Liv Malachi / Malachie / Malachi

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Malachi 1          

1 Men mesaj Seyè a te bay Malachi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte li. Men desizyon Seyè a:
Seyè a di: Mwen renmen nou! Men, pèp la reponn: Ki jan ou renmen nou an? Men sa Seyè a reponn yo: Ezaou ak Jakòb, apa de frè yo ye. Mwen renmen Jakòb ak tout pitit pitit li yo.
Men, mwen rayi Ezaou ak tout pitit pitit li yo. Mwen ravaje tout mòn peyi Ezaou a. Mwen fè peyi yo a tounen savann kote bèt nan bwa rete.
Si moun peyi Edon yo di: Yo detwi lavil nou yo, men n’ap rebati yo, Seyè a menm ap reponn yo: Nou mèt rebati yo, m’ap toujou kraze yo. Moun pral rele yo: Peyi mechan yo, nasyon ki fè Seyè a ankòlè tout tan an.
Moun Izrayèl yo pral wè sa ak pwòp je yo. Epi y’a di: Seyè a gen pouvwa menm andeyò peyi Izrayèl la.
 Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l’. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l’ respekte papa l’. Yon domestik fèt pou l’ gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m’? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la?
Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l’ sou lotèl la ban mwen. Epi n’ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Seyè a pa merite yo respekte l’.
Lè nou mennen yon bèt je pete pou yo touye pou mwen, atò, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen yon bèt k’ap mache bwete, yon bèt tou malad, sa se pa bagay ki mal? Seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l’ap kontan? Eske la ba ou yon favè?
Koulye a, nou menm prèt yo, lapriyè nan pye Bondye pou l’ gen pitye pou nou non! Eske la ban nou favè l’? Se nou menm ki va lakòz li pa fè sa pou nou!
10 Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di: Mwen ta swete yonn nan nou ta fèmen tout pòt tanp lan pou nou pa limen dife pou gremesi sou lotèl mwen an. Mwen pa kontan menm ak nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Mwen p’ap asepte ankenn ofrann nan men nou.
11 Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y’ap boule lansan pou mwen, y’ap ofri m’ bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m’. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
12 Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Seyè a pa bon ankò. Se vye manje n’ap ofri sou li.
13 Lèfini, n’ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m’ ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa.
14 Madichon pou moun k’ap twonpe m’ yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y’ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m’. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Malachie 1        

1 Oracle, parole de l’Éternel à Israël par Malachie.
Je vous ai aimés, dit l’Éternel. Et vous dites: En quoi nous as-tu aimés? Ésaü n’est-il pas frère de Jacob? dit l’Éternel. Cependant j’ai aimé Jacob,
Et j’ai eu de la haine pour Ésaü, J’ai fait de ses montagnes une solitude, J’ai livré son héritage aux chacals du désert.
Si Édom dit: Nous sommes détruits, Nous relèverons les ruines! Ainsi parle l’Éternel des armées: Qu’ils bâtissent, je renverserai, Et on les appellera pays de la méchanceté, Peuple contre lequel l’Éternel est irrité pour toujours.
Vos yeux le verront, Et vous direz: Grand est l’Éternel Par delà les frontières d’Israël!
Un fils honore son père, et un serviteur son maître. Si je suis père, où est l’honneur qui m’est dû? Si je suis maître, où est la crainte qu’on a de moi? Dit l’Éternel des armées à vous, sacrificateurs, Qui méprisez mon nom, Et qui dites: En quoi avons-nous méprisé ton nom?
Vous offrez sur mon autel des aliments impurs, Et vous dites: En quoi t’avons-nous profané? C’est en disant: La table de l’Éternel est méprisable!
Quand vous offrez en sacrifice une bête aveugle, n’est-ce pas mal? Quand vous en offrez une boiteuse ou infirme, n’est-ce pas mal? Offre-la donc à ton gouverneur! Te recevra-t-il bien, te fera-t-il bon accueil? Dit l’Éternel des armées.
Priez Dieu maintenant, pour qu’il ait pitié de nous! C’est de vous que cela vient: Vous recevra-t-il favorablement? Dit l’Éternel des armées.
10 Lequel de vous fermera les portes, Pour que vous n’allumiez pas en vain le feu sur mon autel? Je ne prends aucun plaisir en vous, dit l’Éternel des armées, Et les offrandes de votre main ne me sont point agréables.
11 Car depuis le lever du soleil jusqu’à son couchant, Mon nom est grand parmi les nations, Et en tout lieu on brûle de l’encens en l’honneur de mon nom Et l’on présente des offrandes pures; Car grand est mon nom parmi les nations, Dit l’Éternel des armées.
12 Mais vous, vous le profanez, En disant: La table de l’Éternel est souillée, Et ce qu’elle rapporte est un aliment méprisable.
13 Vous dites: Quelle fatigue! et vous le dédaignez, Dit l’Éternel des armées; Et cependant vous amenez ce qui est dérobé, boiteux ou infirme, Et ce sont les offrandes que vous faites! Puis-je les agréer de vos mains? dit l’Éternel.
14 Maudit soit le trompeur qui a dans son troupeau un mâle, Et qui voue et sacrifie au Seigneur une bête chétive! Car je suis un grand roi, dit l’Éternel des armées, Et mon nom est redoutable parmi les nations.

Louis Segond {LSG}

Malachi 1  

1 The burden of the word of the Lord to Israel by Malachi.
I have loved you, saith the Lord. Yet ye say, Wherein hast thou loved us? Was not Esau Jacob’s brother? saith the Lord: yet I loved Jacob,
And I hated Esau, and laid his mountains and his heritage waste for the dragons of the wilderness.
Whereas Edom saith, We are impoverished, but we will return and build the desolate places; thus saith the Lord of hosts, They shall build, but I will throw down; and they shall call them, The border of wickedness, and, The people against whom the Lord hath indignation for ever.
And your eyes shall see, and ye shall say, The Lord will be magnified from the border of Israel.
A son honoureth his father, and a servant his master: if then I be a father, where is mine honour? and if I be a master, where is my fear? saith the Lord of hosts unto you, O priests, that despise my name. And ye say, Wherein have we despised thy name?
Ye offer polluted bread upon mine altar; and ye say, Wherein have we polluted thee? In that ye say, The table of the Lord is contemptible.
And if ye offer the blind for sacrifice, is it not evil? and if ye offer the lame and sick, is it not evil? offer it now unto thy governor; will he be pleased with thee, or accept thy person? saith the Lord of hosts.
And now, I pray you, beseech God that he will be gracious unto us: this hath been by your means: will he regard your persons? saith the Lord of hosts.
10 Who is there even among you that would shut the doors for nought? neither do ye kindle fire on mine altar for nought. I have no pleasure in you, saith the Lord of hosts, neither will I accept an offering at your hand.
11 For from the rising of the sun even unto the going down of the same my name shall be great among the Gentiles; and in every place incense shall be offered unto my name, and a pure offering: for my name shall be great among the heathen, saith the Lord of hosts.
12 But ye have profaned it, in that ye say, The table of the Lord is polluted; and the fruit thereof, even his meat, is contemptible.
13 Ye said also, Behold, what a weariness is it! and ye have snuffed at it, saith the Lord of hosts; and ye brought that which was torn, and the lame, and the sick; thus ye brought an offering: should I accept this of your hand? saith the Lord.
14 But cursed be the deceiver, which hath in his flock a male, and voweth, and sacrificeth unto the Lord a corrupt thing: for I am a great King, saith the Lord of hosts, and my name is dreadful among the heathen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}