Liv Jozye / Josué / Joshua

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jozye 16

1 Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.
Li soti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete.
Baliz fwontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l’ al bout nan lanmè.
Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.
 Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fwontyè jouk Bètowon.
Baliz fwontyè a soti la, l’ al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fwontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l’, sou bò lès lavil Janoa.
Li desann soti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l’ al bout sou larivyè Jouden.
Li soti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l’ al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l’, yo bay chak fanmi yon pòsyon,
ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.
10 Men yo pa t’ rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Josué 16

1 La part échue par le sort aux fils de Joseph s’étendait depuis le Jourdain près de Jéricho, vers les eaux de Jéricho, à l’orient. La limite suivait le désert qui s’élève de Jéricho à Béthel par la montagne.
Elle continuait de Béthel à Luz, et passait vers la frontière des Arkiens par Atharoth.
Puis elle descendait à l’occident vers la frontière des Japhléthiens jusqu’à celle de Beth Horon la basse et jusqu’à Guézer, pour aboutir à la mer.
C’est là que reçurent leur héritage les fils de Joseph, Manassé et Éphraïm.
Voici les limites des fils d’Éphraïm, selon leurs familles. La limite de leur héritage était, à l’orient, Atharoth Addar jusqu’à Beth Horon la haute.
Elle continuait du côté de l’occident vers Micmethath au nord, tournait à l’orient vers Thaanath Silo, et passait dans la direction de l’orient par Janoach.
De Janoach elle descendait à Atharoth et à Naaratha, touchait à Jéricho, et se prolongeait jusqu’au Jourdain.
De Tappuach elle allait vers l’occident au torrent de Kana, pour aboutir à la mer. Tel fut l’héritage de la tribu des fils d’Éphraïm, selon leurs familles.
Les fils d’Éphraïm avaient aussi des villes séparées au milieu de l’héritage des fils de Manassé, toutes avec leurs villages.
10 Ils ne chassèrent point les Cananéens qui habitaient à Guézer, et les Cananéens ont habité au milieu d’Éphraïm jusqu’à ce jour, mais ils furent assujettis à un tribut.
Louis Segond {LSG}

Joshua 16

1 And the lot of the children of Joseph fell from Jordan by Jericho, unto the water of Jericho on the east, to the wilderness that goeth up from Jericho throughout mount Bethel,
And goeth out from Bethel to Luz, and passeth along unto the borders of Archi to Ataroth,
And goeth down westward to the coast of Japhleti, unto the coast of Bethhoron the nether, and to Gezer; and the goings out thereof are at the sea.
So the children of Joseph, Manasseh and Ephraim, took their inheritance.
And the border of the children of Ephraim according to their families was thus: even the border of their inheritance on the east side was Atarothaddar, unto Bethhoron the upper;
And the border went out toward the sea to Michmethah on the north side; and the border went about eastward unto Taanathshiloh, and passed by it on the east to Janohah;
And it went down from Janohah to Ataroth, and to Naarath, and came to Jericho, and went out at Jordan.
The border went out from Tappuah westward unto the river Kanah; and the goings out thereof were at the sea. This is the inheritance of the tribe of the children of Ephraim by their families.
And the separate cities for the children of Ephraim were among the inheritance of the children of Manasseh, all the cities with their villages.
10 And they drave not out the Canaanites that dwelt in Gezer: but the Canaanites dwell among the Ephraimites unto this day, and serve under tribute.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}