Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 3

1 Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t’ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t’ap bese.
Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l’.
Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l’. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l’.
Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l’. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l’.
Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lòt madanm David te genyen, ki te manman l’. Yo tout te fèt antan David te rete lavil Ebwon.
Pandan lagè a t’ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo.
 Sayil te gen yon fanm kay ki te rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche avè l’. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè, li di l’ konsa: -Poukisa w’ al kouche avèk yonn nan fanm kay papa m’ yo?
Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: -Eske se yon chen k’ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l’ yo, ni zanmi l’ yo. Mwen goumen rèd mare pou m’ pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou koulye a w’ap fè m’ repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a!
Se pou Seyè a ban m’ pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.
10 Paske li te fè sèman l’ap wete baton kòmandman an nan fanmi Sayil la pou l’ mete David wa sou moun Izrayèl yo ak sou moun Jida yo, soti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a.
11 Ichbochèt pa t’ ka reponn Abnè anyen sitèlman li te pè l’.
12 Abnè voye kèk mesaje bò kote David pou di li: -Ki moun ki pral gouvènen peyi sa a? Pase yon kontra avè m’. M’ap ede ou pou tout moun Izrayèl yo vin jwenn ou.
13 David reponn li: -Dakò. M’ap pase yon kontra avè ou. Men, m’ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m’ san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m’.
14 Apre sa, David voye kèk mesaje bò kot Ichbochèt pou di li: -Renmèt mwen Mikal, madanm mwen. Mwen te bay san po ti kòk moun Filisti pou m’ te ka marye avè l’.
15 Ichbochèt voye pran Mikal lakay mari li, Paltyèl, pitit gason Layis la.
16 Paltyèl pati dèyè l’, li t’ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa: -Tounen lakay ou non, monchè! Epi Paltyèl tounen tounen l’.
17 Abnè al jwenn chèf fanmi moun Izrayèl yo pou fè yon koze ak yo. Li di yo konsa: -Depi lontan nou te vle se David ki pou te wa nou, pa vre.
18 Enben, men chans nou. Paske men sa Seyè a te di sou David: Mwen pral sèvi ak David, sèvitè m’ lan, pou m’ delivre pèp Izrayèl la, pèp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lòt lènmi l’ yo.
19 Anbè pale ak moun branch fanmi Benjamen yo tou. Lèfini, li pati pou Ebwon pou li al di David sa moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun branch fanmi Benjamen yo te tonbe dakò pou yo fè.
20 Li rive lakay David lavil Ebwon. Li te gen vin lòt gason avè l’. David fè yon gwo resepsyon pou Abnè ak pou vin moun ki te avè l’ yo.
21 Abnè di David konsa: -Monwa, mwen prale koulye a, mwen pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo bò kote ou. y’a pase yon kontra avè ou. Konsa, w’a ka gouvènen tout peyi a jan ou vle l’ la. David bay Abnè pèmisyon pou li ale. Lèfini, Abnè pati ak kè poze.
22  Apre sa, Joab ak patizan David yo vin rive. Yo te sot fè yon pase kay lènmi yo, yo te tounen ak anpil bagay yo te pran lakay yo. Lè sa a, Abnè pa t’ Ebwon ankò lakay David, paske David te gen tan kite l’ ale ak garanti anyen p’ap rive l’.
23 Lè Joab ak sòlda ki te avè l’ yo rive, yo di Joab Abnè, pitit Nè a, te vin wè wa a, epi wa a kite l’ ale ak garanti anyen p’ap rive l’.
24 Joab al jwenn wa a, li di li: -Sa ou fè konsa? Abnè vin jwenn ou epi ou kite l’ ale san ou pa fè l’ anyen?
25 Ou konn ki moun yo rele Abnè, pitit Nè a! Si li vini, se pou l’ ka woule ou, pou l’ ka konnen tout vire tounen ou, pou l’ konnen tou sa w’ap fè.
26 Lèfini, Joab soti kay David, li voye moun al chache Abnè san David pa konnen. Yo jwenn Abnè bò sitèn dlo Sira a, yo fè l’ tounen.
27 Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l’ apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l’. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l’ la.
28 Lè David vin pran nouvèl la, li di: -Seyè a wè ni mwen ni moun gouvènman yo, nou pa gen anyen pou nou wè nan lanmò Abnè, pitit Nè a.
29 Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k’ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k’ap blije fè travay fanm, gason k’ap mouri nan lagè, gason k’ap nan grangou.
30 Se konsa, Joab ak Abichay, frè l’ la, te ansasinen Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè yo a, lè batay Gabawon an.
31 Apre sa, David bay Joab ak tout moun ki te avè l’ yo lòd pou yo chire rad ki sou yo, pou yo mete rad sak sou yo, lèfini pou yo mache devan sèkèy Abnè a ap kriye. Wa David menm t’ap mache dèyè sèkèy defen an.
32 Yo antere Abnè Ebwon. Apre sa, wa a pran rele byen fò, li t’ap kriye sou tonm Abnè a. Tout pèp la t’ap kriye tou.
33 Wa a pran chante pou plenn lanmò Abnè. Li di nan chante a: -Abnè, poukisa ou mouri bèt konsa?
34 Men ou yo pa t’ mare, pye ou yo pa t’ nan chenn. Ou mouri tankou moun ki tonbe nan men malfektè! Tout pèp la pran kriye ankò pou Abnè.
35 Apre sa, pandan tout rès jounen an, yo pote manje bay David pou li manje, men David fè sèman sa a: -Se pou Bondye ban m’ pi gwo pinisyon ki genyen si mwen mete anyen nan bouch mwen anvan solèy kouche!
36 Tout pèp la vin konn sa. Sa te fè yo plezi. Pou di vre, tou sa David te fè te fè pèp la plezi.
37 Se konsa tout moun David yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te vin konnen tout bon vre wa a pa t’ gen anyen pou l’ te wè nan jan yo te ansasinen Abnè, pitit gason Nè a.
38 Wa a di moun k’ap sèvi avè l’ yo: -Aa, mesye! Jòdi a pèp Izrayèl la pèdi yon chèf, yon gwo chèf wi!
39 Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m’ fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenèl sa yo pou mechanste yo fè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Samuel 3

1 La guerre dura longtemps entre la maison de Saül et la maison de David. David devenait de plus en plus fort, et la maison de Saül allait en s’affaiblissant.
Il naquit à David des fils à Hébron. Son premier-né fut Amnon, d’Achinoam de Jizreel;
le second, Kileab, d’Abigaïl de Carmel, femme de Nabal; le troisième, Absalom, fils de Maaca, fille de Talmaï, roi de Gueschur;
le quatrième, Adonija, fils de Haggith; le cinquième, Schephathia, fils d’Abithal;
et le sixième, Jithream, d’Égla, femme de David. Ce sont là ceux qui naquirent à David à Hébron.
Pendant la guerre entre la maison de Saül et la maison de David, Abner tint ferme pour la maison de Saül.
Or Saül avait eu une concubine, nommée Ritspa, fille d’Ajja. Et Isch Boscheth dit à Abner: Pourquoi es-tu venu vers la concubine de mon père?
Abner fut très irrité des paroles d’Isch Boscheth, et il répondit: Suis-je une tête de chien, qui tienne pour Juda? Je fais aujourd’hui preuve de bienveillance envers la maison de Saül, ton père, envers ses frères et ses amis, je ne t’ai pas livré entre les mains de David, et c’est aujourd’hui que tu me reproches une faute avec cette femme?
Que Dieu traite Abner dans toute sa rigueur, si je n’agis pas avec David selon ce que l’Éternel a juré à David,
10 en disant qu’il ferait passer la royauté de la maison de Saül dans la sienne, et qu’il établirait le trône de David sur Israël et sur Juda depuis Dan jusqu’à Beer Schéba.
11 Isch Boscheth n’osa pas répliquer un seul mot à Abner, parce qu’il le craignait.
12 Abner envoya des messagers à David pour lui dire de sa part: A qui est le pays? Fais alliance avec moi, et voici, ma main t’aidera pour tourner vers toi tout Israël.
13 Il répondit: Bien! je ferai alliance avec toi; mais je te demande une chose, c’est que tu ne voies point ma face, à moins que tu n’amènes d’abord Mical, fille de Saül, en venant auprès de moi.
14 Et David envoya des messagers à Isch Boscheth, fils de Saül, pour lui dire: Donne-moi ma femme Mical, que j’ai fiancée pour cent prépuces de Philistins.
15 Isch Boscheth la fit prendre chez son mari Palthiel, fils de Laïsch.
16 Et son mari la suivit en pleurant jusqu’à Bachurim. Alors Abner lui dit: Va, retourne-t’en! Et il s’en retourna.
17 Abner eut un entretien avec les anciens d’Israël, et leur dit: Vous désiriez autrefois d’avoir David pour roi;
18 établissez-le maintenant, car l’Éternel a dit de lui: C’est par David, mon serviteur, que je délivrerai mon peuple d’Israël de la main des Philistins et de la main de tous ses ennemis.
19 Abner parla aussi à Benjamin, et il alla rapporter aux oreilles de David à Hébron ce qu’avaient résolu Israël et toute la maison de Benjamin.
20 Il arriva auprès de David à Hébron, accompagné de vingt hommes; et David fit un festin à Abner et à ceux qui étaient avec lui.
21 Abner dit à David: Je me lèverai, et je partirai pour rassembler tout Israël vers mon seigneur le roi; ils feront alliance avec toi, et tu règneras entièrement selon ton désir. David renvoya Abner, qui s’en alla en paix.
22 Voici, Joab et les gens de David revinrent d’une excursion, et amenèrent avec eux un grand butin. Abner n’était plus auprès de David à Hébron, car David l’avait renvoyé, et il s’en était allé en paix.
23 Lorsque Joab et toute sa troupe arrivèrent, on fit à Joab ce rapport: Abner, fils de Ner, est venu auprès du roi, qui l’a renvoyé, et il s’en est allé en paix.
24 Joab se rendit chez le roi, et dit: Qu’as-tu fait? Voici, Abner est venu vers toi; pourquoi l’as-tu renvoyé et laissé partir?
25 Tu connais Abner, fils de Ner! c’est pour te tromper qu’il est venu, pour épier tes démarches, et pour savoir tout ce que tu fais.
26 Et Joab, après avoir quitté David, envoya sur les traces d’Abner des messagers, qui le ramenèrent depuis la citerne de Sira: David n’en savait rien.
27 Lorsque Abner fut de retour à Hébron, Joab le tira à l’écart au milieu de la porte, comme pour lui parler en secret, et là il le frappa au ventre et le tua, pour venger la mort d’Asaël, son frère.
28 David l’apprit ensuite, et il dit: Je suis à jamais innocent, devant l’Éternel, du sang d’Abner, fils de Ner, et mon royaume l’est aussi.
29 Que ce sang retombe sur Joab et sur toute la maison de son père! Qu’il y ait toujours quelqu’un dans la maison de Joab, qui soit atteint d’un flux ou de la lèpre, ou qui s’appuie sur un bâton, ou qui tombe par l’épée, ou qui manque de pain!
30 Ainsi Joab et Abischaï, son frère, tuèrent Abner, parce qu’il avait donné la mort à Asaël, leur frère, à Gabaon, dans la bataille.
31 David dit à Joab et à tout le peuple qui était avec lui: Déchirez vos vêtements, ceignez-vous de sacs, et pleurez devant Abner! Et le roi David marcha derrière le cercueil.
32 On enterra Abner à Hébron. Le roi éleva la voix et pleura sur le sépulcre d’Abner, et tout le peuple pleura.
33 Le roi fit une complainte sur Abner, et dit: Abner devait-il mourir comme meurt un criminel?
34 Tu n’avais ni les mains liées, ni les pieds dans les chaînes! Tu es tombé comme on tombe devant des méchants.
35 Et tout le peuple pleura de nouveau sur Abner. Tout le peuple s’approcha de David pour lui faire prendre quelque nourriture, pendant qu’il était encore jour; mais David jura, en disant: Que Dieu me traite dans toute sa rigueur, si je goûte du pain ou quoi que ce soit avant le coucher du soleil!
36 Cela fut connu et approuvé de tout le peuple, qui trouva bon tout ce qu’avait fait le roi.
37 Tout le peuple et tout Israël comprirent en ce jour que ce n’était pas par ordre du roi qu’Abner, fils de Ner, avait été tué.
38 Le roi dit à ses serviteurs: Ne savez-vous pas qu’un chef, qu’un grand homme, est tombé aujourd’hui en Israël?
39 Je suis encore faible, quoique j’aie reçu l’onction royale; et ces gens, les fils de Tseruja, sont trop puissants pour moi. Que l’Éternel rende selon sa méchanceté à celui qui fait le mal!
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 3

1 Now there was long war between the house of Saul and the house of David: but David waxed stronger and stronger, and the house of Saul waxed weaker and weaker.
And unto David were sons born in Hebron: and his firstborn was Amnon, of Ahinoam the Jezreelitess;
And his second, Chileab, of Abigail the wife of Nabal the Carmelite; and the third, Absalom the son of Maacah the daughter of Talmai king of Geshur;
And the fourth, Adonijah the son of Haggith; and the fifth, Shephatiah the son of Abital;
And the sixth, Ithream, by Eglah David’s wife. These were born to David in Hebron.
And it came to pass, while there was war between the house of Saul and the house of David, that Abner made himself strong for the house of Saul.
And Saul had a concubine, whose name was Rizpah, the daughter of Aiah: and Ishbosheth said to Abner, Wherefore hast thou gone in unto my father’s concubine?
Then was Abner very wroth for the words of Ishbosheth, and said, Am I a dog’s head, which against Judah do shew kindness this day unto the house of Saul thy father, to his brethren, and to his friends, and have not delivered thee into the hand of David, that thou chargest me to day with a fault concerning this woman?
So do God to Abner, and more also, except, as the Lord hath sworn to David, even so I do to him;
10 To translate the kingdom from the house of Saul, and to set up the throne of David over Israel and over Judah, from Dan even to Beersheba.
11 And he could not answer Abner a word again, because he feared him.
12 And Abner sent messengers to David on his behalf, saying, Whose is the land? saying also, Make thy league with me, and, behold, my hand shall be with thee, to bring about all Israel unto thee.
13 And he said, Well; I will make a league with thee: but one thing I require of thee, that is, Thou shalt not see my face, except thou first bring Michal Saul’s daughter, when thou comest to see my face.
14 And David sent messengers to Ishbosheth Saul’s son, saying, Deliver me my wife Michal, which I espoused to me for an hundred foreskins of the Philistines.
15 And Ishbosheth sent, and took her from her husband, even from Phaltiel the son of Laish.
16 And her husband went with her along weeping behind her to Bahurim. Then said Abner unto him, Go, return. And he returned.
17 And Abner had communication with the elders of Israel, saying, Ye sought for David in times past to be king over you:
18 Now then do it: for the Lord hath spoken of David, saying, By the hand of my servant David I will save my people Israel out of the hand of the Philistines, and out of the hand of all their enemies.
19 And Abner also spake in the ears of Benjamin: and Abner went also to speak in the ears of David in Hebron all that seemed good to Israel, and that seemed good to the whole house of Benjamin.
20 So Abner came to David to Hebron, and twenty men with him. And David made Abner and the men that were with him a feast.
21 And Abner said unto David, I will arise and go, and will gather all Israel unto my lord the king, that they may make a league with thee, and that thou mayest reign over all that thine heart desireth. And David sent Abner away; and he went in peace.
22 And, behold, the servants of David and Joab came from pursuing a troop, and brought in a great spoil with them: but Abner was not with David in Hebron; for he had sent him away, and he was gone in peace.
23 When Joab and all the host that was with him were come, they told Joab, saying, Abner the son of Ner came to the king, and he hath sent him away, and he is gone in peace.
24 Then Joab came to the king, and said, What hast thou done? behold, Abner came unto thee; why is it that thou hast sent him away, and he is quite gone?
25 Thou knowest Abner the son of Ner, that he came to deceive thee, and to know thy going out and thy coming in, and to know all that thou doest.
26 And when Joab was come out from David, he sent messengers after Abner, which brought him again from the well of Sirah: but David knew it not.
27 And when Abner was returned to Hebron, Joab took him aside in the gate to speak with him quietly, and smote him there under the fifth rib, that he died, for the blood of Asahel his brother.
28 And afterward when David heard it, he said, I and my kingdom are guiltless before the Lord for ever from the blood of Abner the son of Ner:
29 Let it rest on the head of Joab, and on all his father’s house; and let there not fail from the house of Joab one that hath an issue, or that is a leper, or that leaneth on a staff, or that falleth on the sword, or that lacketh bread.
30 So Joab, and Abishai his brother slew Abner, because he had slain their brother Asahel at Gibeon in the battle.
31 And David said to Joab, and to all the people that were with him, Rend your clothes, and gird you with sackcloth, and mourn before Abner. And king David himself followed the bier.
32 And they buried Abner in Hebron: and the king lifted up his voice, and wept at the grave of Abner; and all the people wept.
33 And the king lamented over Abner, and said, Died Abner as a fool dieth?
34 Thy hands were not bound, nor thy feet put into fetters: as a man falleth before wicked men, so fellest thou. And all the people wept again over him.
35 And when all the people came to cause David to eat meat while it was yet day, David sware, saying, So do God to me, and more also, if I taste bread, or ought else, till the sun be down.
36 And all the people took notice of it, and it pleased them: as whatsoever the king did pleased all the people.
37 For all the people and all Israel understood that day that it was not of the king to slay Abner the son of Ner.
38 And the king said unto his servants, Know ye not that there is a prince and a great man fallen this day in Israel?
39 And I am this day weak, though anointed king; and these men the sons of Zeruiah be too hard for me: the Lord shall reward the doer of evil according to his wickedness.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}