Liv Estè / Esther / Esther

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Estè 4 

1 Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t’ap pase, sa te fè l’ lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t’ap rele, li t’ap plenn byen fò.
Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo.
Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t’ap kriye, yo t’ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.
Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t’ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize.
 Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l’ bò kote Madoche pou konnen sa k’ap pase ak poukisa l’ap fè sa.
Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a.
Madoche rakonte l’ tou sa ki te rive l’, ki jan Aman te pwomèt pou l’ te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo.
Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l’ pou l’ pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l’ sitiyasyon an, lèfini pou Estè al bò kot wa a pou pale avè l’, pou mande l’ gras pou pèp li a.
Atach al di Estè tou sa Madoche te di l’.
10 Estè menm voye Atach di Madoche konsa: -Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l’. Si yon moun fè sa, y’ap touye l’. Se lalwa.
11 Tout moun k’ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l’ pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.
12 Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a,
13 Madoche voye repons sa a bay Estè: -Pa mete nan tèt ou lè y’ap touye jwif yo w’ap chape paske se lakay wa a ou rete.
14 Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y’a sove, men ou menm, w’ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.
15 Estè voye reponn Madoche:
16 -Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N’a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m’ ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m’ aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m’ mouri, m’a mouri.
17 Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l’ fè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Esther 4

1 Mardochée, ayant appris tout ce qui se passait, déchira ses vêtements, s’enveloppa d’un sac et se couvrit de cendre. Puis il alla au milieu de la ville en poussant avec force des cris amers,
et se rendit jusqu’à la porte du roi, dont l’entrée était interdite à toute personne revêtue d’un sac.
Dans chaque province, partout où arrivaient l’ordre du roi et son édit, il y eut une grande désolation parmi les Juifs; ils jeûnaient, pleuraient et se lamentaient, et beaucoup se couchaient sur le sac et la cendre.
Les servantes d’Esther et ses eunuques vinrent lui annoncer cela, et la reine fut très effrayée. Elle envoya des vêtements à Mardochée pour le couvrir et lui faire ôter son sac, mais il ne les accepta pas.
Alors Esther appela Hathac, l’un des eunuques que le roi avait placés auprès d’elle, et elle le chargea d’aller demander à Mardochée ce que c’était et d’où cela venait.
Hathac se rendit vers Mardochée sur la place de la ville, devant la porte du roi.
Et Mardochée lui raconta tout ce qui lui était arrivé, et lui indiqua la somme d’argent qu’Haman avait promis de livrer au trésor du roi en retour du massacre des Juifs.
Il lui donna aussi une copie de l’édit publié dans Suse en vue de leur destruction, afin qu’il le montrât à Esther et lui fît tout connaître; et il ordonna qu’Esther se rendît chez le roi pour lui demander grâce et l’implorer en faveur de son peuple.
Hathac vint rapporter à Esther les paroles de Mardochée.
10 Esther chargea Hathac d’aller dire à Mardochée:
11 Tous les serviteurs du roi et le peuple des provinces du roi savent qu’il existe une loi portant peine de mort contre quiconque, homme ou femme, entre chez le roi, dans la cour intérieure, sans avoir été appelé; celui-là seul a la vie sauve, à qui le roi tend le sceptre d’or. Et moi, je n’ai point été appelée auprès du roi depuis trente jours.
12 Lorsque les paroles d’Esther eurent été rapportées à Mardochée,
13 Mardochée fit répondre à Esther: Ne t’imagine pas que tu échapperas seule d’entre tous les Juifs, parce que tu es dans la maison du roi;
14 car, si tu te tais maintenant, le secours et la délivrance surgiront d’autre part pour les Juifs, et toi et la maison de ton père vous périrez. Et qui sait si ce n’est pas pour un temps comme celui-ci que tu es parvenue à la royauté?
15 Esther envoya dire à Mardochée:
16 Va, rassemble tous les Juifs qui se trouvent à Suse, et jeûnez pour moi, sans manger ni boire pendant trois jours, ni la nuit ni le jour. Moi aussi, je jeûnerai de même avec mes servantes, puis j’entrerai chez le roi, malgré la loi; et si je dois périr, je périrai.
17 Mardochée s’en alla, et fit tout ce qu’Esther lui avait ordonné.
Louis Segond {LSG}

Esther 4    

1 When Mordecai perceived all that was done, Mordecai rent his clothes, and put on sackcloth with ashes, and went out into the midst of the city, and cried with a loud and a bitter cry;
And came even before the king’s gate: for none might enter into the king’s gate clothed with sackcloth.
And in every province, whithersoever the king’s commandment and his decree came, there was great mourning among the Jews, and fasting, and weeping, and wailing; and many lay in sackcloth and ashes.
So Esther’s maids and her chamberlains came and told it her. Then was the queen exceedingly grieved; and she sent raiment to clothe Mordecai, and to take away his sackcloth from him: but he received it not.
Then called Esther for Hatach, one of the king’s chamberlains, whom he had appointed to attend upon her, and gave him a commandment to Mordecai, to know what it was, and why it was.
So Hatach went forth to Mordecai unto the street of the city, which was before the king’s gate.
And Mordecai told him of all that had happened unto him, and of the sum of the money that Haman had promised to pay to the king’s treasuries for the Jews, to destroy them.
Also he gave him the copy of the writing of the decree that was given at Shushan to destroy them, to shew it unto Esther, and to declare it unto her, and to charge her that she should go in unto the king, to make supplication unto him, and to make request before him for her people.
And Hatach came and told Esther the words of Mordecai.
10 Again Esther spake unto Hatach, and gave him commandment unto Mordecai;
11 All the king’s servants, and the people of the king’s provinces, do know, that whosoever, whether man or women, shall come unto the king into the inner court, who is not called, there is one law of his to put him to death, except such to whom the king shall hold out the golden sceptre, that he may live: but I have not been called to come in unto the king these thirty days.
12 And they told to Mordecai Esther’s words.
13 Then Mordecai commanded to answer Esther, Think not with thyself that thou shalt escape in the king’s house, more than all the Jews.
14 For if thou altogether holdest thy peace at this time, then shall there enlargement and deliverance arise to the Jews from another place; but thou and thy father’s house shall be destroyed: and who knoweth whether thou art come to the kingdom for such a time as this?
15 Then Esther bade them return Mordecai this answer,
16 Go, gather together all the Jews that are present in Shushan, and fast ye for me, and neither eat nor drink three days, night or day: I also and my maidens will fast likewise; and so will I go in unto the king, which is not according to the law: and if I perish, I perish.
17 So Mordecai went his way, and did according to all that Esther had commanded him.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}