Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 35  

1 Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m’ yo, goumen ak moun k’ap fè m’ lagè yo.
Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m’ sekou.
Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k’ap pousib mwen yo. Fè m’ konnen se ou menm k’ap delivre m’.
Se pou moun k’ap chache touye m’ yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k’ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.
Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.
Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo.
San m’ pa fè yo anyen, y’ap tann pèlen pou mwen. San m’ pa fè yo anyen, y’ap fouye yon twou byen fon pou m’ ka tonbe ladan l’.
Men, y’ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y’ap pran nan pèlen yo te tann lan, y’ap tonbe nan twou yo te fouye a.
Se konsa Seyè a pral fè kè m’ kontan, m’ap kontan anpil, paske li delivre mwen.
10 M’a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k’ap piye yo.
11  Gen moun k’ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
12 Moun mwen fè byen se yo k’ap fè m’ mal. Mwen fin dekouraje.
13 Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
14 menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M’ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m’, tankou yon moun ki pèdi manman l’.
15 Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y’ap fè pil dèyè do m’ pou bay manti sou mwen. Y’ap kale do m’ san pran souf.
16 Yo atake m’, yo pase m’ nan betiz. Y’ap gade m’, y’ap griyen dan sou mwen.
17  Seyè, pou konbe tan ankò w’a penmèt sa? Pwoteje m’ non anba bèt sovaj sa yo. Sove m’ anba lyon sa yo.
18 M’a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m’a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
19 Pa kite lènmi m’ yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m’ san m’ pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.
20 Yo pale tankou moun k’ap chache kont. Y’ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a.
21 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y’ap di: -Wi! Nou te wè ou!
22 Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m’ konsa.
23 Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!
24 Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m’ jistis. Pa kite lènmi m’ yo fè fèt sou tèt mwen.
25 Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l’!
26 Tout moun ki kontan wè jan m’ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k’ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
27 Se pou moun ki kontan wè jan m’ inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.
28 Lè sa a, m’a fè konnen jistis ou, m’a fè lwanj ou tout lajounen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 35

1 De David. Éternel! défends-moi contre mes adversaires, Combats ceux qui me combattent!
Saisis le petit et le grand bouclier, Et lève-toi pour me secourir!
Brandis la lance et le javelot contre mes persécuteurs! Dis à mon âme: Je suis ton salut!
Qu’ils soient honteux et confus, ceux qui en veulent à ma vie! Qu’ils reculent et rougissent, ceux qui méditent ma perte!
Qu’ils soient comme la balle emportée par le vent, Et que l’ange de l’Éternel les chasse!
Que leur route soit ténébreuse et glissante, Et que l’ange de l’Éternel les poursuive!
Car sans cause ils m’ont tendu leur filet sur une fosse, Sans cause ils l’ont creusée pour m’ôter la vie.
Que la ruine les atteigne à l’improviste, Qu’ils soient pris dans le filet qu’ils ont tendu, Qu’ils y tombent et périssent!
Et mon âme aura de la joie en l’Éternel, De l’allégresse en son salut.
10 Tous mes os diront: Éternel! qui peut, comme toi, Délivrer le malheureux d’un plus fort que lui, Le malheureux et le pauvre de celui qui le dépouille?
11 De faux témoins se lèvent: Ils m’interrogent sur ce que j’ignore.
12 Ils me rendent le mal pour le bien: Mon âme est dans l’abandon.
13 Et moi, quand ils étaient malades, je revêtais un sac, J’humiliais mon âme par le jeûne, Je priais, la tête penchée sur mon sein.
14 Comme pour un ami, pour un frère, je me traînais lentement; Comme pour le deuil d’une mère, je me courbais avec tristesse.
15 Puis, quand je chancelle, ils se réjouissent et s’assemblent, Ils s’assemblent à mon insu pour m’outrager, Ils me déchirent sans relâche;
16 Avec les impies, les parasites moqueurs, Ils grincent des dents contre moi.
17 Seigneur! Jusques à quand le verras-tu? Protège mon âme contre leurs embûches, Ma vie contre les lionceaux!
18 Je te louerai dans la grande assemblée, Je te célébrerai au milieu d’un peuple nombreux.
19 Que ceux qui sont à tort mes ennemis ne se réjouissent pas à mon sujet, Que ceux qui me haïssent sans cause ne m’insultent pas du regard!
20 Car ils tiennent un langage qui n’est point celui de la paix, Ils méditent la tromperie contre les gens tranquilles du pays.
21 Ils ouvrent contre moi leur bouche, Ils disent: Ah! ah! nos yeux regardent! –
22 Éternel, tu le vois! ne reste pas en silence! Seigneur, ne t’éloigne pas de moi!
23 Réveille-toi, réveille-toi pour me faire justice! Mon Dieu et mon Seigneur, défends ma cause!
24 Juge-moi selon ta justice, Éternel, mon Dieu! Et qu’ils ne se réjouissent pas à mon sujet!
25 Qu’ils ne disent pas dans leur coeur: Ah! voilà ce que nous voulions! Qu’ils ne disent pas: Nous l’avons englouti!
26 Que tous ensemble ils soient honteux et confus, Ceux qui se réjouissent de mon malheur! Qu’ils revêtent l’ignominie et l’opprobre, Ceux qui s’élèvent contre moi!
27 Qu’ils aient de l’allégresse et de la joie, Ceux qui prennent plaisir à mon innocence, Et que sans cesse ils disent: Exalté soit l’Éternel, Qui veut la paix de son serviteur!
28 Et ma langue célébrera ta justice, Elle dira tous les jours ta louange.
Louis Segond {LSG}

Psalm 35 

1 Plead my cause, O Lord, with them that strive with me: fight against them that fight against me.
Take hold of shield and buckler, and stand up for mine help.
Draw out also the spear, and stop the way against them that persecute me: say unto my soul, I am thy salvation.
Let them be confounded and put to shame that seek after my soul: let them be turned back and brought to confusion that devise my hurt.
Let them be as chaff before the wind: and let the angel of the Lord chase them.
Let their way be dark and slippery: and let the angel of the Lord persecute them.
For without cause have they hid for me their net in a pit, which without cause they have digged for my soul.
Let destruction come upon him at unawares; and let his net that he hath hid catch himself: into that very destruction let him fall.
And my soul shall be joyful in the Lord: it shall rejoice in his salvation.
10 All my bones shall say, Lord, who is like unto thee, which deliverest the poor from him that is too strong for him, yea, the poor and the needy from him that spoileth him?
11 False witnesses did rise up; they laid to my charge things that I knew not.
12 They rewarded me evil for good to the spoiling of my soul.
13 But as for me, when they were sick, my clothing was sackcloth: I humbled my soul with fasting; and my prayer returned into mine own bosom.
14 I behaved myself as though he had been my friend or brother: I bowed down heavily, as one that mourneth for his mother.
15 But in mine adversity they rejoiced, and gathered themselves together: yea, the abjects gathered themselves together against me, and I knew it not; they did tear me, and ceased not:
16 With hypocritical mockers in feasts, they gnashed upon me with their teeth.
17 Lord, how long wilt thou look on? rescue my soul from their destructions, my darling from the lions.
18 I will give thee thanks in the great congregation: I will praise thee among much people.
19 Let not them that are mine enemies wrongfully rejoice over me: neither let them wink with the eye that hate me without a cause.
20 For they speak not peace: but they devise deceitful matters against them that are quiet in the land.
21 Yea, they opened their mouth wide against me, and said, Aha, aha, our eye hath seen it.
22 This thou hast seen, O Lord: keep not silence: O Lord, be not far from me.
23 Stir up thyself, and awake to my judgment, even unto my cause, my God and my Lord.
24 Judge me, O Lord my God, according to thy righteousness; and let them not rejoice over me.
25 Let them not say in their hearts, Ah, so would we have it: let them not say, We have swallowed him up.
26 Let them be ashamed and brought to confusion together that rejoice at mine hurt: let them be clothed with shame and dishonour that magnify themselves against me.
27 Let them shout for joy, and be glad, that favour my righteous cause: yea, let them say continually, Let the Lord be magnified, which hath pleasure in the prosperity of his servant.
28 And my tongue shall speak of thy righteousness and of thy praise all the day long.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}