt pen fre.
Men jou sa a, Doèg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bèt pou l’ te ofri pou Seyè a. Se li ki te chèf tout gadò mouton Sayil yo.
David di Akimelèk ankò: -Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m’ lòd pou m’ te pati prese prese, mwen pa t’ gen tan pran ni nepe mwen, ni ankenn lòt zam.
Akimelèk di li: -Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l’, ou mèt pran l’. Se sèl zam ki gen isit la. David di li: -Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l’.
10  Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l’ ale lakay Akich, wa lavil Gat la.
11 Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t’ap chante lè yo t’ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil!
12 Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la.
13 Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li.
14 Lè sa a, Akich di moun li yo: -Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l’ ban mwen?
15 Mwen pa gen kont moun fou avè m’ deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Samuel 21

1 David se rendit à Nob, vers le sacrificateur Achimélec, qui accourut effrayé au-devant de lui et lui dit: Pourquoi es-tu seul et n’y a-t-il personne avec toi?
David répondit au sacrificateur Achimélec: Le roi m’a donné un ordre et m’a dit: Que personne ne sache rien de l’affaire pour laquelle je t’envoie et de l’ordre que je t’ai donné. J’ai fixé un rendez-vous à mes gens.
Maintenant qu’as-tu sous la main? Donne-moi cinq pains, ou ce qui se trouvera.
Le sacrificateur répondit à David: Je n’ai pas de pain ordinaire sous la main, mais il y a du pain consacré; si du moins tes gens se sont abstenus de femmes!
David répondit au sacrificateur: Nous nous sommes abstenus de femmes depuis trois jours que je suis parti, et tous mes gens sont purs: d’ailleurs, si c’est là un acte profane, il sera certainement aujourd’hui sanctifié par celui qui en sera l’instrument.
Alors le sacrificateur lui donna du pain consacré, car il n’y avait là d’autre pain que du pain de proposition, qu’on avait ôté de devant l’Éternel pour le remplacer par du pain chaud au moment où on l’avait pris.
Là, ce même jour, un homme d’entre les serviteurs de Saül se trouvait enfermé devant l’Éternel; c’était un Édomite, nommé Doëg, chef des bergers de Saül.
David dit à Achimélec: N’as-tu pas sous la main une lance ou une épée? car je n’ai pris avec moi ni mon épée ni mes armes, parce que l’ordre du roi était pressant.
Le sacrificateur répondit: Voici l’épée de Goliath, le Philistin, que tu as tué dans la vallée des térébinthes; elle est enveloppée dans un drap, derrière l’éphod; si tu veux la prendre, prends-la, car il n’y en a pas d’autre ici. Et David dit: Il n’y en a point de pareille; donne-la-moi.
10 David se leva et s’enfuit le même jour loin de Saül. Il arriva chez Akisch, roi de Gath.
11 Les serviteurs d’Akisch lui dirent: N’est-ce pas là David, roi du pays? n’est-ce pas celui pour qui l’on chantait en dansant: Saül a frappé ses mille, -Et David ses dix mille?
12 David prit à coeur ces paroles, et il eut une grande crainte d’Akisch, roi de Gath.
13 Il se montra comme fou à leurs yeux, et fit devant eux des extravagances; il faisait des marques sur les battants des portes, et il laissait couler sa salive sur sa barbe.
14 Akisch dit à ses serviteurs: Vous voyez bien que cet homme a perdu la raison; pourquoi me l’amenez-vous?
15 Est-ce que je manque de fous, pour que vous m’ameniez celui-ci et me rendiez témoin de ses extravagances? Faut-il qu’il entre dans ma maison?
Louis Segond {LSG}

1 Samuel 21

1 Then came David to Nob to Ahimelech the priest: and Ahimelech was afraid at the meeting of David, and said unto him, Why art thou alone, and no man with thee?
And David said unto Ahimelech the priest, The king hath commanded me a business, and hath said unto me, Let no man know any thing of the business whereabout I send thee, and what I have commanded thee: and I have appointed my servants to such and such a place.
Now therefore what is under thine hand? give me five loaves of bread in mine hand, or what there is present.
And the priest answered David, and said, There is no common bread under mine hand, but there is hallowed bread; if the young men have kept themselves at least from women.
And David answered the priest, and said unto him, Of a truth women have been kept from us about these three days, since I came out, and the vessels of the young men are holy, and the bread is in a manner common, yea, though it were sanctified this day in the vessel.
So the priest gave him hallowed bread: for there was no bread there but the shewbread, that was taken from before the Lord, to put hot bread in the day when it was taken away.
Now a certain man of the servants of Saul was there that day, detained before the Lord; and his name was Doeg, an Edomite, the chiefest of the herdmen that belonged to Saul.
And David said unto Ahimelech, And is there not here under thine hand spear or sword? for I have neither brought my sword nor my weapons with me, because the king’s business required haste.
And the priest said, The sword of Goliath the Philistine, whom thou slewest in the valley of Elah, behold, it is here wrapped in a cloth behind the ephod: if thou wilt take that, take it: for there is no other save that here. And David said, There is none like that; give it me.
10 And David arose and fled that day for fear of Saul, and went to Achish the king of Gath.
11 And the servants of Achish said unto him, Is not this David the king of the land? did they not sing one to another of him in dances, saying, Saul hath slain his thousands, and David his ten thousands?
12 And David laid up these words in his heart, and was sore afraid of Achish the king of Gath.
13 And he changed his behaviour before them, and feigned himself mad in their hands, and scrabbled on the doors of the gate, and let his spittle fall down upon his beard.
14 Then said Achish unto his servants, Lo, ye see the man is mad: wherefore then have ye brought him to me?
15 Have I need of mad men, that ye have brought this fellow to play the mad man in my presence? shall this fellow come into my house?
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}