Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 25     

1 Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.
W’a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t’ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t’ap depòte moun Jida yo.
Se poutèt sa m’ap lage nou nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y’ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y’ap bwè tout lèt bèt nou yo.
M’ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M’ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la.
Se poutèt sa m’ap lonje men m’ sou nou pou m’ pini nou, m’ap lage nou nan men moun lòt nasyon k’ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Moun peyi Moab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo.
Enben, mwen pral fè yo atake lavil k’ap defann fwontyè peyi Moab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal Meon ak Kiriya-Tayim.
10 M’ap lage peyi Moab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Y’ap pran yo pou yo. Konsa, yo p’ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Moab ankò sou latè.
11 Se konsa m’ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
12 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t’ap tire revanj yo sou peyi Jida a.
13 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m’ sou Edon pou m’ pini l’, mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M’ap fè l’ tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.
14 Se pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m’ konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m’ konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.
15 Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj.
16 Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M’ap lonje men m’ sou moun Filisti yo pou m’ pini yo, m’ap disparèt yo, m’ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.
17 Se pa ti pini m’ pral pini yo, m’ap tire revanj mwen sou yo. M’ pral move anpil sou yo. Lè m’a tire revanj mwen sou yo, y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 25

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, tourne ta face vers les enfants d’Ammon, Et prophétise contre eux!
Tu diras aux enfants d’Ammon: Écoutez la parole du Seigneur, de l’Éternel! Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce que tu as dit: Ah! ah! Sur mon sanctuaire qui était profané, Sur la terre d’Israël qui était dévastée, Et sur la maison de Juda qui allait en captivité,
Voici, je te donne en possession aux fils de l’Orient; Ils établiront au milieu de toi leurs enclos, Et ils y placeront leurs demeures; Ils mangeront tes fruits, Ils boiront ton lait.
Je ferai de Rabba un parc pour les chameaux, Et du pays des enfants d’Ammon un bercail pour les brebis. Et vous saurez que je suis l’Éternel.
Car ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce que tu as battu des mains Et frappé du pied, Parce que tu t’es réjoui dédaigneusement et du fond de l’âme Au sujet de la terre d’Israël,
Voici, j’étends ma main sur toi, Et je te livre en proie aux nations; Je t’extermine du milieu des peuples, Je te retranche du nombre des pays, Je te détruis. Et tu sauras que je suis l’Éternel.
Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce que Moab et Séir ont dit: Voici, la maison de Juda est comme toutes les nations!
A cause de cela, voici, j’ouvre le territoire de Moab Du côté des villes, de ses villes frontières, L’ornement du pays, Beth Jeschimoth, Baal Meon et Kirjathaïm,
10 Je l’ouvre aux fils de l’orient Qui marchent contre les enfants d’Ammon, Et je le leur donne en possession, Afin que les enfants d’Ammon ne soient plus comptés parmi les nations.
11 J’exercerai mes jugements contre Moab. Et ils sauront que je suis l’Éternel.
12 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce qu’Édom s’est livré à la vengeance Envers la maison de Juda, Parce qu’il s’est rendu coupable Et s’est vengé d’elle,
13 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: J’étends ma main sur Édom, J’en extermine les hommes et les bêtes, J’en fais un désert, de Théman à Dedan; Ils tomberont par l’épée.
14 J’exercerai ma vengeance sur Édom Par la main de mon peuple d’Israël; Il traitera Édom selon ma colère et ma fureur; Et ils reconnaîtront ma vengeance, Dit le Seigneur, l’Éternel.
15 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce que les Philistins se sont livrés à la vengeance, Parce qu’ils se sont vengés dédaigneusement et du fond de l’âme, Voulant tout détruire, dans leur haine éternelle,
16 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’étends ma main sur les Philistins, J’extermine les Kéréthiens, Et je détruis ce qui reste sur la côte de la mer.
17 J’exercerai sur eux de grandes vengeances, En les châtiant avec fureur. Et ils sauront que je suis l’Éternel, Quand j’exercerai sur eux ma vengeance.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 25

1 The word of the Lord came again unto me, saying,
Son of man, set thy face against the Ammonites, and prophesy against them;
And say unto the Ammonites, Hear the word of the Lord God; Thus saith the Lord God; Because thou saidst, Aha, against my sanctuary, when it was profaned; and against the land of Israel, when it was desolate; and against the house of Judah, when they went into captivity;
Behold, therefore I will deliver thee to the men of the east for a possession, and they shall set their palaces in thee, and make their dwellings in thee: they shall eat thy fruit, and they shall drink thy milk.
And I will make Rabbah a stable for camels, and the Ammonites a couching place for flocks: and ye shall know that I am the Lord.
For thus saith the Lord God; Because thou hast clapped thine hands, and stamped with the feet, and rejoiced in heart with all thy despite against the land of Israel;
Behold, therefore I will stretch out mine hand upon thee, and will deliver thee for a spoil to the heathen; and I will cut thee off from the people, and I will cause thee to perish out of the countries: I will destroy thee; and thou shalt know that I am the Lord.
Thus saith the Lord God; Because that Moab and Seir do say, Behold, the house of Judah is like unto all the heathen;
Therefore, behold, I will open the side of Moab from the cities, from his cities which are on his frontiers, the glory of the country, Bethjeshimoth, Baalmeon, and Kiriathaim,
10 Unto the men of the east with the Ammonites, and will give them in possession, that the Ammonites may not be remembered among the nations.
11 And I will execute judgments upon Moab; and they shall know that I am the Lord.
12 Thus saith the Lord God; Because that Edom hath dealt against the house of Judah by taking vengeance, and hath greatly offended, and revenged himself upon them;
13 Therefore thus saith the Lord God; I will also stretch out mine hand upon Edom, and will cut off man and beast from it; and I will make it desolate from Teman; and they of Dedan shall fall by the sword.
14 And I will lay my vengeance upon Edom by the hand of my people Israel: and they shall do in Edom according to mine anger and according to my fury; and they shall know my vengeance, saith the Lord God.
15 Thus saith the Lord God; Because the Philistines have dealt by revenge, and have taken vengeance with a despiteful heart, to destroy it for the old hatred;
16 Therefore thus saith the Lord God; Behold, I will stretch out mine hand upon the Philistines, and I will cut off the Cherethims, and destroy the remnant of the sea coast.
17 And I will execute great vengeance upon them with furious rebukes; and they shall know that I am the Lord, when I shall lay my vengeance upon them.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}