Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 11  

1 Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Lespri Bondye a pral desann sou li. L’ap ba li bon konprann ak lespri. L’ap ba li konesans ak ladrès pou l’ dirije. L’ap fè l’ konn Seyè a, l’ap fè l’ gen krentif pou li.
L’a pran plezi l’ pou l’ obeyi Seyè a nan tout bagay. Li p’ap gade sou figi moun pou l’ jije yo. Li p’ap rete sou sa yo vin di l’ pou l’ rann jijman.
L’ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L’ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L’ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l’ap pini yo. L’ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l’ap disparèt yo.
L’a gouvènen pèp la san patipri, l’a dirije pèp la jan sa dwe fèt!
Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.
Manman bèf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann. Ti bèf ak ti lous va jwe ansanm. Lyon va manje zèb tankou bèf.
Ti bebe nan tete va jwe devan twou koulèv. Timoun fèk sevre va lonje men yo nan bouch twou sèpan san anyen p’ap rive yo.
Pesonn p’ap fè mechanste. Pesonn p’ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.
10  Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l’. Y’a fè lwanj li nan lavil kote l’ rete a.
11 Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L’a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
12 Seyè a pral leve yon drapo pou l’ fè moun lòt nasyon yo wè li pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. L’ap ranmase tout moun pèp Jida ki te gaye toupatou sou latè yo. L’ap mennen yo tounen nan peyi yo.
13 Moun peyi Efrayim yo p’ap fè jalouzi ankò. Peyi Jida a p’ap kenbe moun nan kè ankò. Moun peyi Efrayim yo p’ap anvye sò moun Jida yo. Moun Jida yo p’ap lènmi ankò ak moun Izrayèl yo.
14 Y’ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k’ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Moab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo.
15 Seyè a pral voye yon van cho ki pral cheche tout dlo gwo larivyè Lejip la. Li pral cheche dlo larivyè Lefrat la. L’ap fè l’ tounen sèt ti kannal dlo, konsa tout moun ka janbe l’ ak tout sapat nan pye yo.
16 L’ap louvri yon gran chemen soti peyi Lasiri pou rès pèp li a k’ap viv laba a, menm jan li te fè l’ pou pèp Izrayèl la jou yo t’ap soti kite Lejip la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 11

1 Puis un rameau sortira du tronc d’Isaï, Et un rejeton naîtra de ses racines.
L’Esprit de l’Éternel reposera sur lui: Esprit de sagesse et d’intelligence, Esprit de conseil et de force, Esprit de connaissance et de crainte de l’Éternel.
Il respirera la crainte de l’Éternel; Il ne jugera point sur l’apparence, Il ne prononcera point sur un ouï-dire.
Mais il jugera les pauvres avec équité, Et il prononcera avec droiture sur les malheureux de la terre; Il frappera la terre de sa parole comme d’une verge, Et du souffle de ses lèvres il fera mourir le méchant.
La justice sera la ceinture de ses flancs, Et la fidélité la ceinture de ses reins.
Le loup habitera avec l’agneau, Et la panthère se couchera avec le chevreau; Le veau, le lionceau, et le bétail qu’on engraisse, seront ensemble, Et un petit enfant les conduira.
La vache et l’ourse auront un même pâturage, Leurs petits un même gîte; Et le lion, comme le boeuf, mangera de la paille.
Le nourrisson s’ébattra sur l’antre de la vipère, Et l’enfant sevré mettra sa main dans la caverne du basilic.
Il ne se fera ni tort ni dommage Sur toute ma montagne sainte; Car la terre sera remplie de la connaissance de l’Éternel, Comme le fond de la mer par les eaux qui le couvrent.
10 En ce jour, le rejeton d’Isaï Sera là comme une bannière pour les peuples; Les nations se tourneront vers lui, Et la gloire sera sa demeure.
11 Dans ce même temps, le Seigneur étendra une seconde fois sa main, Pour racheter le reste de son peuple, Dispersé en Assyrie et en Égypte, A Pathros et en Éthiopie, A Élam, à Schinear et à Hamath, Et dans les îles de la mer.
12 Il élèvera une bannière pour les nations, Il rassemblera les exilés d’Israël, Et il recueillera les dispersés de Juda, Des quatre extrémités de la terre.
13 La jalousie d’Éphraïm disparaîtra, Et ses ennemis en Juda seront anéantis; Éphraïm ne sera plus jaloux de Juda, Et Juda ne sera plus hostile à Éphraïm.
14 Ils voleront sur l’épaule des Philistins à l’occident, Ils pilleront ensemble les fils de l’Orient; Édom et Moab seront la proie de leurs mains, Et les fils d’Ammon leur seront assujettis.
15 L’Éternel desséchera la langue de la mer d’Égypte, Et il lèvera sa main sur le fleuve, en soufflant avec violence: Il le partagera en sept canaux, Et on le traversera avec des souliers.
16 Et il y aura une route pour le reste de son peuple, Qui sera échappé de l’Assyrie, Comme il y en eut une pour Israël, Le jour où il sortit du pays d’Égypte.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 11 

1 And there shall come forth a rod out of the stem of Jesse, and a Branch shall grow out of his roots:
And the spirit of the Lord shall rest upon him, the spirit of wisdom and understanding, the spirit of counsel and might, the spirit of knowledge and of the fear of the Lord;
And shall make him of quick understanding in the fear of the Lord: and he shall not judge after the sight of his eyes, neither reprove after the hearing of his ears:
But with righteousness shall he judge the poor, and reprove with equity for the meek of the earth: and he shall smite the earth: with the rod of his mouth, and with the breath of his lips shall he slay the wicked.
And righteousness shall be the girdle of his loins, and faithfulness the girdle of his reins.
The wolf also shall dwell with the lamb, and the leopard shall lie down with the kid; and the calf and the young lion and the fatling together; and a little child shall lead them.
And the cow and the bear shall feed; their young ones shall lie down together: and the lion shall eat straw like the ox.
And the sucking child shall play on the hole of the asp, and the weaned child shall put his hand on the cockatrice’ den.
They shall not hurt nor destroy in all my holy mountain: for the earth shall be full of the knowledge of the Lord, as the waters cover the sea.
10 And in that day there shall be a root of Jesse, which shall stand for an ensign of the people; to it shall the Gentiles seek: and his rest shall be glorious.
11 And it shall come to pass in that day, that the Lord shall set his hand again the second time to recover the remnant of his people, which shall be left, from Assyria, and from Egypt, and from Pathros, and from Cush, and from Elam, and from Shinar, and from Hamath, and from the islands of the sea.
12 And he shall set up an ensign for the nations, and shall assemble the outcasts of Israel, and gather together the dispersed of Judah from the four corners of the earth.
13 The envy also of Ephraim shall depart, and the adversaries of Judah shall be cut off: Ephraim shall not envy Judah, and Judah shall not vex Ephraim.
14 But they shall fly upon the shoulders of the Philistines toward the west; they shall spoil them of the east together: they shall lay their hand upon Edom and Moab; and the children of Ammon shall obey them.
15 And the Lord shall utterly destroy the tongue of the Egyptian sea; and with his mighty wind shall he shake his hand over the river, and shall smite it in the seven streams, and make men go over dryshod.
16 And there shall be an highway for the remnant of his people, which shall be left, from Assyria; like as it was to Israel in the day that he came up out of the land of Egypt.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}