Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 11

1 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l’ mete yo anba lòd li ankò.
Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l’ konsa:
-Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pep Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa:
Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Piga n’ al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l’ konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram.
Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo.
Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa,
Betsou, Soko, Adoulam,
Gat, Marecha, Zif,
Adorayim, Lakis, Aseka,
10 Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa se lavil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen.
11 Li ranfòse miray ranpa yo, li mete chèf reskonsab yo, li fè bati depo pou mete manje, lwil ak diven.
12 Lèfini, nan chak lavil, li fè bay gwo plak pwotèj ak frenn an kantite. Lavil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Woboram te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite l’.
13  Prèt yo ak moun Levi yo soti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram.
14 Moun Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l’ yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Seyè a.
15 Jewoboram te chwazi prèt pa l’ pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t’ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.
16 Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, Bondye zansèt yo a.
17 Sa te bay gouvènman peyi Jida a anpil fòs. Pandan twazan yo kenbe la ak Woboram, pitit Salomon an, yo viv jan yo te konn viv sou rèy wa David ak wa Salomon.
18 Woboram te marye ak Malat, pitit fi Jerimòt ki te pitit David ak Abigayil, pitit fi Eliyab, pitit pitit fi Izayi.
19 Yo fè twa pitit gason: Jeouch, Chemarya ak Saram.
20 Apre sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit.
21 Antou Woboram te gen dizwit madan marye ak swasant fanm kay. Li fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye li yo ak fanm kay li yo, se Maka, pitit fi Absalon an, li te pi renmen.
22 Konsa tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l’ chèf tout frè l’ yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri.
23 Li te fè lide bay chak pitit gason l’ yo yon reskonsablite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo pwovizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 11 

1 Roboam, arrivé à Jérusalem, rassembla la maison de Juda et de Benjamin, cent quatre-vingt mille hommes d’élite propres à la guerre, pour qu’ils combattissent contre Israël afin de le ramener sous la domination de Roboam.
Mais la parole de l’Éternel fut ainsi adressée à Schemaeja, homme de Dieu:
Parle à Roboam, fils de Salomon, roi de Juda, et à tout Israël en Juda et en Benjamin. Et dis-leur:
Ainsi parle l’Éternel: Ne montez point, et ne faites pas la guerre à vos frères! Que chacun de vous retourne dans sa maison, car c’est de par moi que cette chose est arrivée. Ils obéirent aux paroles de l’Éternel, et ils s’en retournèrent, renonçant à marcher contre Jéroboam.
Roboam demeura à Jérusalem, et il bâtit des villes fortes en Juda.
Il bâtit Bethléhem, Étham, Tekoa,
Beth Tsur, Soco, Adullam,
Gath, Maréscha, Ziph,
Adoraïm, Lakis, Azéka,
10 Tsorea, Ajalon et Hébron, qui étaient en Juda et en Benjamin, et il en fit des villes fortes.
11 Il les fortifia, et y établit des commandants, et des magasins de vivres, d’huile et de vin.
12 Il mit dans chacune de ces villes des boucliers et des lances, et il les rendit très fortes. Juda et Benjamin étaient à lui.
13 Les sacrificateurs et les Lévites qui se trouvaient dans tout Israël quittèrent leurs demeures pour se rendre auprès de lui;
14 car les Lévites abandonnèrent leurs banlieues et leurs propriétés et vinrent en Juda et à Jérusalem, parce que Jéroboam et ses fils les empêchèrent de remplir leurs fonctions comme sacrificateurs de l’Éternel.
15 Jéroboam établit des sacrificateurs pour les hauts lieux, pour les boucs, et pour les veaux qu’il avait faits.
16 Ceux de toutes les tribus d’Israël qui avaient à coeur de chercher l’Éternel, le Dieu d’Israël, suivirent les Lévites à Jérusalem pour sacrifier à l’Éternel, le Dieu de leurs pères.
17 Ils donnèrent ainsi de la force au royaume de Juda, et affermirent Roboam, fils de Salomon, pendant trois ans; car ils marchèrent pendant trois ans dans la voie de David et de Salomon.
18 Roboam prit pour femme Mahalath, fille de Jerimoth, fils de David et d’Abichaïl, fille d’Éliab, fils d’Isaï.
19 Elle lui enfanta des fils: Jeusch, Schemaria et Zaham.
20 Après elle, il prit Maaca, fille d’Absalom. Elle lui enfanta Abija, Attaï, Ziza et Schelomith.
21 Roboam aimait Maaca, fille d’Absalom, plus que toutes ses femmes et ses concubines; car il eut dix-huit femmes et soixante concubines, et il engendra vingt-huit fils et soixante filles.
22 Roboam donna le premier rang à Abija, fils de Maaca, et l’établit chef parmi ses frères, car il voulait le faire roi.
23 Il agit avec habileté en dispersant tous ses fils dans toutes les contrées de Juda et de Benjamin, dans toutes les villes fortes; il leur fournit des vivres en abondance, et demanda pour eux une multitude de femmes.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 11

1 And when Rehoboam was come to Jerusalem, he gathered of the house of Judah and Benjamin an hundred and fourscore thousand chosen men, which were warriors, to fight against Israel, that he might bring the kingdom again to Rehoboam.
But the word of the Lord came to Shemaiah the man of God, saying,
Speak unto Rehoboam the son of Solomon, king of Judah, and to all Israel in Judah and Benjamin, saying,
Thus saith the Lord, Ye shall not go up, nor fight against your brethren: return every man to his house: for this thing is done of me. And they obeyed the words of the Lord, and returned from going against Jeroboam.
And Rehoboam dwelt in Jerusalem, and built cities for defence in Judah.
He built even Bethlehem, and Etam, and Tekoa,
And Bethzur, and Shoco, and Adullam,
And Gath, and Mareshah, and Ziph,
And Adoraim, and Lachish, and Azekah,
10 And Zorah, and Aijalon, and Hebron, which are in Judah and in Benjamin fenced cities.
11 And he fortified the strong holds, and put captains in them, and store of victual, and of oil and wine.
12 And in every several city he put shields and spears, and made them exceeding strong, having Judah and Benjamin on his side.
13 And the priests and the Levites that were in all Israel resorted to him out of all their coasts.
14 For the Levites left their suburbs and their possession, and came to Judah and Jerusalem: for Jeroboam and his sons had cast them off from executing the priest’s office unto the Lord:
15 And he ordained him priests for the high places, and for the devils, and for the calves which he had made.
16 And after them out of all the tribes of Israel such as set their hearts to seek the Lord God of Israel came to Jerusalem, to sacrifice unto the Lord God of their fathers.
17 So they strengthened the kingdom of Judah, and made Rehoboam the son of Solomon strong, three years: for three years they walked in the way of David and Solomon.
18 And Rehoboam took him Mahalath the daughter of Jerimoth the son of David to wife, and Abihail the daughter of Eliab the son of Jesse;
19 Which bare him children; Jeush, and Shamariah, and Zaham.
20 And after her he took Maachah the daughter of Absalom; which bare him Abijah, and Attai, and Ziza, and Shelomith.
21 And Rehoboam loved Maachah the daughter of Absalom above all his wives and his concubines: (for he took eighteen wives, and threescore concubines; and begat twenty and eight sons, and threescore daughters.)
22 And Rehoboam made Abijah the son of Maachah the chief, to be ruler among his brethren: for he thought to make him king.
23 And he dealt wisely, and dispersed of all his children throughout all the countries of Judah and Benjamin, unto every fenced city: and he gave them victual in abundance. And he desired many wives.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}