Liv Wòm / Romains / Romans

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Wòm 3                

Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li?
Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo.
Bon, tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye p’ap kenbe pawòl li tou?
O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w’ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y’ap jije ou.
Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n’a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye peni nou li gen tò? (Eskize m’ wi, m’ap pale tankou moun.)
Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?
Bon, si lè m’ bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l’ ta jije m’ tankou yon moun ki fè sa ki mal?
Poukisa nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon.
Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.
10 Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn.
11 Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p’ap chache Bondye.
12 Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k’ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.
13 Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y’ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
14 Bouch yo plen madichon ak jouman.
15 Ti krik ti krak, se fè san koule.
16 Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè.
17 Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.
18 Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
19  Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
20 Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
21 Men koulye a, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.
22 Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l’ pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.
23 Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
24 Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.
25 Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l’ sou peche moun te fè.
26 Men koulye a, li moutre nou ki jan l’ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, an menm tan l’ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
27 Bon. Nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y’ap fè grandizè ankò? Pa genyen menm. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Men, paske yo fè Bondye konfyans.
28 Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l’ gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.
29 Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.
30 Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L’ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l’ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li.
31 Bon. Jan nou pale a, èske konfyans nan Bondye fè lalwa a pèdi valè li? Men non, okontrè, nou kanpe lalwa a pi rèd.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Romains 3               

1 Quel est donc l’avantage des Juifs, ou quelle est l’utilité de la circoncision?
Il est grand de toute manière, et tout d’abord en ce que les oracles de Dieu leur ont été confiés.
Eh quoi! si quelques-uns n’ont pas cru, leur incrédulité anéantira-t-elle la fidélité de Dieu?
Loin de là! Que Dieu, au contraire, soit reconnu pour vrai, et tout homme pour menteur, selon qu’il est écrit: Afin que tu sois trouvé juste dans tes paroles, Et que tu triomphes lorsqu’on te juge.
Mais si notre injustice établit la justice de Dieu, que dirons-nous? Dieu est-il injuste quand il déchaîne sa colère? (Je parle à la manière des hommes.)
Loin de là! Autrement, comment Dieu jugerait-il le monde?
Et si, par mon mensonge, la vérité de Dieu éclate davantage pour sa gloire, pourquoi suis-je moi-même encore jugé comme pécheur?
Et pourquoi ne ferions-nous pas le mal afin qu’il en arrive du bien, comme quelques-uns, qui nous calomnient, prétendent que nous le disons? La condamnation de ces gens est juste.
Quoi donc! sommes-nous plus excellents? Nullement. Car nous avons déjà prouvé que tous, Juifs et Grecs, sont sous l’empire du péché,
10 selon qu’il est écrit: Il n’y a point de juste, Pas même un seul;
11 Nul n’est intelligent, Nul ne cherche Dieu; Tous sont égarés, tous sont pervertis;
12 Il n’en est aucun qui fasse le bien, Pas même un seul;
13 Leur gosier est un sépulcre ouvert; Ils se servent de leurs langues pour tromper; Ils ont sous leurs lèvres un venin d’aspic;
14 Leur bouche est pleine de malédiction et d’amertume;
15 Ils ont les pieds légers pour répandre le sang;
16 La destruction et le malheur sont sur leur route;
17 Ils ne connaissent pas le chemin de la paix;
18 La crainte de Dieu n’est pas devant leurs yeux.
19 Or, nous savons que tout ce que dit la loi, elle le dit à ceux qui sont sous la loi, afin que toute bouche soit fermée, et que tout le monde soit reconnu coupable devant Dieu.
20 Car nul ne sera justifié devant lui par les oeuvres de la loi, puisque c’est par la loi que vient la connaissance du péché.
21 Mais maintenant, sans la loi est manifestée la justice de Dieu, à laquelle rendent témoignage la loi et les prophètes,
22 justice de Dieu par la foi en Jésus Christ pour tous ceux qui croient. Il n’y a point de distinction.
23 Car tous ont péché et sont privés de la gloire de Dieu;
24 et ils sont gratuitement justifiés par sa grâce, par le moyen de la rédemption qui est en Jésus Christ.
25 C’est lui que Dieu a destiné, par son sang, à être, pour ceux qui croiraient victime propitiatoire, afin de montrer sa justice, parce qu’il avait laissé impunis les péchés commis auparavant, au temps de sa patience, afin, dis-je,
26 de montrer sa justice dans le temps présent, de manière à être juste tout en justifiant celui qui a la foi en Jésus.
27 Où donc est le sujet de se glorifier? Il est exclu. Par quelle loi? Par la loi des oeuvres? Non, mais par la loi de la foi.
28 Car nous pensons que l’homme est justifié par la foi, sans les oeuvres de la loi.
29 Ou bien Dieu est-il seulement le Dieu des Juifs? Ne l’est-il pas aussi des païens? Oui, il l’est aussi des païens,
30 puisqu’il y a un seul Dieu, qui justifiera par la foi les circoncis, et par la foi les incirconcis.
31 Anéantissons-nous donc la loi par la foi? Loin de là! Au contraire, nous confirmons la loi.

Louis Segond {LSG}

Romans 3       

1 What advantage then hath the Jew? or what profit is there of circumcision?
Much every way: chiefly, because that unto them were committed the oracles of God.
For what if some did not believe? shall their unbelief make the faith of God without effect?
God forbid: yea, let God be true, but every man a liar; as it is written, That thou mightest be justified in thy sayings, and mightest overcome when thou art judged.
But if our unrighteousness commend the righteousness of God, what shall we say? Is God unrighteous who taketh vengeance? (I speak as a man)
God forbid: for then how shall God judge the world?
For if the truth of God hath more abounded through my lie unto his glory; why yet am I also judged as a sinner?
And not rather, (as we be slanderously reported, and as some affirm that we say,) Let us do evil, that good may come? whose damnation is just.
What then? are we better than they? No, in no wise: for we have before proved both Jews and Gentiles, that they are all under sin;
10 As it is written, There is none righteous, no, not one:
11 There is none that understandeth, there is none that seeketh after God.
12 They are all gone out of the way, they are together become unprofitable; there is none that doeth good, no, not one.
13 Their throat is an open sepulchre; with their tongues they have used deceit; the poison of asps is under their lips:
14 Whose mouth is full of cursing and bitterness:
15 Their feet are swift to shed blood:
16 Destruction and misery are in their ways:
17 And the way of peace have they not known:
18 There is no fear of God before their eyes.
19 Now we know that what things soever the law saith, it saith to them who are under the law: that every mouth may be stopped, and all the world may become guilty before God.
20 Therefore by the deeds of the law there shall no flesh be justified in his sight: for by the law is the knowledge of sin.
21 But now the righteousness of God without the law is manifested, being witnessed by the law and the prophets;
22 Even the righteousness of God which is by faith of Jesus Christ unto all and upon all them that believe: for there is no difference:
23 For all have sinned, and come short of the glory of God;
24 Being justified freely by his grace through the redemption that is in Christ Jesus:
25 Whom God hath set forth to be a propitiation through faith in his blood, to declare his righteousness for the remission of sins that are past, through the forbearance of God;
26 To declare, I say, at this time his righteousness: that he might be just, and the justifier of him which believeth in Jesus.
27 Where is boasting then? It is excluded. By what law? of works? Nay: but by the law of faith.
28 Therefore we conclude that a man is justified by faith without the deeds of the law.
29 Is he the God of the Jews only? is he not also of the Gentiles? Yes, of the Gentiles also:
30 Seeing it is one God, which shall justify the circumcision by faith, and uncircumcision through faith.
31 Do we then make void the law through faith? God forbid: yea, we establish the law.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}