Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 15

1 Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li.
Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l’ sou kote, li mande l’ ki bò li moun. Apre moun lan fin di l’ moun ki branch fanmi li ye,
Absalon di l’ konsa: -Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p’ap gen yon moun kay wa a k’ap koute ou.
Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki va mete m’ chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l’ jistis.
Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l’, Absalon lonje men l’, li kenbe l’ epi li bo l’.
Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l’.
 Apre katran, Absalon di wa David konsa: -Monwa, tanpri! Kite m’ ale lavil Ebwon pou m’ ka kenbe yon pwomès mwen te fè Seyè a.
Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m’ te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon.
Wa a di l’: -Ale ak kè poze. Se konsa Absalon ale lavil Ebwon.
10 Menm lè a, li voye mesaje nan tout branch fanmi Izrayèl yo pou di yo: Lè n’a tande twonpèt yo kònen, n’a fè konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon.
11 Te gen desan (200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l’, men yo pa t’ konn anyen nan zafè konplo a.
12 Antan Absalon t’ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t’ap pran fòs. Patizan Absalon yo t’ap vin pi plis.
13  Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l’.
14 Se konsa David rele moun pa l’ yo ki te avè l’ lavil Jerizalèm, li di yo: -Se pou n’ prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l’ap sou nou. L’ap fè nou pase pa nou, l’ap touye dènye moun nan lavil la.
15 Patizan wa yo reponn: -Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n’ap fè l’.
16 Wa a pran tout fanmi l’, li pati apye. Li kite dis nan fanm kay li yo pou okipe palè a.
17 Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l’ yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe.
18 Tout chèf li yo te kanpe bò kote l’. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.
19 Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l’ konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la.
20 Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m’ fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l’ aji byen avè ou, pou l’ pa janm lage ou!
21 Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m’ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m’ mouri.
22 Lè sa a, David di li: -Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo.
23 Tout moun nan peyi a t’ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l’ yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a.
24  Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t’ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l’ jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou.
25 Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l’a kite m’ tounen pou m’ wè bwat la ansanm ak kote l’ rete a.
26 Men, si li pa kontan avè m’ anko, enben, lè sa a, l’a fè sa li vle avè m’.
27 Epi wa a di Zadòk ankò: -Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a.
28 Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n’a voye nouvèl ban mwen.
29 Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la.
30 David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t’ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t’ap mache deyè l’ yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t’ap kriye.
31  Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!
32 Lè David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l’, rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè.
33 David di l’ konsa: -Ou p’ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m’.
34 Men, ou ka ede m’ anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W’a di Absalon ou pral sèvi l’ koulye a menm jan ou te sèvi papa l’ nan tan lontan. Lè sa a, w’a ede m’ pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m’.
35 Zadòk ak Abyata, de prèt yo, va la tou. W’a di yo tou sa w’a tande y’ap di nan palè a.
36 Yo gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W’a voye yo vin di m’ dènye sa w’a tande nan palè a.
37 Se konsa, Ouchayi, bon zanmi David la, tounen lavil Jerizalèm. Li antre nan lavil la an menm tan ak Absalon.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 15

1 Après cela, Absalom se procura un char et des chevaux, et cinquante hommes qui couraient devant lui.
Il se levait de bon matin, et se tenait au bord du chemin de la porte. Et chaque fois qu’un homme ayant une contestation se rendait vers le roi pour obtenir un jugement, Absalom l’appelait, et disait: De quelle ville es-tu? Lorsqu’il avait répondu: Je suis d’une telle tribu d’Israël,
Absalom lui disait: Vois, ta cause est bonne et juste; mais personne de chez le roi ne t’écoutera.
Absalom disait: Qui m’établira juge dans le pays? Tout homme qui aurait une contestation et un procès viendrait à moi, et je lui ferais justice.
Et quand quelqu’un s’approchait pour se prosterner devant lui, il lui tendait la main, le saisissait et l’embrassait.
Absalom agissait ainsi à l’égard de tous ceux d’Israël, qui se rendaient vers le roi pour demander justice. Et Absalom gagnait le coeur des gens d’Israël.
Au bout de quarante ans, Absalom dit au roi: Permets que j’aille à Hébron, pour accomplir le voeu que j’ai fait à l’Éternel.
Car ton serviteur a fait un voeu, pendant que je demeurais à Gueschur en Syrie; j’ai dit: Si l’Éternel me ramène à Jérusalem, je servirai l’Éternel.
Le roi lui dit: Va en paix. Et Absalom se leva et partit pour Hébron.
10 Absalom envoya des espions dans toutes les tribus d’Israël, pour dire: Quand vous entendrez le son de la trompette, vous direz: Absalom règne à Hébron.
11 Deux cents hommes de Jérusalem, qui avaient été invités, accompagnèrent Absalom; et ils le firent en toute simplicité, sans rien savoir.
12 Pendant qu’Absalom offrait les sacrifices, il envoya chercher à la ville de Guilo Achitophel, le Guilonite, conseiller de David. La conjuration devint puissante, et le peuple était de plus en plus nombreux auprès d’Absalom.
13 Quelqu’un vint informer David, et lui dit: Le coeur des hommes d’Israël s’est tourné vers Absalom.
14 Et David dit à tous ses serviteurs qui étaient avec lui à Jérusalem: Levez-vous, fuyons, car il n’y aura point de salut pour nous devant Absalom. Hâtez-vous de partir; sinon, il ne tarderait pas à nous atteindre, et il nous précipiterait dans le malheur et frapperait la ville du tranchant de l’épée.
15 Les serviteurs du roi lui dirent: Tes serviteurs feront tout ce que voudra mon seigneur le roi.
16 Le roi sortit, et toute sa maison le suivait, et il laissa dix concubines pour garder la maison.
17 Le roi sortit, et tout le peuple le suivait, et ils s’arrêtèrent à la dernière maison.
18 Tous ses serviteurs, tous les Kéréthiens et tous les Péléthiens, passèrent à ses côtés; et tous les Gathiens, au nombre de six cents hommes, venus de Gath à sa suite, passèrent devant le roi.
19 Le roi dit à Ittaï de Gath: Pourquoi viendrais-tu aussi avec nous? Retourne, et reste avec le roi, car tu es étranger, et même tu as été emmené de ton pays.
20 Tu es arrivé d’hier, et aujourd’hui je te ferais errer avec nous çà et là, quand je ne sais moi-même où je vais! Retourne, et emmène tes frères avec toi. Que l’Éternel use envers toi de bonté et de fidélité!
21 Ittaï répondit au roi, et dit: L’Éternel est vivant et mon seigneur le roi est vivant! au lieu où sera mon seigneur le roi, soit pour mourir, soit pour vivre, là aussi sera ton serviteur.
22 David dit alors à Ittaï: Va, passe! Et Ittaï de Gath passa, avec tous ses gens et tous les enfants qui étaient avec lui.
23 Toute la contrée était en larmes et l’on poussait de grands cris, au passage de tout le peuple. Le roi passa le torrent de Cédron, et tout le peuple passa vis-à-vis du chemin qui mène au désert.
24 Tsadok était aussi là, et avec lui tous les Lévites portant l’arche de l’alliance de Dieu; et ils posèrent l’arche de Dieu, et Abiathar montait, pendant que tout le peuple achevait de sortir de la ville.
25 Le roi dit à Tsadok: Reporte l’arche de Dieu dans la ville. Si je trouve grâce aux yeux de l’Éternel, il me ramènera, et il me fera voir l’arche et sa demeure.
26 Mais s’il dit: Je ne prends point plaisir en toi! me voici, qu’il me fasse ce qui lui semblera bon.
27 Le roi dit encore au sacrificateur Tsadok: Comprends-tu? retourne en paix dans la ville, avec Achimaats, ton fils, et avec Jonathan, fils d’Abiathar, vos deux fils.
28 Voyez, j’attendrai dans les plaines du désert, jusqu’à ce qu’il m’arrive des nouvelles de votre part.
29 Ainsi Tsadok et Abiathar reportèrent l’arche de Dieu à Jérusalem, et ils y restèrent.
30 David monta la colline des oliviers. Il montait en pleurant et la tête couverte, et il marchait nu-pieds; et tous ceux qui étaient avec lui se couvrirent aussi la tête, et ils montaient en pleurant.
31 On vint dire à David: Achitophel est avec Absalom parmi les conjurés. Et David dit: O Éternel, réduis à néant les conseils d’Achitophel!
32 Lorsque David fut arrivé au sommet, où il se prosterna devant Dieu, voici, Huschaï, l’Arkien, vint au-devant de lui, la tunique déchirée et la tête couverte de terre.
33 David lui dit: Si tu viens avec moi, tu me seras à charge.
34 Et, au contraire, tu anéantiras en ma faveur les conseils d’Achitophel, si tu retournes à la ville, et que tu dises à Absalom: O roi, je serai ton serviteur; je fus autrefois le serviteur de ton père, mais je suis maintenant ton serviteur.
35 Les sacrificateurs Tsadok et Abiathar ne seront-ils pas là avec toi? Tout ce que tu apprendras de la maison du roi, tu le diras aux sacrificateurs Tsadok et Abiathar.
36 Et comme ils ont là auprès d’eux leurs deux fils, Achimaats, fils de Tsadok, et Jonathan, fils d’Abiathar, c’est par eux que vous me ferez savoir tout ce que vous aurez appris.
37 Huschaï, ami de David, retourna donc à la ville. Et Absalom entra dans Jérusalem.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 15

1 And it came to pass after this, that Absalom prepared him chariots and horses, and fifty men to run before him.
And Absalom rose up early, and stood beside the way of the gate: and it was so, that when any man that had a controversy came to the king for judgment, then Absalom called unto him, and said, Of what city art thou? And he said, Thy servant is of one of the tribes of Israel.
And Absalom said unto him, See, thy matters are good and right; but there is no man deputed of the king to hear thee.
Absalom said moreover, Oh that I were made judge in the land, that every man which hath any suit or cause might come unto me, and I would do him justice!
And it was so, that when any man came nigh to him to do him obeisance, he put forth his hand, and took him, and kissed him.
And on this manner did Absalom to all Israel that came to the king for judgment: so Absalom stole the hearts of the men of Israel.
And it came to pass after forty years, that Absalom said unto the king, I pray thee, let me go and pay my vow, which I have vowed unto the Lord, in Hebron.
For thy servant vowed a vow while I abode at Geshur in Syria, saying, If the Lord shall bring me again indeed to Jerusalem, then I will serve the Lord.
And the king said unto him, Go in peace. So he arose, and went to Hebron.
10 But Absalom sent spies throughout all the tribes of Israel, saying, As soon as ye hear the sound of the trumpet, then ye shall say, Absalom reigneth in Hebron.
11 And with Absalom went two hundred men out of Jerusalem, that were called; and they went in their simplicity, and they knew not any thing.
12 And Absalom sent for Ahithophel the Gilonite, David’s counsellor, from his city, even from Giloh, while he offered sacrifices. And the conspiracy was strong; for the people increased continually with Absalom.
13 And there came a messenger to David, saying, The hearts of the men of Israel are after Absalom.
14 And David said unto all his servants that were with him at Jerusalem, Arise, and let us flee; for we shall not else escape from Absalom: make speed to depart, lest he overtake us suddenly, and bring evil upon us, and smite the city with the edge of the sword.
15 And the king’s servants said unto the king, Behold, thy servants are ready to do whatsoever my lord the king shall appoint.
16 And the king went forth, and all his household after him. And the king left ten women, which were concubines, to keep the house.
17 And the king went forth, and all the people after him, and tarried in a place that was far off.
18 And all his servants passed on beside him; and all the Cherethites, and all the Pelethites, and all the Gittites, six hundred men which came after him from Gath, passed on before the king.
19 Then said the king to Ittai the Gittite, Wherefore goest thou also with us? return to thy place, and abide with the king: for thou art a stranger, and also an exile.
20 Whereas thou camest but yesterday, should I this day make thee go up and down with us? seeing I go whither I may, return thou, and take back thy brethren: mercy and truth be with thee.
21 And Ittai answered the king, and said, As the Lord liveth, and as my lord the king liveth, surely in what place my lord the king shall be, whether in death or life, even there also will thy servant be.
22 And David said to Ittai, Go and pass over. And Ittai the Gittite passed over, and all his men, and all the little ones that were with him.
23 And all the country wept with a loud voice, and all the people passed over: the king also himself passed over the brook Kidron, and all the people passed over, toward the way of the wilderness.
24 And lo Zadok also, and all the Levites were with him, bearing the ark of the covenant of God: and they set down the ark of God; and Abiathar went up, until all the people had done passing out of the city.
25 And the king said unto Zadok, Carry back the ark of God into the city: if I shall find favour in the eyes of the Lord, he will bring me again, and shew me both it, and his habitation:
26 But if he thus say, I have no delight in thee; behold, here am I, let him do to me as seemeth good unto him.
27 The king said also unto Zadok the priest, Art not thou a seer? return into the city in peace, and your two sons with you, Ahimaaz thy son, and Jonathan the son of Abiathar.
28 See, I will tarry in the plain of the wilderness, until there come word from you to certify me.
29 Zadok therefore and Abiathar carried the ark of God again to Jerusalem: and they tarried there.
30 And David went up by the ascent of mount Olivet, and wept as he went up, and had his head covered, and he went barefoot: and all the people that was with him covered every man his head, and they went up, weeping as they went up.
31 And one told David, saying, Ahithophel is among the conspirators with Absalom. And David said, O Lord, I pray thee, turn the counsel of Ahithophel into foolishness.
32 And it came to pass, that when David was come to the top of the mount, where he worshipped God, behold, Hushai the Archite came to meet him with his coat rent, and earth upon his head:
33 Unto whom David said, If thou passest on with me, then thou shalt be a burden unto me:
34 But if thou return to the city, and say unto Absalom, I will be thy servant, O king; as I have been thy father’s servant hitherto, so will I now also be thy servant: then mayest thou for me defeat the counsel of Ahithophel.
35 And hast thou not there with thee Zadok and Abiathar the priests? therefore it shall be, that what thing soever thou shalt hear out of the king’s house, thou shalt tell it to Zadok and Abiathar the priests.
36 Behold, they have there with them their two sons, Ahimaaz Zadok’s son, and Jonathan Abiathar’s son; and by them ye shall send unto me every thing that ye can hear.
37 So Hushai David’s friend came into the city, and Absalom came into Jerusalem.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}