Liv Jowèl / Joël  / Joel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jowèl 3     

1 Seyè a di ankò: -Lè sa a, jou sa yo, m’a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.
Apre sa, m’a sanble tout nasyon yo. M’a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m’ yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.
Yo te tire osò pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo te vann ti gason yo pou yo te ka gen lajan pou al nan jennès. Yo te vann tifi yo pou yo te ka gen lajan pou achte bweson, Lèfini, yo bwè jouk yo sou.
Nou menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n’ap chache fè m’ konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n’ap chache fè m’ peye pou sa m’ te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m’ap fè nou peye sa.
Nou te pran tout ajan ak tout lò mwen yo, nou pote tout bèl gwo richès mwen yo ale nan tanp nou yo.
Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n’ al vann yo bay moun peyi Lagrès.
Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.
Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
 Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n’ al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Sanble tout sòlda yo! Fè yo mache pran yo!
10 Pran lam fè ki nan chari nou yo fè nepe. Pran kouto digo nou yo, fè fwenn ak yo. Menm moun ki pi fèb yo pral di yo vanyan gason.
11 Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Seyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!
12 Se pou tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m’ jije tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a.
13 Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou lè n’ap ranmase rekòt ki mi. Kraze yo anba pye nou tankou lè n’ap kraze rezen nan basen pou fè diven. Barik ji rezen yo plen ap debòde.
14 Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Seyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an.
15 Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la.
16 Seyè a rete sou mòn Siyon, l’ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l’ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k’ap pwoteje pèp li a. Se li k’ap pran defans moun Izrayèl yo.
17 Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p’ap ka pran l’ pou yo ankò.
18  Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule soti nan kay Seyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.
19 Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo.
20 -(we vèsè pwochen)
21 Men, m’a pran revanj moun yo te touye yo. Mwen p’ap fè pa moun ki koupab yo. Men, va gen moun rete nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou tout tan. Epitou, mwen menm, Seyè a, m’a fè mòn Siyon an tounen kay mwen ankò.   
AMÒS

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Joël 3  

1 Car voici, en ces jours, en ce temps-là, Quand je ramènerai les captifs de Juda et de Jérusalem,
Je rassemblerai toutes les nations, Et je les ferai descendre dans la vallée de Josaphat; Là, j’entrerai en jugement avec elles, Au sujet de mon peuple, d’Israël, mon héritage, Qu’elles ont dispersé parmi les nations, Et au sujet de mon pays qu’elles se sont partagé.
Ils ont tiré mon peuple au sort; Ils ont donné le jeune garçon pour une prostituée, Ils ont vendu la jeune fille pour du vin, et ils ont bu.
Que me voulez-vous, Tyr et Sidon, Et vous tous, districts des Philistins? Voulez-vous tirer vengeance de moi? Si vous voulez vous venger, Je ferai bien vite retomber votre vengeance sur vos têtes.
Vous avez pris mon argent mon or; Et ce que j’avais de plus précieux et de plus beau, Vous l’avez emporté dans vos temples.
Vous avez vendu les enfants de Juda et de Jérusalem aux enfants de Javan, Afin de les éloigner de leur territoire.
Voici, je les ferai revenir du lieu où vous les avez vendus, Et je ferai retomber votre vengeance sur vos têtes.
Je vendrai vos fils et vos filles aux enfants de Juda, Et ils les vendront aux Sabéens, nation lointaine; Car l’Éternel a parlé.
Publiez ces choses parmi les nations! Préparez la guerre! Réveillez les héros! Qu’ils s’approchent, qu’ils montent, Tous les hommes de guerre!
10 De vos hoyaux forgez des épées, Et de vos serpes des lances! Que le faible dise: Je suis fort!
11 Hâtez-vous et venez, vous toutes, nations d’alentour, Et rassemblez-vous! Là, ô Éternel, fais descendre tes héros!
12 Que les nations se réveillent, et qu’elles montent Vers la vallée de Josaphat! Car là je siégerai pour juger toutes les nations d’alentour.
13 Saisissez la faucille, Car la moisson est mûre! Venez, foulez, Car le pressoir est plein, Les cuves regorgent! Car grande est leur méchanceté,
14 C’est une multitude, une multitude, Dans la vallée du jugement; Car le jour de l’Éternel est proche, Dans la vallée du jugement.
15 Le soleil et la lune s’obscurcissent, Et les étoiles retirent leur éclat.
16 De Sion l’Éternel rugit, De Jérusalem il fait entendre sa voix; Les cieux et la terre sont ébranlés. Mais l’Éternel est un refuge pour son peuple, Un abri pour les enfants d’Israël.
17 Et vous saurez que je suis l’Éternel, votre Dieu, Résidant à Sion, ma sainte montagne. Jérusalem sera sainte, Et les étrangers n’y passeront plus.
18 En ce temps-là, le moût ruissellera des montagnes, Le lait coulera des collines, Et il y aura de l’eau dans tous les torrents de Juda; Une source sortira aussi de la maison de l’Éternel, Et arrosera la vallée de Sittim.
19 L’Égypte sera dévastée, Édom sera réduit en désert, A cause des violences contre les enfants de Juda, Dont ils ont répandu le sang innocent dans leur pays.
20 Mais Juda sera toujours habité, Et Jérusalem, de génération en génération.
21 Je vengerai leur sang que je n’ai point encore vengé, Et L’Éternel résidera dans Sion.

Louis Segond {LSG}

Joel 3 

1 For, behold, in those days, and in that time, when I shall bring again the captivity of Judah and Jerusalem,
I will also gather all nations, and will bring them down into the valley of Jehoshaphat, and will plead with them there for my people and for my heritage Israel, whom they have scattered among the nations, and parted my land.
And they have cast lots for my people; and have given a boy for an harlot, and sold a girl for wine, that they might drink.
Yea, and what have ye to do with me, O Tyre, and Zidon, and all the coasts of Palestine? will ye render me a recompence? and if ye recompense me, swiftly and speedily will I return your recompence upon your own head;
Because ye have taken my silver and my gold, and have carried into your temples my goodly pleasant things:
The children also of Judah and the children of Jerusalem have ye sold unto the Grecians, that ye might remove them far from their border.
Behold, I will raise them out of the place whither ye have sold them, and will return your recompence upon your own head:
And I will sell your sons and your daughters into the hand of the children of Judah, and they shall sell them to the Sabeans, to a people far off: for the Lord hath spoken it.
Proclaim ye this among the Gentiles; Prepare war, wake up the mighty men, let all the men of war draw near; let them come up:
10 Beat your plowshares into swords and your pruninghooks into spears: let the weak say, I am strong.
11 Assemble yourselves, and come, all ye heathen, and gather yourselves together round about: thither cause thy mighty ones to come down, O Lord.
12 Let the heathen be wakened, and come up to the valley of Jehoshaphat: for there will I sit to judge all the heathen round about.
13 Put ye in the sickle, for the harvest is ripe: come, get you down; for the press is full, the fats overflow; for their wickedness is great.
14 Multitudes, multitudes in the valley of decision: for the day of the Lord is near in the valley of decision.
15 The sun and the moon shall be darkened, and the stars shall withdraw their shining.
16 The Lord also shall roar out of Zion, and utter his voice from Jerusalem; and the heavens and the earth shall shake: but the Lord will be the hope of his people, and the strength of the children of Israel.
17 So shall ye know that I am the Lord your God dwelling in Zion, my holy mountain: then shall Jerusalem be holy, and there shall no strangers pass through her any more.
18 And it shall come to pass in that day, that the mountains shall drop down new wine, and the hills shall flow with milk, and all the rivers of Judah shall flow with waters, and a fountain shall come forth out of the house of the Lord, and shall water the valley of Shittim.
19 Egypt shall be a desolation, and Edom shall be a desolate wilderness, for the violence against the children of Judah, because they have shed innocent blood in their land.
20 But Judah shall dwell for ever, and Jerusalem from generation to generation.
21 For I will cleanse their blood that I have not cleansed: for the Lord dwelleth in Zion.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}