Liv Ebre / Hébreux / Hebrews

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ebre 3 

Se poutèt sa, frè m’ yo, nou menm k’ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.
Paske li pa t’ twonpe Bondye ki te chwazi l’ pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a.
Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.
Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.
Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.
Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n’ap tann lan.
 Se poutèt sa, jan Sentespri te di l’ la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,
pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l’, lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.
Lè sa a, zansèt nou yo te tante m’, yo te sonde m’ atout yo te deja wè tou sa m’ t’ap fè depi karantan.
10 Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m’ yo.
11 Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.
12 Frè m’ yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l’ ki pou fè l’ pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.
13 Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n’ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
14 Paske, nou se moun k’ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.
15 Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
16 Kilès sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip la.
17 Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
18 Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t’ap pale? Li t’ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.
19 Nou wè vre, yo yonn pa t’ kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t’ gen konfyans.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Hébreux 3                    

1 C’est pourquoi, frères saints, qui avez part à la vocation céleste, considérez l’apôtre et le souverain sacrificateur de la foi que nous professons,
Jésus, qui a été fidèle à celui qui l’a établi, comme le fut Moïse dans toute sa maison.
Car il a été jugé digne d’une gloire d’autant supérieure à celle de Moïse que celui qui a construit une maison a plus d’honneur que la maison même.
Chaque maison est construite par quelqu’un, mais celui qui a construit toutes choses, c’est Dieu.
Pour Moïse, il a été fidèle dans toute la maison de Dieu, comme serviteur, pour rendre témoignage de ce qui devait être annoncé;
mais Christ l’est comme Fils sur sa maison; et sa maison, c’est nous, pourvu que nous retenions jusqu’à la fin la ferme confiance et l’espérance dont nous nous glorifions.
C’est pourquoi, selon ce que dit le Saint Esprit: Aujourd’hui, si vous entendez sa voix,
N’endurcissez pas vos coeurs, comme lors de la révolte, Le jour de la tentation dans le désert,
Où vos pères me tentèrent, Pour m’éprouver, et ils virent mes oeuvres Pendant quarante ans.
10 Aussi je fus irrité contre cette génération, et je dis: Ils ont toujours un coeur qui s’égare. Ils n’ont pas connu mes voies.
11 Je jurai donc dans ma colère: Ils n’entreront pas dans mon repos!
12 Prenez garde, frère, que quelqu’un de vous n’ait un coeur mauvais et incrédule, au point de se détourner du Dieu vivant.
13 Mais exhortez-vous les uns les autres chaque jour, aussi longtemps qu’on peut dire: Aujourd’hui! afin qu’aucun de vous ne s’endurcisse par la séduction du péché.
14 Car nous sommes devenus participants de Christ, pourvu que nous retenions fermement jusqu’à la fin l’assurance que nous avions au commencement,
15 pendant qu’il est dit: Aujourd’hui, si vous entendez sa voix, N’endurcissez pas vos coeurs, comme lors de la révolte.
16 Qui furent, en effet, ceux qui se révoltèrent après l’avoir entendue, sinon tous ceux qui étaient sortis d’Égypte sous la conduite de Moïse?
17 Et contre qui Dieu fut-il irrité pendant quarante ans, sinon contre ceux qui péchaient, et dont les cadavres tombèrent dans le désert?
18 Et à qui jura-t-il qu’ils n’entreraient pas dans son repos, sinon à ceux qui avaient désobéi?
19 Aussi voyons-nous qu’ils ne purent y entrer à cause de leur incrédulité.

Louis Segond {LSG}

Hebrews 3          

1 Wherefore, holy brethren, partakers of the heavenly calling, consider the Apostle and High Priest of our profession, Christ Jesus;
Who was faithful to him that appointed him, as also Moses was faithful in all his house.
For this man was counted worthy of more glory than Moses, inasmuch as he who hath builded the house hath more honour than the house.
For every house is builded by some man; but he that built all things is God.
And Moses verily was faithful in all his house, as a servant, for a testimony of those things which were to be spoken after;
But Christ as a son over his own house; whose house are we, if we hold fast the confidence and the rejoicing of the hope firm unto the end.
Wherefore (as the Holy Ghost saith, To day if ye will hear his voice,
Harden not your hearts, as in the provocation, in the day of temptation in the wilderness:
When your fathers tempted me, proved me, and saw my works forty years.
10 Wherefore I was grieved with that generation, and said, They do alway err in their heart; and they have not known my ways.
11 So I sware in my wrath, They shall not enter into my rest.)
12 Take heed, brethren, lest there be in any of you an evil heart of unbelief, in departing from the living God.
13 But exhort one another daily, while it is called To day; lest any of you be hardened through the deceitfulness of sin.
14 For we are made partakers of Christ, if we hold the beginning of our confidence stedfast unto the end;
15 While it is said, To day if ye will hear his voice, harden not your hearts, as in the provocation.
16 For some, when they had heard, did provoke: howbeit not all that came out of Egypt by Moses.
17 But with whom was he grieved forty years? was it not with them that had sinned, whose carcases fell in the wilderness?
18 And to whom sware he that they should not enter into his rest, but to them that believed not?
19 So we see that they could not enter in because of unbelief.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}