Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 48  

1 Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
 Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
 Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l’ yo jwenn kote pou yo kache.
 Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
 Lè yo wè l’, yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
 Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
 tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
 Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l’ ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
 Nou rete nan tanp ou a, n’ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10  Se tout moun k’ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y’ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
11  Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
12  Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
13  Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
14  se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k’ap kondi nou jouk sa kaba.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 48

1 Cantique. Psaume des fils de Koré. L’Éternel est grand, il est l’objet de toutes les louanges, Dans la ville de notre Dieu, sur sa montagne sainte.
 Belle est la colline, joie de toute la terre, la montagne de Sion; Le côté septentrional, c’est la ville du grand roi.
 Dieu, dans ses palais, est connu pour une haute retraite.
 Car voici, les rois s’étaient concertés: Ils n’ont fait que passer ensemble.
 Ils ont regardé, tout stupéfaits, Ils ont eu peur, et ont pris la fuite.
 Là un tremblement les a saisis, Comme la douleur d’une femme qui accouche.
 Ils ont été chassés comme par le vent d’orient, Qui brise les navires de Tarsis.
 Ce que nous avions entendu dire, nous l’avons vu Dans la ville de l’Éternel des armées, Dans la ville de notre Dieu: Dieu la fera subsister à toujours. -Pause.
 O Dieu, nous pensons à ta bonté Au milieu de ton temple.
10  Comme ton nom, ô Dieu! Ta louange retentit jusqu’aux extrémités de la terre; Ta droite est pleine de justice.
11  La montagne de Sion se réjouit, Les filles de Juda sont dans l’allégresse, A cause de tes jugements.
12  Parcourez Sion, parcourez-en l’enceinte, Comptez ses tours,
13  Observez son rempart, Examinez ses palais, Pour le raconter à la génération future.
14  Voilà le Dieu qui est notre Dieu éternellement et à jamais; Il sera notre guide jusqu’à la mort.
Louis Segond {LSG}

Psalm 48 

1 Great is the Lord, and greatly to be praised in the city of our God, in the mountain of his holiness.
Beautiful for situation, the joy of the whole earth, is mount Zion, on the sides of the north, the city of the great King.
God is known in her palaces for a refuge.
For, lo, the kings were assembled, they passed by together.
They saw it, and so they marvelled; they were troubled, and hasted away.
Fear took hold upon them there, and pain, as of a woman in travail.
Thou breakest the ships of Tarshish with an east wind.
As we have heard, so have we seen in the city of the Lord of hosts, in the city of our God: God will establish it for ever. Selah.
We have thought of thy lovingkindness, O God, in the midst of thy temple.
10 According to thy name, O God, so is thy praise unto the ends of the earth: thy right hand is full of righteousness.
11 Let mount Zion rejoice, let the daughters of Judah be glad, because of thy judgments.
12 Walk about Zion, and go round about her: tell the towers thereof.
13 Mark ye well her bulwarks, consider her palaces; that ye may tell it to the generation following.
14 For this God is our God for ever and ever: he will be our guide even unto death.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}