Liv Danyèl / Daniel / Daniel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Danyèl 8     

1 Mwen menm Danyèl, mwen fè yon lòt vizyon ankò apre premye vizyon sa a. Lè sa a, Bèlchaza t’ap mache sou twazan depi li te wa.
Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi.
Mwen leve je m’ gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t’ pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a.
Mwen wè belye mouton an t’ap bay kout kòn nan direksyon solèy kouche, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pat gen yon bèt ki te ka kenbe tèt avè l’. Ni pa t’ gen pesonn pou wete yo anba pat li. Li t’ap fè sa l’ pito. Chak lè, li t’ap vin pi awogan.
Antan mwen t’ap chache konprann sa sa te vle di, mwen wè yon bouk kabrit k’ap kouri vin soti bò solèy kouche. Li t’ap kouri sitèlman vit, pye l’ pa t’ touche tè. Li te gen yon sèl gwo kòn nan mitan de je l’ yo.
Li mache sou belye mouton mwen te wè kanpe bò larivyè a ak de kòn lan. Li vare sou li ak tout fòs.
Mwen wè l’ atake belye mouton an. Li move sou li, li frape l’, li kase de kòn li yo. Belye mouton an pa t’ gen fòs pou kenbe tèt ak li. Bouk kabrit la jete l’ atè, li pilonnen l’ anba pye l’. Pat gen pesonn pou wete belye a anba pat bouk kabrit la.
Bouk kabrit la konmanse grandi, li vin awogan anpil. Lè li fin chita pouvwa li byen chita, gwo kòn li an kase. Kat lòt gwo kòn pouse nan plas premye a, yo chak t’ap pwente nan direksyon kat gwo van yo.
Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo.
10 Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l’.
11 Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a.
12 Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l’ap fè.
13 Apre sa, mwen tande yon zanj pale ak yon lòt zanj, li di li: -Kilè sa yo bay nan vizyon an va rive? Kilè y’a sispann fè gwo peche sa a nan plas ofrann bèt ki pou fèt chak jou a? Kilè y’a sispann pilonnen lame ki nan syèl la ak tanp Bondye a anba pye yo?
14 Lòt zanj lan reponn: -Se pou nou tann mil sansenkant (1150) jou ankò pase anvan yo rekonmanse ak ofrann bèt pou Bondye yo. Se lè sa a Bondye va rebati tanp li a ankò.
15  Mwen t’ap chache konprann sa vizyon an te vle di, lè mwen rete konsa mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun kanpe devan m’.
16 Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t’ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non!
17 Gabriyèl pwoche bò kote m’ te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m’ konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè.
18 Pandan li t’ap pale konsa, mwen pèdi konesans, mwen tonbe fas atè. Men, li ban m’ men, li fè m’ kanpe sou pye m’ ankò.
19 Epi li di: -M’ap fè ou wè sa k’ap rive lè kòlè Bondye a va fin pase. Wi, lè pou tout bagay fini an pral rive.
20 Belye mouton ou te wè ak de gwo kòn nan tèt li a, se de wa k’ap gouvènen de peyi, peyi Medi ak peyi Pès.
21 Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l’ yo se te premye wa a.
22 Kat kòn ou wè ki te pouse apre premye kòn lan te kase a, sa vle di gen kat moun ki pral separe peyi a. Yo chak pral gouvènen bò pa yo. Men, peyi a p’ap janm gen menm fòs la ankò.
23 Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y’a fin fè kont peche yo, gen yon wa k’ap parèt, l’ap san respè pou Bondye, l’ap woule tout moun.
24 L’ap grandi, l’ap vin fò. Men se pa fòs pa l’ menm k’ap sou li. L’ap fè anpil dega. L’a reyisi nan tou sa l’ap fè. L’a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a.
25 L’ap rize anpil. L’a reyisi chak fwa l’ap twonpe moun. L’ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l’ap detwi anpil moun ki t’ap viv ak kè poze. L’ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l’ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l’ anyen.
26 Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l’ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre.
27 Lè sa a, mwen santi mwen t’ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m’ al fè travay wa a te ban m’ fè a. Men, vizyon an t’ap boulvèse lespri m’ toujou, m’ pa t’ ka konprann li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Daniel 8 

1 La troisième année du règne du roi Beltschatsar, moi, Daniel, j’eus une vision, outre celle que j’avais eue précédemment.
Lorsque j’eus cette vision, il me sembla que j’étais à Suse, la capitale, dans la province d’Élam; et pendant ma vision, je me trouvais près du fleuve d’Ulaï.
Je levai les yeux, je regardai, et voici, un bélier se tenait devant le fleuve, et il avait des cornes; ces cornes étaient hautes, mais l’une était plus haute que l’autre, et elle s’éleva la dernière.
Je vis le bélier qui frappait de ses cornes à l’occident, au septentrion et au midi; aucun animal ne pouvait lui résister, et il n’y avait personne pour délivrer ses victimes; il faisait ce qu’il voulait, et il devint puissant.
Comme je regardais attentivement, voici, un bouc venait de l’occident, et parcourait toute la terre à sa surface, sans la toucher; ce bouc avait une grande corne entre les yeux.
Il arriva jusqu’au bélier qui avait des cornes, et que j’avais vu se tenant devant le fleuve, et il courut sur lui dans toute sa fureur.
Je le vis qui s’approchait du bélier et s’irritait contre lui; il frappa le bélier et lui brisa les deux cornes, sans que le bélier eût la force de lui résister; il le jeta par terre et le foula, et il n’y eut personne pour délivrer le bélier.
Le bouc devint très puissant; mais lorsqu’il fut puissant, sa grande corne se brisa. Quatre grandes cornes s’élevèrent pour la remplacer, aux quatre vents des cieux.
De l’une d’elles sortit une petite corne, qui s’agrandit beaucoup vers le midi, vers l’orient, et vers le plus beau des pays.
10 Elle s’éleva jusqu’à l’armée des cieux, elle fit tomber à terre une partie de cette armée et des étoiles, et elle les foula.
11 Elle s’éleva jusqu’au chef de l’armée, lui enleva le sacrifice perpétuel, et renversa le lieu de son sanctuaire.
12 L’armée fut livrée avec le sacrifice perpétuel, à cause du péché; la corne jeta la vérité par terre, et réussit dans ses entreprises.
13 J’entendis parler un saint; et un autre saint dit à celui qui parlait: Pendant combien de temps s’accomplira la vision sur le sacrifice perpétuel et sur le péché dévastateur? Jusques à quand le sanctuaire et l’armée seront-ils foulés?
14 Et il me dit: Deux mille trois cents soirs et matins; puis le sanctuaire sera purifié.
15 Tandis que moi, Daniel, j’avais cette vision et que je cherchais à la comprendre, voici, quelqu’un qui avait l’apparence d’un homme se tenait devant moi.
16 Et j’entendis la voix d’un homme au milieu de l’Ulaï; il cria et dit: Gabriel, explique-lui la vision.
17 Il vint alors près du lieu où j’étais; et à son approche, je fus effrayé, et je tombai sur ma face. Il me dit: Sois attentif, fils de l’homme, car la vision concerne un temps qui sera la fin.
18 Comme il me parlait, je restai frappé d’étourdissement, la face contre terre. Il me toucha, et me fit tenir debout à la place où je me trouvais.
19 Puis il me dit: Je vais t’apprendre, ce qui arrivera au terme de la colère, car il y a un temps marqué pour la fin.
20 Le bélier que tu as vu, et qui avait des cornes, ce sont les rois des Mèdes et des Perses.
21 Le bouc, c’est le roi de Javan, La grande corne entre ses yeux, c’est le premier roi.
22 Les quatre cornes qui se sont élevées pour remplacer cette corne brisée, ce sont quatre royaumes qui s’élèveront de cette nation, mais qui n’auront pas autant de force.
23 A la fin de leur domination, lorsque les pécheurs seront consumés, il s’élèvera un roi impudent et artificieux.
24 Sa puissance s’accroîtra, mais non par sa propre force; il fera d’incroyables ravages, il réussira dans ses entreprises, il détruira les puissants et le peuple des saints.
25 A cause de sa prospérité et du succès de ses ruses, il aura de l’arrogance dans le coeur, il fera périr beaucoup d’hommes qui vivaient paisiblement, et il s’élèvera contre le chef des chefs; mais il sera brisé, sans l’effort d’aucune main.
26 Et la vision des soirs et des matins, dont il s’agit, est véritable. Pour toi, tiens secrète cette vision, car elle se rapporte à des temps éloignés.
27 Moi, Daniel, je fus plusieurs jours languissant et malade; puis je me levai, et je m’occupai des affaires du roi. J’étais étonné de la vision, et personne n’en eut connaissance.

Louis Segond {LSG}

Daniel 8

1 In the third year of the reign of king Belshazzar a vision appeared unto me, even unto me Daniel, after that which appeared unto me at the first.
And I saw in a vision; and it came to pass, when I saw, that I was at Shushan in the palace, which is in the province of Elam; and I saw in a vision, and I was by the river of Ulai.
Then I lifted up mine eyes, and saw, and, behold, there stood before the river a ram which had two horns: and the two horns were high; but one was higher than the other, and the higher came up last.
I saw the ram pushing westward, and northward, and southward; so that no beasts might stand before him, neither was there any that could deliver out of his hand; but he did according to his will, and became great.
And as I was considering, behold, an he goat came from the west on the face of the whole earth, and touched not the ground: and the goat had a notable horn between his eyes.
And he came to the ram that had two horns, which I had seen standing before the river, and ran unto him in the fury of his power.
And I saw him come close unto the ram, and he was moved with choler against him, and smote the ram, and brake his two horns: and there was no power in the ram to stand before him, but he cast him down to the ground, and stamped upon him: and there was none that could deliver the ram out of his hand.
Therefore the he goat waxed very great: and when he was strong, the great horn was broken; and for it came up four notable ones toward the four winds of heaven.
And out of one of them came forth a little horn, which waxed exceeding great, toward the south, and toward the east, and toward the pleasant land.
10 And it waxed great, even to the host of heaven; and it cast down some of the host and of the stars to the ground, and stamped upon them.
11 Yea, he magnified himself even to the prince of the host, and by him the daily sacrifice was taken away, and the place of the sanctuary was cast down.
12 And an host was given him against the daily sacrifice by reason of transgression, and it cast down the truth to the ground; and it practised, and prospered.
13 Then I heard one saint speaking, and another saint said unto that certain saint which spake, How long shall be the vision concerning the daily sacrifice, and the transgression of desolation, to give both the sanctuary and the host to be trodden under foot?
14 And he said unto me, Unto two thousand and three hundred days; then shall the sanctuary be cleansed.
15 And it came to pass, when I, even I Daniel, had seen the vision, and sought for the meaning, then, behold, there stood before me as the appearance of a man.
16 And I heard a man’s voice between the banks of Ulai, which called, and said, Gabriel, make this man to understand the vision.
17 So he came near where I stood: and when he came, I was afraid, and fell upon my face: but he said unto me, Understand, O son of man: for at the time of the end shall be the vision.
18 Now as he was speaking with me, I was in a deep sleep on my face toward the ground: but he touched me, and set me upright.
19 And he said, Behold, I will make thee know what shall be in the last end of the indignation: for at the time appointed the end shall be.
20 The ram which thou sawest having two horns are the kings of Media and Persia.
21 And the rough goat is the king of Grecia: and the great horn that is between his eyes is the first king.
22 Now that being broken, whereas four stood up for it, four kingdoms shall stand up out of the nation, but not in his power.
23 And in the latter time of their kingdom, when the transgressors are come to the full, a king of fierce countenance, and understanding dark sentences, shall stand up.
24 And his power shall be mighty, but not by his own power: and he shall destroy wonderfully, and shall prosper, and practise, and shall destroy the mighty and the holy people.
25 And through his policy also he shall cause craft to prosper in his hand; and he shall magnify himself in his heart, and by peace shall destroy many: he shall also stand up against the Prince of princes; but he shall be broken without hand.
26 And the vision of the evening and the morning which was told is true: wherefore shut thou up the vision; for it shall be for many days.
27 And I Daniel fainted, and was sick certain days; afterward I rose up, and did the king’s business; and I was astonished at the vision, but none understood it.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}