Liv Efezyen / Éphésiens / Ephesians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Efezyen 6                    

Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n’ obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.
Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l’:
Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la.
Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k’ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k’ap sèvi Kris la.
Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t’ap travay, men pou Seyè a.
Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l’ resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a.
Nou menm mèt, se pou n’ aji menm jan an tou ak moun k’ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.
10  Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.
11 Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
12 Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
13 Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
14 Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo.
15 Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k’ap fè moun viv ak kè poze a.
16 Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.
17 Resevwa pouvwa Bondye k’ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.
18 Pandan n’ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n’ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
19  Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m’a gen pou m’ pale, pou m’ ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.
20 Nou mèt wè m’ nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m’ misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m’ ka pale avèk lasirans, jan m’ dwe fè l’ la.
21 Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Seyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m’ ap mache.
22 M’ap voye l’ tout espre pou l’ sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouraj nou.
23 Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.
24 benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Éphésiens 6                  

1 Enfants, obéissez à vos parents, selon le Seigneur, car cela est juste.
Honore ton père et ta mère (c’est le premier commandement avec une promesse),
afin que tu sois heureux et que tu vives longtemps sur la terre.
Et vous, pères, n’irritez pas vos enfants, mais élevez-les en les corrigeant et en les instruisant selon le Seigneur.
Serviteurs, obéissez à vos maîtres selon la chair, avec crainte et tremblement, dans la simplicité de votre coeur, comme à Christ,
non pas seulement sous leurs yeux, comme pour plaire aux hommes, mais comme des serviteurs de Christ, qui font de bon coeur la volonté de Dieu.
Servez-les avec empressement, comme servant le Seigneur et non des hommes,
sachant que chacun, soit esclave, soit libre, recevra du Seigneur selon ce qu’il aura fait de bien.
Et vous, maîtres, agissez de même à leur égard, et abstenez-vous de menaces, sachant que leur maître et le vôtre est dans les cieux, et que devant lui il n’y a point d’acception de personnes.
10 Au reste, fortifiez-vous dans le Seigneur, et par sa force toute-puissante.
11 Revêtez-vous de toutes les armes de Dieu, afin de pouvoir tenir ferme contre les ruses du diable.
12 Car nous n’avons pas à lutter contre la chair et le sang, mais contre les dominations, contre les autorités, contre les princes de ce monde de ténèbres, contre les esprits méchants dans les lieux célestes.
13 C’est pourquoi, prenez toutes les armes de Dieu, afin de pouvoir résister dans le mauvais jour, et tenir ferme après avoir tout surmonté.
14 Tenez donc ferme: ayez à vos reins la vérité pour ceinture; revêtez la cuirasse de la justice;
15 mettez pour chaussure à vos pieds le zèle que donne l’Évangile de paix;
16 prenez par-dessus tout cela le bouclier de la foi, avec lequel vous pourrez éteindre tous les traits enflammés du malin;
17 prenez aussi le casque du salut, et l’épée de l’Esprit, qui est la parole de Dieu.
18 Faites en tout temps par l’Esprit toutes sortes de prières et de supplications. Veillez à cela avec une entière persévérance, et priez pour tous les saints.
19 Priez pour moi, afin qu’il me soit donné, quand j’ouvre la bouche, de faire connaître hardiment et librement le mystère de l’Évangile,
20 pour lequel je suis ambassadeur dans les chaînes, et que j’en parle avec assurance comme je dois en parler.
21 Afin que vous aussi, vous sachiez ce qui me concerne, ce que je fais, Tychique, le bien-aimé frère et fidèle ministre dans le Seigneur, vous informera de tout.
22 Je l’envoie exprès vers vous, pour que vous connaissiez notre situation, et pour qu’il console vos coeurs.
23 Que la paix et la charité avec la foi soient donnés aux frères de la part de Dieu le Père et du Seigneur Jésus Christ!
24 Que la grâce soit avec tous ceux qui aiment notre Seigneur Jésus Christ d’un amour inaltérable!

Louis Segond {LSG}

Ephesians 6          

1 Children, obey your parents in the Lord: for this is right.
Honour thy father and mother; which is the first commandment with promise;
That it may be well with thee, and thou mayest live long on the earth.
And, ye fathers, provoke not your children to wrath: but bring them up in the nurture and admonition of the Lord.
Servants, be obedient to them that are your masters according to the flesh, with fear and trembling, in singleness of your heart, as unto Christ;
Not with eyeservice, as menpleasers; but as the servants of Christ, doing the will of God from the heart;
With good will doing service, as to the Lord, and not to men:
Knowing that whatsoever good thing any man doeth, the same shall he receive of the Lord, whether he be bond or free.
And, ye masters, do the same things unto them, forbearing threatening: knowing that your Master also is in heaven; neither is there respect of persons with him.
10 Finally, my brethren, be strong in the Lord, and in the power of his might.
11 Put on the whole armour of God, that ye may be able to stand against the wiles of the devil.
12 For we wrestle not against flesh and blood, but against principalities, against powers, against the rulers of the darkness of this world, against spiritual wickedness in high places.
13 Wherefore take unto you the whole armour of God, that ye may be able to withstand in the evil day, and having done all, to stand.
14 Stand therefore, having your loins girt about with truth, and having on the breastplate of righteousness;
15 And your feet shod with the preparation of the gospel of peace;
16 Above all, taking the shield of faith, wherewith ye shall be able to quench all the fiery darts of the wicked.
17 And take the helmet of salvation, and the sword of the Spirit, which is the word of God:
18 Praying always with all prayer and supplication in the Spirit, and watching thereunto with all perseverance and supplication for all saints;
19 And for me, that utterance may be given unto me, that I may open my mouth boldly, to make known the mystery of the gospel,
20 For which I am an ambassador in bonds: that therein I may speak boldly, as I ought to speak.
21 But that ye also may know my affairs, and how I do, Tychicus, a beloved brother and faithful minister in the Lord, shall make known to you all things:
22 Whom I have sent unto you for the same purpose, that ye might know our affairs, and that he might comfort your hearts.
23 Peace be to the brethren, and love with faith, from God the Father and the Lord Jesus Christ.
24 Grace be with all them that love our Lord Jesus Christ in sincerity. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}