Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 57  

1 Moun k’ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k’ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k’ap mache dwat yo disparèt.
Moun ki t’ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.
 Nou menm ki p’ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N’ap sèvi zidòl, nou tankou moun k’ap fè adiltè, k’ap viv nan dezòd.
Ki moun n’ap pase nan betiz la a? Ki moun n’ap pale mal konsa? Sou ki moun n’ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k’ap bay manti nou ye.
N’ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.
Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m’ plezi!
Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n’ al kouche ak fanm, pou n’ al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.
Nou mete wòch zidòl nou yo dèyè pòtay nou, nan papòt lakay nou. Nou vire do ban mwen, nou mete nou toutouni, nou moute sou gwo kabann byen laj nou, nou kouche ak medam, chwal zidòl yo, nou peye pou sa. Nou pran kont plezi nou ak je nou kole sou wòch zidòl yo.
Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a.
10 Nou fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke.
11 Seyè a di: Kilès bondye sa yo ki t’ap ban nou kè sote, ki t’ap fè nou pè konsa, kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m’ konsa? Nou pa chonje reve m’. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?
12 M’ap denonse tou sa n’ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l’ap bon pou nou, men sa p’ap sèvi nou anyen.
13  Lè n’a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y’a rete sou mòn ki apa pou mwen an.
14 Lè sa a, Seyè a di: -Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranblè. Wete tout bagay k’ap bare wout la devan pèp mwen an.
15 Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m’, avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m’ ka remoute kouraj yo, pou m’ ba yo konfyans ankò.
16 Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouraj.
17  Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t’ap fè tèt di, yo t’ap fè sa yo pi pito.
18 Mwen te wè tou sa yo t’ap fè, men m’ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m’ mennen yo sou bon chemen an. M’a remoute kouraj sa ki nan lapenn yo.
19 M’a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M’a mete lwanj nan bouch yo, m’ap ba yo tout kè poze, m’ap geri yo.
20 Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y’ap jete kras ak labou sou rivaj la.
21 Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 57

1 Le juste périt, et nul n’y prend garde; Les gens de bien sont enlevés, et nul ne fait attention Que c’est par suite de la malice que le juste est enlevé.
Il entrera dans la paix, Il reposera sur sa couche, Celui qui aura suivi le droit chemin.
Mais vous, approchez ici, fils de l’enchanteresse, Race de l’adultère et de la prostituée!
De qui vous moquez-vous? Contre qui ouvrez-vous une large bouche Et tirez-vous la langue? N’êtes-vous pas des enfants de péché, Une race de mensonge,
S’échauffant près des térébinthes, sous tout arbre vert, Égorgeant les enfants dans les vallées, Sous des fentes de rochers?
C’est dans les pierres polies des torrents qu’est ton partage, Voilà, voilà ton lot; C’est à elles que tu verses des libations, Que tu fais des offrandes: Puis-je être insensible à cela?
C’est sur une montagne haute et élevée que tu dresses ta couche; C’est aussi là que tu montes pour offrir des sacrifices.
Tu mets ton souvenir derrière la porte et les poteaux; Car, loin de moi, tu lèves la couverture et tu montes, Tu élargis ta couche, et tu traites alliance avec eux, Tu aimes leur commerce, tu choisis une place.
Tu vas auprès du roi avec de l’huile, Tu multiplies tes aromates, Tu envoies au loin tes messagers, Tu t’abaisses jusqu’au séjour des morts.
10 A force de marcher tu te fatigues, Et tu ne dis pas: J’y renonce! Tu trouves encore de la vigueur dans ta main: Aussi n’es-tu pas dans l’abattement.
11 Et qui redoutais-tu, qui craignais-tu, pour être infidèle, Pour ne pas te souvenir, te soucier de moi? Est-ce que je ne garde pas le silence, et depuis longtemps? C’est pourquoi tu ne me crains pas.
12 Je vais publier ta droiture, Et tes oeuvres ne te profiteront pas.
13 Quand tu crieras, la foule de tes idoles te délivrera-t-elle? Le vent les emportera toutes, un souffle les enlèvera. Mais celui qui se confie en moi héritera le pays, Et possédera ma montagne sainte.
14 On dira: Frayez, frayez, préparez le chemin, Enlevez tout obstacle du chemin de mon peuple!
15 Car ainsi parle le Très Haut, Dont la demeure est éternelle et dont le nom est saint: J’habite dans les lieux élevés et dans la sainteté; Mais je suis avec l’homme contrit et humilié, Afin de ranimer les esprits humiliés, Afin de ranimer les coeurs contrits.
16 Je ne veux pas contester à toujours, Ni garder une éternelle colère, Quand devant moi tombent en défaillance les esprits, Les âmes que j’ai faites.
17 A cause de son avidité coupable, je me suis irrité et je l’ai frappé, Je me suis caché dans mon indignation; Et le rebelle a suivi le chemin de son coeur.
18 J’ai vu ses voies, Et je le guérirai; Je lui servirai de guide, Et je le consolerai, lui et ceux qui pleurent avec lui.
19 Je mettrai la louange sur les lèvres. Paix, paix à celui qui est loin et à celui qui est près! dit l’Éternel. Je les guérirai.
20 Mais les méchants sont comme la mer agitée, Qui ne peut se calmer, Et dont les eaux soulèvent la vase et le limon.
21 Il n’y a point de paix pour les méchants, dit mon Dieu.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 57 

1 The righteous perisheth, and no man layeth it to heart: and merciful men are taken away, none considering that the righteous is taken away from the evil to come.
He shall enter into peace: they shall rest in their beds, each one walking in his uprightness.
But draw near hither, ye sons of the sorceress, the seed of the adulterer and the whore.
Against whom do ye sport yourselves? against whom make ye a wide mouth, and draw out the tongue? are ye not children of transgression, a seed of falsehood.
Enflaming yourselves with idols under every green tree, slaying the children in the valleys under the clifts of the rocks?
Among the smooth stones of the stream is thy portion; they, they are thy lot: even to them hast thou poured a drink offering, thou hast offered a meat offering. Should I receive comfort in these?
Upon a lofty and high mountain hast thou set thy bed: even thither wentest thou up to offer sacrifice.
Behind the doors also and the posts hast thou set up thy remembrance: for thou hast discovered thyself to another than me, and art gone up; thou hast enlarged thy bed, and made thee a covenant with them; thou lovedst their bed where thou sawest it.
And thou wentest to the king with ointment, and didst increase thy perfumes, and didst send thy messengers far off, and didst debase thyself even unto hell.
10 Thou art wearied in the greatness of thy way; yet saidst thou not, There is no hope: thou hast found the life of thine hand; therefore thou wast not grieved.
11 And of whom hast thou been afraid or feared, that thou hast lied, and hast not remembered me, nor laid it to thy heart? have not I held my peace even of old, and thou fearest me not?
12 I will declare thy righteousness, and thy works; for they shall not profit thee.
13 When thou criest, let thy companies deliver thee; but the wind shall carry them all away; vanity shall take them: but he that putteth his trust in me shall possess the land, and shall inherit my holy mountain;
14 And shall say, Cast ye up, cast ye up, prepare the way, take up the stumblingblock out of the way of my people.
15 For thus saith the high and lofty One that inhabiteth eternity, whose name is Holy; I dwell in the high and holy place, with him also that is of a contrite and humble spirit, to revive the spirit of the humble, and to revive the heart of the contrite ones.
16 For I will not contend for ever, neither will I be always wroth: for the spirit should fail before me, and the souls which I have made.
17 For the iniquity of his covetousness was I wroth, and smote him: I hid me, and was wroth, and he went on frowardly in the way of his heart.
18 I have seen his ways, and will heal him: I will lead him also, and restore comforts unto him and to his mourners.
19 I create the fruit of the lips; Peace, peace to him that is far off, and to him that is near, saith the Lord; and I will heal him.
20 But the wicked are like the troubled sea, when it cannot rest, whose waters cast up mire and dirt.
21 There is no peace, saith my God, to the wicked.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}